Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "You must not make worthless idols for yourselves, set up a carved image or sacred pillar, or place a sculpted stone in your land to bow down to it; for I am your Father. “Nou pa pou fè pou nou menm zidòl, ni nou pa pou mete an plas pou nou menm yon imaj, oswa yon pilye sakre. Ni nou pa pou plase yon wòch taye nan okenn fòm pou bese devan li; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
2 "You are to keep my Sabbaths and revere my sanctuary; I am your Father. “Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
3 "If you walk in my statutes and keep my commandments and carry them out, “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo,
4 I will give rain in its season; the land will yield its produce, and the field's trees their fruit. konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo.
5 Threshing will reach the grape harvest, and the grape harvest will reach sowing; you will eat your bread to the full and live securely in your land. Anverite, bat grenn chan nou va dire jis tan pou ranmase rezen yo, e ranmase rezen yo va dire jis rive nan tan semans lan. Nou va konsa manje manje nou vant plen nèt, e viv ansekirite nan peyi nou.
6 "I will give peace in the land; you will lie down with nothing to frighten you. I will remove harmful animals from the land, and no sword will pass through your land. “Mwen va osi bay lapè nan peyi a, pou nou kapab kouche san okenn moun pa fè nou tranble. Osi mwen va retire bèt sovaj nan peyi a, e okenn nepe p ap pase nan peyi nou.
7 You will chase your enemies, and they will fall before you by the sword. Men nou va kouri dèyè lènmi nou yo, e yo va tonbe devan nou pa nepe.
8 Five of you will chase 100, one hundred of you will chase 10,000; your enemies will fall before you by the sword. Senk nan nou va chase yon santèn, san nan nou va chase di-mil, e lènmi nou yo va tonbe devan nou pa nepe.
9 "I will turn to you, make you fruitful, multiply you, and confirm my covenant with you. “Konsa, Mwen va vire vè nou pou fè nou donnen anpil fwi. Mwen va miltipliye nou, e Mwen va asire akò Mwen avèk nou.
10 You'll still be eating old, long-stored grain, clearing it out to make room for new. Nou va manje nan ansyen depo a, e nou va netwaye ansyen an akoz nèf la.
11 I will set my dwelling among you, and my heart will not reject you. Anplis, Mwen va fè domisil Mwen pami nou, e nanm Mwen p ap rejte nou.
12 I will walk among you and be your Father, and you will be my children. Mwen va osi mache pami nou, Mwen va Bondye nou, e nou va pèp Mwen.
13 I am your Father, who brought you out of the land of Egypt so you would no longer be the Egyptians' slaves. I broke your yoke's bars and made you walk upright. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou nou pa t esklav pa yo. Mwen te kase fè esklavaj nou an, e Mwen te fè nou mache kanpe dwat.
14 "But if you will not listen to me and will not carry out all these commandments, “Men si nou pa obeyi Mwen e pa akonpli tout kòmandman sa yo,
15 if you reject my statutes and your soul despises my rules, not doing all my commandments but breaking my covenant, si, okontrè, nou rejte règleman Mwen yo, si nanm nou rayi òdonans sa yo pou li pa vin akonpli tout kòmandman Mwen yo, e kraze akò Mwen yo,
16 then I too will do this to you: I will bring on you sudden terror, wasting disease and fever that destroy the eyes and drain life. You will sow your seed for nothing, for your enemies will eat it. anretou, men kisa Mwen va fè nou: Mwen va apwente sou nou sibitman yon gwo twoub, yon maladi epwizan avèk lafyèv ki va gate zye nou, e fè nanm nan chagren. Konsa, nou va simen grenn nou yo san reyisi, paske se lènmi nou yo ki va manje li.
17 I will set my face against you: you will be struck down before your enemies, those who hate you will rule you, and you will flee though none pursue you. Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.
18 "Even after this, if you still won't listen, I will discipline you seven times over for your sins, “Si menm apre bagay sa yo, nou pa vin obeyi Mwen, alò Mwen va pini nou sèt fwa anplis pou peche nou yo.
19 I will break your proud strength, and make your sky like iron and your ground like bronze. Mwen va anplis, kase awogans pouvwa nou. Mwen va fè syèl la tankou fè, e tè a tankou bwonz.
20 Your strength will be spent for nothing: your land won't yield its produce, and the land's trees won't yield their fruit. Fòs ou va depanse san valè; latè ou p ap pwodwi, ni pyebwa yo p ap donnen fwi.
21 "If you walk against me and refuse to listen to me, I will add blows seven times over for your sins. ‘Si konsa, ou aji ak ostilite kont Mwen, e refize obeyi M, Mwen va ogmante gwo maladi ak dezas yo sèt fwa, selon peche nou yo.
