Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses on Mount Sinai, saying: Alò, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di:
2 "Speak to the Israelites and say to them: When you enter the land I am giving you, the land is to keep a sabbath rest to me. “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a.
3 For six years sow your field, six years prune your vineyard and gather its fruit. Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li,
4 But the seventh year is a sabbath of full rest for the land, a sabbath to me—don't sow your field or prune your vineyard. men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an.
5 Don't reap what grows on its own, or gather grapes from your unpruned vine; the land gets a year of complete rest. Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba.
6 The land's sabbath will feed you—yourself, your male and female servants, hired hand, and the foreigner living with you, Konsa, nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo.
7 and for your livestock and the wild animals in your land—all it yields is food. Menm bèf nou yo avèk bèt ki nan peyi a va gen tout pwodwi li kòm manje.
8 "You are to count seven sabbaths of years, seven times seven years, making forty-nine years in all. “‘Nou dwe osi kontwole sèt Saba pa lane yo pou nou menm; sèt fwa sèt ane, jiskaske nou kontwole tan ke sèt Saba nan Saba ekoule yo; otreman, karant-nèf ane.
9 Blow the ram's horn in blasts on the tenth day of the seventh month; on the Day of Atonement, sound it throughout all your land. Alò, lè lè sa a rive nou va sone kòn belye a toupatou nan dizyèm jou nan setyèm mwa a. Nan jou ekspiyasyon an, nou va sone yon kòn toupatou nan peyi a.
10 Make the fiftieth year holy: proclaim freedom in the land for all its residents. It is a jubilee for you—each returns to their property, each to their family. Se konsa, nou va konsakre senkantyèm ane a e pwoklame remisyon toupatou nan peyi a, a tout abitan li yo. Li va yon jibile pou nou, e nou chak va retounen nan pwòp teren pa nou ak pwòp fanmi pa nou.
11 The fiftieth year is your jubilee: sow nothing, reap no self-grown grain, gather no untended vines. Nou va gen senkantyèm ane a kòm yon ane jibile. Nou pa pou plante, ni rekòlte sa ki grandi konsa nan tè, ni ranmase fwi ki sòti nan branch ki pa t netwaye yo.
12 For it is a jubilee; it is to be holy to you. Eat only what the field produces. Paske se yon jibile; li va sen pou nou. Nou va manje pwodwi li ki sòti nan chan an.
13 "In this Year of Jubilee each of you are to return to your own property. “‘Nan ane jibile sila a, nou chak va retounen nan pwòp tè pa nou.
14 "If you sell or buy from your neighbor, do not cheat one another. “‘Anplis, si nou fè lavant bay zanmi nou, oswa achte nan men zanmi nou, nou pa pou fè tò a youn lòt.
15 Buy from your neighbor by the years since the jubilee; he sells to you by the years of harvests. Konsènan nonb ane apre jibile yo, konsa, nou va achte nan men zanmi nou. Li dwe vann nou selon nonb ane rekòlt yo ki rete.
16 Raise the price for more years, lower it for fewer, since he's selling you a number of harvests. Nan menm fòs ane ki rete yo, nou va ogmante pri a, e nan menm fòs ane ki manke yo, nou va redwi pri a, paske li se fòs rekòlt ki rete ke l ap vann ou an.
17 You shall not wrong one another, but you are to fear your Father, for I am your Father. Konsa, pinga nou fè tò a youn lòt, men nou va krent Bondye nou an; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
18 "Follow my statutes, keep my rules, and obey them, and you will live securely in the land. “‘Se konsa ke nou va obsève règleman Mwen yo e kenbe jijman Mwen yo, pou akonpli yo, pou nou kapab viv an sekirite sou tè a.
19 The land will yield its fruit, and you will eat your fill and dwell in it securely. “‘Konsa, tè a va donnen pwodwi li pou nou kapab manje vant plen, e viv an sekirite sou tè a.’”
