Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then our Father said to Moses, Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Tell Aaron and his sons to be careful with the holy offerings Israel's people dedicate to me, so they don't desecrate my holy name. I am your Father. Di Aaron avèk fis li yo pou separe yo de bagay sen ki pou fis Israël yo, ke yo dedye kon sen de Mwen yo, epi pou yo pa derespekte non sen Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
3 "Tell them: In every generation, any descendant of yours who is unclean and approaches the holy offerings Israel's people dedicate to me will be cut off from my presence. I am your Father. “Di yo ke: ‘Si nenpòt moun pami tout jenerasyon nou yo vin pwoche de bagay sen yo, ke fis Israël yo te dedye bay SENYÈ a pandan li pa pwòp, moun sa a va koupe retire devan M. Mwen se SENYÈ a.
4 "No descendant of Aaron with a skin disease or discharge may eat the holy offerings until clean. Whoever touches something unclean from a corpse, or a man who has a semen emission, “‘P ap gen yon nonm pami desandan Aaron yo ki gen lalèp oswa yon ekoulman ki kapab manje nan bagay sen yo jiskaske li vin pwòp. Konsa, si youn vin touche nenpòt bagay ki fèt pa pwòp pa yon moun mouri, oswa si yon nonm vin fè yon ekoulman,
5 or touches any swarming creature that makes him unclean, or a person who makes him unclean, whatever his uncleanness. oswa, si yon mesye vin touche nenpòt nan bèt ki trennen atè, oswa nenpòt moun ki fè l vin pa pwòp, nenpòt sa ki fè l pa pwòp;
6 Whoever touches it is unclean until evening and must not eat the holy offerings unless he has washed his body in water. ke yon moun ki touche nenpòt kalite bagay konsa va pa pwòp jis rive nan aswè, e li p ap kab patisipe nan manje nan bagay sen yo sof ke li benyen kò l nan dlo.
7 At sunset he is clean; then he may eat the holy offerings, for it is his food. Men lè solèy la kouche, li va pwòp. Konsa, apre, li ka manje nan bagay sen yo, paske se manje li.
8 He must not eat anything dead or torn by wild animals, for that makes him unclean. I am your Father. Li pa pou manje yon bèt ki mouri oswa ki chire pa lòt bèt, pou fè l vin pa pwòp.
9 Priests must keep my instructions, or bear guilt and die for treating them with contempt. I am your Father, who makes them holy. “‘Konsa, yo va kenbe lòd Mwen, pou yo pa pote peche akoz li, e mouri konsa si yo souye li. Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.
10 "No outsider may eat the holy offering; no guest or hired worker of a priest may eat it. “‘Okenn etranje pa pou manje kado sen an. Yon vwayajè k ap rete ak prèt la, oswa yon ouvriye pa pou manje nan kado sen an.
11 But if a priest buys a slave with his own money, that slave may eat it; those born in the priest's house may eat his food. Men si yon prèt achte yon esklav kòm pwòp byen pa li, avèk pwòp lajan pa li, sila a kapab manje nan li, e sila ki te ne nan kay li yo kapab manje manje li.
12 If a priest's daughter marries a non-priest, she may not eat the holy contributions. Si fi a yon prèt vin marye avèk yon moun ki pa prèt, li pa pou manje nan kado ofrann yo.
13 But if a priest's daughter is widowed or divorced, has no child, and returns to her father's house as in her youth, she may eat her father's food. No outsider may eat it. Men si fi a yon prèt vin vèv, oswa divòse, e pa gen pitit, si li vin retounen lakay papa li, tankou lè l te jèn, li va manje nan manje papa li; men moun deyò p ap kab manje li.
14 "Anyone who eats a holy offering by mistake must add a fifth of its value and give it to the priest. “‘Men si yon nonm manje yon kado sen san konnen, alò, li va mete sou fòs li yon senkyèm anplis valè li, e li va bay kado sen an bay prèt la.
