Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses: SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Command the Israelites to bring you pure, crushed olive oil for the light, to keep a lamp burning continually. Kòmande fis Israël yo pou yo pote bay ou lwil klè ki sòti nan oliv ki te bat yo, pou limyè, pou fè lanp lan briye san rete.
3 Outside the testimony's curtain in the tent of meeting, Aaron is to tend it before me from evening to morning, continually—a lasting law for your generations. Deyò vwal temwayaj tant asanble a, Aaron va kenbe li an lòd soti nan aswè rive jis nan maten devan SENYÈ a pou tout tan. Sa va yon règleman pandan tout jenerasyon nou yo.
4 On the pure lampstand he must tend the lamps before me continually. Li va kenbe lanp an lòd sou chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan.
5 "Take fine flour and bake twelve loaves, each about four and a half pounds of flour. Konsa, nou va pran farin fen an e fè douz gato avèk li: de dizyèm pati yon efa va sèvi nan chak gato.
6 Arrange them in two rows, six to a row, on the pure table before me. Nou va mete yo nan de ranje, sis nan chak ranje, sou tab lò san tach ki devan SENYÈ a.
7 Put pure frankincense on each row as the bread's memorial portion, a food offering to me. Nou va mete lansan san tach nan chak ranje pou li kapab yon pati komemoratif pou pen an, menm yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.
8 Every Sabbath he must arrange it before me continually, from the Israelites, a lasting covenant. Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo.
9 It belongs to Aaron and his sons, who must eat it in a holy place; it is a most holy portion for him from my food offerings, their permanent share." Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofran ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.
10 The son of an Israelite woman, whose father was Egyptian, went out among the Israelites; the Israelite woman's son fought with an Israelite man in the camp. Alò, fis a yon famn Izrayelit avèk yon papa Ejipsyen, te sòti pami fis Israël yo. Konsa, fis a fanm Izrayelit la ak yon mesye peyi Israël te lite youn avèk lòt nan kan an.
11 The son of the Israelite woman blasphemed the Name with a curse, and they brought him to Moses. His mother was Shelomith, daughter of Dibri, of the tribe of Dan. Fis a fanm Izrayelit la te blasfeme Non Bondye a e li te bay madichon. Pou sa, yo te mennen li vè Moïse. Alò manman li te rele Schelomith, fi a Dibri nan tribi Dan nan.
12 They put him in custody until our Father made his will clear to them. Yo te arete li pou lòd SENYÈ a ta kapab vin klè a yo menm.
13 Then our Father spoke to Moses: Alò SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di:
14 "Bring the one who cursed outside the camp. Let all who heard lay their hands on his head, then let the whole congregation stone him. “Mennen sila ki te bay madichon an deyò kan an, kite tout moun ki te tande li yo vin poze men sou tèt li; epi kite tout asanble a lapide li avèk kout wòch.
15 Tell the Israelites: Whoever curses our Father will bear their sin. Ou va pale avèk fis Israël yo e di: ‘Si yon moun modi Bondye li a, alò, li va pote peche li.
16 Whoever blasphemes my name must die—the whole community must stone him. Foreigner and native-born alike: whoever blasphemes the Name must die. Anplis, sila ki blasfeme non a SENYÈ a va vrèman vin mete a lanmò. Tout asanble a va vrèman lapide li. Etranje oswa natif, lè li blasfeme Non Bondye, li va vin mete a lanmò.
17 "Whoever kills any person must be put to death. “‘Si yon nonm pran lavi a yon Kretyen vivan, li va vrèman vin mete a lanmò.
18 Whoever kills an animal must make restitution for it, life for life. Sila ki pran lavi a yon bèt va fè l bon, lavi pou lavi.
19 If anyone injures their neighbor, the same must be done to them: Si yon nonm blese vwazen li, menm sa ke li te fè a, va fèt a li menm:
20 Fracture for fracture, eye for eye, tooth for tooth: as one injures another, so it is done to him. zo kase pou zo kase, zye pou zye, dan pou dan. Menm jan ke li te blese yon moun, se konsa ke li va fèt sou li menm.
21 Whoever kills an animal repays for it; whoever kills a person is put to death. Konsa, sila ki touye yon bèt va fè li bon, men sila ki touye yon moun va vin mete a lanmò.
22 The same law applies to the foreigner and to the native-born alike, for I am your Father." Va gen yon sèl règleman pou nou. Li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”
23 Moses told the Israelites; they took the one who had cursed outside the camp and stoned him with stones. The Israelites did as our Father commanded Moses. Konsa, Moïse te pale a fis Israël yo. Yo te mennen sila ki te modi a deyò kan an, e yo te lapide li avèk kout wòch. Konsa fis Israël yo te fè, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]