20 If you ask, 'What will we eat in the seventh year, since we won't sow or gather our produce?' “Men si nou ta di: ‘Kisa n ap manje nan setyèm ane a si nou pa ni plante ni rekòlte rekòlt nou yo? Gade byen, nou pa p semen, ni rasanble pwodwi nou;’
21 I will command my blessing on you in the sixth year, yielding crop for three years. alò, Mwen va tèlman regle benediksyon Mwen yo pou nou nan sizyèm ane a, pou li kab pote yon rekòlt twazan.
22 You will plant in the eighth year but still eat old crop; until the ninth year's harvest comes in, you will eat the old. Lè nou ap plante nan uityèm ane a, nou kapab toujou manje ansyen bagay a rekòlt yo, e nou va kontinye manje vye a jis rive nan nevyèm ane a lè rekòlt pa li kòmanse antre a.
23 "The land must not be sold permanently, for it is mine; for you are only foreigners and temporary residents with me. “Tè a, anplis, pa pou vann nèt, paske tè a se pa M; paske nou se sèlman etranje k ap demere avè M.
24 Throughout the land you possess, you are to grant a right of redemption for the land. Konsa, nan chak mòso tè ke nou posede, fòk nou fè pwovizyon pou peye ranson tè a.
25 "If your brother becomes poor and sells part of his land, his nearest redeemer must come redeem what his brother sold. “Si yon moun peyi parèy nou an vin tèlman pòv ke li oblije vann yon pati nan tè li a, alò, se fanmi pi pre li a ki dwe peye ranson ke manm fanmi li te vann nan.
26 If a man has no redeemer but prospers and finds enough to redeem it, Oswa nan ka a yon moun ki pa gen fanmi, men ki tèlman regle zafè li pou twouve ase mwayen pou peye ranson an,
27 he calculates the years since the sale, returns the balance to the buyer, and returns to his property. alò, li va kalkile ane yo soti lè li te vann nan, e remèt fòs balans sa a moun ke li te vann li an. Konsa li va retounen vin pwòp teren pa l.
28 But if he lacks means to repay him, what he sold stays with the buyer until Jubilee; it releases then, and he returns to his property. Men si li poko twouve ase mwayen pou reprann li pou kont li, alò, sa ke li te vann nan, va rete nan men a sila ki achte li a jis rive nan ane jibile a. Men nan jibile a, li va libere, pou li kapab retounen kon pwòp tè pa li.
29 "If someone sells a house in a walled city, redemption rights last a full year from the sale. For that whole year the seller keeps this right. “Menm jan an, si yon mesye vann yon kay nan yon vil ki antoure avèk miray, alò, dwa pou peye ranson pa l la va dire pou tout 1 nan.
30 If not redeemed within a full year, the house in the walled city belongs to its buyer permanently, generation after generation; it isn't released at the jubilee. Men si li pa peye ranson li an nan 1 nan ki ekoule a, alò, kay ki nan vil antoure avèk miray la va pase nèt bay sila ki te achte li pou tout jenerasyon li yo. Li p ap remèt nan jibile a.
31 Houses in villages without walls count as open fields; they may be redeemed and go free at Jubilee. Men kay nan vil ki pa antoure avèk miray yo va konsidere kòm chan ouvri; yo gen dwa peye ranson an e yo va remèt nan jibile a.
32 "The Levites may always redeem the houses in the Levite cities they possess. “Men nan vil ki pou Levit yo, Levit yo gen yon dwa pèmanan pou peye ranson nan vil ki se posesyon pa yo.
33 If a Levite doesn't redeem it, the house sold in his city is released at jubilee, for houses in Levite cities are their property among Israel. Konsa, sa ki pou Levit yo kapab peye ranson e yon vant kay nan vil posesyon sila a va remèt nan jibile a. Paske vil Levit yo se posesyon pa yo pami fis Israël yo.
34 But the pasture fields around their cities cannot be sold; they are their permanent possession. Men chan pou bèt nan vil pa yo pa pou vann, paske sa se posesyon pa yo pou tout tan.
35 "If your brother becomes poor and cannot support himself among you, help him like a foreigner or resident, so he may live among you. “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou.
36 Charge him no interest or profit, but fear your Father, so your brother may live alongside you. Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou.
37 You shall not lend him your money at interest or give him your food for profit. Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.
38 I am your Father, who brought you out of Egypt to give you Canaan and be your Father. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an pou M kapab Bondye nou.
