Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di:
2 "Speak to the Israelites and tell them: My appointed feasts, which you are to proclaim as holy gatherings—these are my appointed feasts. “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.
3 "Six days work may be done; the seventh is a sabbath of complete rest, a holy gathering—do no work at all. It is my sabbath, wherever you live. “‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.
4 "These are my appointed feasts, the holy gatherings that you are to proclaim at their appointed times. “‘Sa yo se lè fèt chwazi pou SENYÈ a, konvokasyon sen ke nou va pwoklame nan lè ki apwente pou yo.
5 In the first month, on the fourteenth day of the month at twilight, is my Passover. Nan premye mwa nan katòzyèm jou mwa a, avan l fènwa, se Pak SENYÈ a.
6 On the fifteenth day of that month is my Feast of Unleavened Bread; eat unleavened bread seven days. Alò, nan kenzyèm jou nan menm mwa sa a, fèt Pen San Ledven pou SENYÈ a ap fèt. Pandan sèt jou, nou va manje pen san ledven.
7 On the first day hold a holy gathering; do no ordinary work. Nan premye jou a, nou va gen yon konvokasyon sen. Nou p ap fè okenn travay di.
8 Present a food offering to me for seven days. The seventh day is a holy gathering—do no ordinary work." Men pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan setyèm jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di.’”
9 Our Father spoke to Moses, saying: Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
10 "Speak to the Israelites and say to them: When you enter the land I am giving you and reap its harvest, bring the priest a sheaf of the first of your harvest. “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou antre nan peyi ke Mwen ap bannou pou fè rekòlt li a, alò, nou va pote premye pake a kòm premye fwi rekòlt la bay prèt la.
11 He will wave the sheaf before me for your acceptance; the priest will wave it the day after the Sabbath. Li va fè sign voye pake a anlè devan SENYÈ a pou nou, pou l kapab aksepte. Nan jou apre Saba a, prèt la va voye li anlè.
12 The day you wave the sheaf, offer me a flawless year-old male lamb as a burnt offering, Alò, nan jou lè nou voye pake a anlè a, nou va ofri yon jenn mouton ki gen laj ennan(1 an) ki san defo pou yon ofrann brile bay SENYÈ a.
13 with its grain offering—about four quarts of fine flour mixed with oil, a food offering to me, a pleasing aroma—and its drink offering, about a quart of wine. Ofrann sereyal li, alò, va 2 dizyèm yon efa farin melanje avèk lwil, yon ofrann pa dife bay SENYÈ a, yon bagay santi bon, avèk ofrann bwason li, yon ka in diven.
14 Eat no bread, roasted grain, or fresh grain until this day, until you bring your Father's offering. This is a lasting statute for all generations, wherever you live. Jis rive nan jou sa a, jiskaske nou pote ofrann Bondye nou an, nou pa pou manje ni pen, ni sereyal boukannen, ni nouvo tij vèt. Sa dwe rete yon règleman ki la pou tout tan pami tout jenerasyon nou yo, nan tout domisil nou yo.
15 "Count off seven full weeks from the day after the Sabbath, the day you brought the wave-offering sheaf. “‘Nou va osi kontwole pou kont nou sèt jou Saba yo, soti nan jou ke nou te pote premye pake ofrann voye anlè a: va gen sèt Saba konplè.
16 Count fifty days, until the day after the seventh Sabbath, then bring me a new grain offering. Nou va kontwole senkant jou jis rive nan jou apre setyèm Saba a, epi nou va prezante yon ofrann sereyal nèf bay SENYÈ a.
17 From your homes, bring two loaves of fine flour, about four quarts, baked with yeast, as a wave offering of firstfruits to me. Nou va pote soti nan domisil nou yo de (2) pen kòm yon ofrann voye anlè, ki fèt avèk de dizyèm yon efa. Yo va fèt avèk farin fen, kwit avèk ledven kòm premye fwi bay SENYÈ a.
18 With the bread, present seven flawless year-old lambs, one young bull, and two rams. They are a burnt offering to me, with their grain and drink offerings—a food offering, a pleasing aroma to me. Ansanm avèk pen an, nou va prezante sèt jenn mouton nan laj 1 nan, mal san defo, ak yon towo twoupo avèk de belye. Yo dwe yon ofrann brile bay SENYÈ a, avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason pa yo, yon ofrann pa dife ki dous e santi bon a SENYÈ a.
19 Offer one male goat as a sin offering, and two year-old male lambs as a sacrifice of peace offerings. Nou va osi ofri yon mal kabrit kòm yon ofrann peche, ak de mal mouton ki gen laj 1 nan kòm yon sakrifis ofrann lapè.
20 The priest will wave them, with the bread of firstfruits and two lambs, as a wave offering before me. They are holy to me, for the priest. Konsa, prèt la va voye yo anlè avèk pen premye fwi yo kòm yon ofrann voye anlè avèk de jenn mouton yo devan SENYÈ a. Yo dwe sen a SENYÈ a pou prèt la.