15 Priests must not desecrate the holy offerings Israel's people present to me, Yo pa pou degrade kado sen ki pou fis Israël yo, ke yo ofri bay SENYÈ a,
16 and bring guilt requiring payment on them by their eating their holy offerings. For I am your Father, who makes them holy." epi konsa, fè yo pote pinisyon pou koupabilite akoz manje nan kado sen pa yo; paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
17 Then our Father said to Moses, Alò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
18 "Tell Aaron, his sons, and all Israelites: When any of you—native-born or a foreigner living in Israel—brings a burnt offering to me, to fulfill a vow or as a voluntary gift. “Pale avèk Aaron, ak fis li yo, epi tout fis Israël yo. Di yo: ‘Nenpòt moun nan kay Israël la oswa pami etranje yo nan Israël ki prezante ofrann li, sof ke se youn nan ofrann sèman yo oswa ofrann bòn volonte yo, ke yo prezante bay SENYÈ a kòm yon ofrann brile—
19 Present a male without defect from cattle, sheep, or goats, so it's accepted for you. pou nou ta aksepte li—li oblije ke se yon mal san defo ki sòti nan bèf, mouton, oswa kabrit.
20 Do not present anything with a defect, because it will not be accepted on your behalf. Nenpòt bèt ki gen defo, nou pa pou ofri li, paske li p ap akseptab pou nou.
21 When anyone brings a peace offering to me from herd or flock to fulfill an extraordinary vow or as a freewill offering, it must be flawless to be accepted—no defect in it. Lè yon moun ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a pou ranpli yon ve espesifik, oswa yon ofrann bòn volonte ki sòti nan bann mouton oswa nan twoupo, fòk li bon nèt pou l kapab aksepte. Li pa pou gen defo menm nan li.
22 Do not offer me anything blind, broken, maimed, wart-covered, scabbed, or oozing. Do not put any of these on the altar as a food offering to me. Sila ki avèg yo, ki gen zo kase, oswa donmaje yo, sila ki gen maleng ekoulman, ekzema, oswa kal yo, nou pa pou ofri yo bay SENYÈ a, ni fè yon ofrann pa dife sou lotèl bay SENYÈ a.
23 You may present an ox or sheep that's deformed or stunted as a voluntary offering, but it won't be accepted for a vow. Pou yon bèf, oswa yon jenn ti mouton ki gen youn nan manm li ki pi gwo oswa pi piti ke lòt yo, nou kapab prezante li kòm yon ofrann bòn volonte, men kòm yon ofrann ve, li p ap aksepte.
24 Don't offer me an animal with testicles bruised, crushed, torn, or cut. Don't do this in your own land. Osi, nenpòt nan yo avèk boul grenn li brize oswa kraze, chire oswa koupe, nou pa pou ofri li bay SENYÈ a, ni fè sakrifis avèk li nan peyi nou an.
25 You must not accept such animals from a foreigner to offer as your Father's food, since they are deformed and defective—they will not be accepted for you." Ni nou p ap aksepte anyen ki konsa nan men a yon etranje kòm yon ofrann manje pou Bondye nou an, paske yo konwonpi. Yo gen defo. Yo pa pou aksepte pou nou.’”
26 Then our Father said to Moses, Konsa, SENYÈ a te pale a Moïse e te di:
27 "When a calf, lamb, or goat is born, it stays with its mother seven days; from the eighth day on, it is acceptable as a food offering to me. “Lè yon bèf oswa yon mouton, oswa yon kabrit vin fèt, li va rete pandan sèt jou avèk manman li. Men depi nan uityèm jou a, li va vin aksepte kòm yon sakrifis pou yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
28 Do not slaughter a cow or a sheep and its young on the same day. Menm si se yon bèf, oswa yon mouton, nou pa pou touye li ansanm avèk pitit li nan yon sèl jou.
29 "When you sacrifice a thank offering to me, sacrifice it so you'll be accepted. “Lè nou ofri yon sakrifis pou remèsiman bay SENYÈ a, nou va fè sakrifis la yon jan pou l aksepte.
30 It must be eaten that same day; leave none of it until morning. I am your Father. Li va manje nan menm jou a, nou pa pou kite anyen de li pou rive jis nan maten. Mwen se SENYÈ a.
31 "Keep my commands and follow them. I am your Father. “Konsa nou va kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.
32 Do not desecrate my holy name; I must be honored as holy among the Israelites. I am your Father, who makes you holy, Nou pa pou degrade non sen Mwen an, men Mwen va sen pami fis Israël yo. Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an,
33 and who brought you out of Egypt to be your Father. I am your Father." ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la, pou vin Bondye nou. Mwen se SENYÈ a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]