39 "If your brother beside you becomes poor and sells himself to you, don't make him work as a slave. “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj.
40 He will be with you as a hired worker, as a resident, serving with you until Jubilee Year. Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a.
41 Then he and his children go free from you, returning to his clan and ancestral property. Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan teren zansèt li yo.
42 For they are my servants, whom I brought from Egypt; they must not be sold as slaves are sold. Paske yo se sèvitè Mwen ke Mwen te mennen sòti nan peyi Égypte la. Yo pa pou vann kon vant esklav la.
43 You shall not rule over him harshly, but you are to fear your Father. Nou pa pou domine li avèk severite, men onore Bondye nou an.
44 "As for your male and female slaves: you may buy them from the nations around you. “Selon esklav, mal ak femèl ke petèt nou kapab gen,—-nou kapab jwenn esklav mal ak femèl nan nasyon payen ki antoure nou yo.
45 Also buy from the foreign residents among you, and from their families with you, born in your land; they become your property. Alò, osi, se soti nan fis a demere k ap viv pami nou yo, ke nou kapab vin genyen yo, e ladann nan fanmi pa yo ki avèk nou, ke yo va gen tan pwodwi nan peyi nou; yo menm osi kapab devni posesyon pa nou.
46 You may leave them to your children as inherited property, holding them for life. But over your fellow Israelites you must not rule harshly, one over another. Nou kapab menm sede a fis apre nou yo, pou resevwa yo kòm yon posesyon. Nou kapab sèvi yo kòm esklav pou tout tan. Men pou moun peyi nou an, nou pa pou domine avèk severite youn sou lòt.
47 "If a foreigner or resident among you prospers and your brother becomes poor beside him, selling himself to the foreigner or to a branch of the foreigner's family, “Alò, si mwayen a yon etranje, oswa yon demere avèk nou vin rich, e yon moun peyi parèy a nou an vin tèlman pòv ke li vin vann tèt li bay yon etranje ki demere pami nou, oswa desandan a yon fanmi etranje,
48 he may be redeemed after he has sold himself. One of his brothers may redeem him. alò, li va gen dwa peye ranson nan moman li fenk vann nan. Youn nan frè li yo kapab peye ranson li an,
49 His uncle or cousin may redeem him, or a close relative from his clan may redeem him; or if he affords it, he redeems himself. oswa tonton li, oswa fis tonton li, kapab peye ranson li an, oswa si li vin pwospere, li kapab peye ranson an pou pwòp tèt li.
50 He and his buyer is to reckon from the year he sold himself to the Jubilee; the price follows the years, like a hired worker's wage. Konsa, li menm avèk sila ki te achte li a, va kalkile ansanm soti nan ane ke li te vann tèt li bay li menm nan jis pou rive nan jibile a. Pri lavant li an va koresponn a nonb ane ke li te avèk li yo. Se tankou jou a yon jounalye ke li va avèk li.
51 If many years remain, he refunds a proportionate amount of his purchase price as his redemption payment. Si gen toujou anpil ane, li va remèt yon pati nan pri lavant lan pou kouvri yo pou peye pwòp ranson pa li.
52 If few years remain until Jubilee, he must calculate and refund his redemption price accordingly. Si se pa anpil ane ki rete pou rive nan ane jibile a, li va kalkile sa avèk li. Selon ane ki rete yo li va remèt menm fòs la pou pri ranson an.
53 He is to be with him as one hired year by year, not ruled over harshly in your sight. Menm tankou yon ouvriye ki anplwaye ane pa ane li va konsa avèk li. Li p ap domine sou li avèk severite devan zye nou.
54 If he isn't redeemed this way, he and his children go free together in the Jubilee Year. “Menm si li pa peye ranson an pa mwayen sila yo, li va toujou sòti nan ane jibile a, li menm avèk fis li yo avè l.
55 Israel's people are my servants, whom I brought out of Egypt. I am your Father." Paske fis Israël yo se sèvitè Mwen; yo se sèvitè Mwen ke M te mennen fè sòti nan peyi Égypte yo. Mwen se Senyè a, Bondye nou an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]