21 Proclaim this same day, hold a holy gathering, and do no ordinary work. This is a lasting statute wherever you live, generation after generation. Nan menm jou sa a, nou va osi fè yon pwoklamasyon ke nou va gen yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay di. Se yon règleman pou tout tan nan tout domisil nou yo pandan tout jenerasyon nou yo.
22 "Don't reap your field's edges bare or gather the gleanings when you harvest your land. Leave them for the poor and the foreigner. I am your Father." “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
23 Our Father spoke to Moses, saying: Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
24 "Tell the Israelites: on the first day of the seventh month, keep a day of complete rest, a memorial of trumpet blasts, a holy gathering. “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va fè yon repo, yon tan pou sonje avèk son twonpèt yo, yon konvokasyon sen.
25 Do no regular work; present me a food offering." Nou pa pou fè okenn travay di, men nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.’”
26 Our Father spoke to Moses, saying: SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
27 "The tenth day of this seventh month is the Day of Atonement—hold a holy gathering, deny yourselves, and bring me a food offering. Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
28 Do no work on that very day—it's the Day of Atonement, to atone for you before me, your Father. Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an.
29 Anyone who does not deny himself on that very day must be cut off from his people. Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a.
30 Anyone doing any work on that very day, I will destroy that person from among his people. Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a.
31 Do no work at all—a lasting statute, generation to generation, wherever you live. Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo.
32 This is a sabbath of complete rest for you; deprive yourselves. From evening on the ninth of the month until the next evening, keep your sabbath." Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.
33 Our Father spoke to Moses, saying: Ankò SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
34 "Tell the Israelites: On this seventh month's fifteenth day, my Feast of Tabernacles begins, lasting seven days. “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.
35 The first day: a holy gathering. Do no ordinary work. Nan premye jou a, se yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn kalite travay ki di.
36 Seven days, present food offerings to me. On the eighth day hold a holy gathering and present a food offering to me—a solemn assembly. Do no ordinary work. Pandan sèt jou, nou va prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Nan uityèm jou a, nou va fè yon konvokasyon sen e prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. Se yon asanble solanèl. Nou pa pou fè okenn travay di.
37 "These are my appointed times, which you are to proclaim as holy gatherings, presenting food offerings to me—burnt offering and grain offering, sacrifice and drink offerings—each on its own day, “‘Sa yo se lè chwazi SENYÈ a ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen, pou prezante ofrann dife bay SENYÈ a—ofrann brile ak ofrann sereyal yo, sakrifis yo avèk ofrann bwason yo, zafè chak jou nan pwòp jou pa li—
38 besides my Sabbaths, besides your gifts, all your vow offerings, and all your voluntary offerings you give me. apati Saba sila ki pou SENYÈ yo, apati kado nou yo, apati tout ofrann ve avèk ofrann bòn volonte ke nou bay SENYÈ yo.
39 "So on the fifteenth day of the seventh month, once you've gathered the land's produce, celebrate my feast seven days: the first day a complete rest, the eighth day a complete rest. “‘Byen jis nan kenzyèm jou nan setyèm mwa a, lè nou gen tan antre rekòlt nan peyi a, nou va fete fèt ki pou SENYÈ a pandan sèt jou. Nou va fè yon repo solonèl nan premye jou a, e yon repo solonèl nan uityèm jou a.
40 On the first day, take fruit of majestic trees, palm fronds, leafy branches, and willows of the brook, and rejoice before me, your Father, seven days. Alò, nan premye jou a, nou va pran pou nou menm fèy ki sòti nan pyebwa ki bèl yo, branch pal yo avèk branch nan pyebwa ki gen fèy yo, pyebwa ki pann sou kote rivyè a ak ti dlo yo, e nou va rejwi devan SENYÈ a Bondye nou an pandan sèt jou.
41 Celebrate it as my feast seven days each year, a lasting statute for your generations; celebrate it in the seventh month. Nou va selebre li konsa kòm yon fèt bay SENYÈ a pandan sèt jou nan ane a. Sa va yon règleman k ap dire nèt pandan tout jenerasyon nou yo. Nou va selebre li nan setyèm mwa a.
42 Live in booths seven days; every native Israelite is to live in booths, Nou va viv nan tonèl yo pandan sèt jou. Tout natif Israël yo va viv nan tonèl yo,
43 so your descendants may know I made the Israelites live in booths when I brought them out of Egypt. I am your Father." pou jenerasyon nou yo kapab vin konnen ke fis Israël yo te viv nan tonèl lè Mwen te mennen yo, fè yo sòti nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
44 So Moses announced to the Israelites the appointed feasts of our Father. Se konsa Moïse te deklare a fis Israël yo tout lè ki te deziye pa Bondye yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]