22 I will send wild animals against you. They will rob you of your children, wipe out your livestock, reduce you to few, and empty your roads. “Mwen va lage pami nou bèt sovaj chan yo ki va rache pitit nou yo nan men nou, detwi bèt nou yo e redwi fòs kantite moun nou jis pou wout nou yo rete abandone.
23 "If even this doesn't turn you back to me, and you keep walking against me, “Epi si, nan tout bagay sa yo nou pa vire bò kote M, men aji avèk ostilite kont Mwen,
24 then I too will walk against you and strike you, I too, seven times for your sins. alò, Mwen va aji avèk ostilite kont nou. Mwen, Mwen menm, Mwen va frape nou sèt fwa pou peche nou yo.
25 I will bring a sword against you, avenging the covenant. When you gather into your cities, I will send plague among you, and you will be given into the enemy's hand. Osi, Mwen va mennen sou nou yon nepe ki va egzekite vanjans pou akò a. Lè nou reyini ansanm nan vil nou yo, Mwen va voye epidemi sou nou, pou nou vin livre nan men lènmi nou yo.
26 When I break your supply of bread, ten women will bake it in one oven and dole it out by weight—you'll eat and stay unsatisfied. Lè Mwen kase pen pami nou, dis fanm va kwit pen nou nan yon sèl fou, e yo va mennen retounen pen nou nan pati ki mezire nan balans lan, pou nou manje, men pa pou nou satisfè.
27 "And if in spite of this you will not listen to me but keep walking against me, “Men si, malgre tout sa, nou pa obeyi Mwen, men aji avèk ostilite kont Mwen,
28 then I will walk against you in fury, and discipline you myself seven times over for your sins. alò, Mwen va aji avèk ostilite ak vanjans kont nou. Mwen va pini nou sèt fwa pou peche nou yo.
29 You will eat the flesh of your sons, and you will eat the flesh of your daughters. Anplis nou va manje chè a fis nou yo e chè a fi nou yo, n ap manje.
30 I will destroy your high places, cut down your incense altars, pile your corpses on your idols' corpses, and my very being will detest you. Mwen va detwi wo plas yo, koupe lotèl lansan yo, e fè gwo pil ak retay kò nou sou retay zidòl nou, paske nanm Mwen va rayi nou.
31 I will turn your cities to ruins, devastate your sanctuaries, and not smell your soothing aromas. Anplis, Mwen va kraze vil nou yo; Mwen va fè sanktyè nou yo vin dezè, e Mwen p ap dakò santi sant dous nou yo.
32 I myself will make the land desolate; your enemies who settle there will be appalled by it. Mwen va fè peyi a dezole jiskaske lènmi nou ki vin viv ladan yo a va chagrin sou sa.
33 I will scatter you among the nations and draw a sword after you; your land will become desolate and your cities a ruin. Men nou, Mwen va gaye nou pami nasyon yo, e Mwen va rale yon nepe parèt dèyè nou, pandan peyi nou an vin dezè e vil nou yo vin kraze.
34 Then the land will enjoy its Sabbaths all the days of its desolation, while you are in your enemies' land; then it will rest and enjoy its Sabbaths. Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo.
35 All the days it lies desolate, it rests—the rest it lacked during your Sabbaths while you lived there. Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan.
36 "Those of you who remain—I will put weakness in their hearts in their enemies' lands. A wind-driven leaf's sound will chase them; they'll flee as from a sword and fall though no one chases. “Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.
37 They'll stumble over each other as if fleeing a sword, with no one chasing, and have no strength to stand before your enemies. Se konsa yo va manke tonbe youn sou lòt, kòmsi yo t ap kouri kite nepe, malgre pèsòn pa dèyè yo. Nou p ap gen fòs pou kanpe devan lènmi nou yo.
38 You will perish among the nations, and the land of your enemies will swallow you up. Men nou va peri pami nasyon yo, e peyi lènmi nou yo va manje nou.
39 Those left among you will waste away in their guilt in your enemies' lands; also, for their fathers' guilt, they will waste away with them. Epi sila ki lese dèyè yo va pouri gate akoz inikite pa yo nan peyi a lènmi pa nou an; epi osi, akoz inikite zansèt pa yo, ak enfidelite ke yo te komèt nan peyi lènmi nou yo; anplis, akoz inikite a papa zansèt pa yo, yo va vin pouri ansanm avèk yo.
40 "But if they confess their guilt and their fathers' guilt, in the treachery they committed against me, and also that they walked in hostility toward me, “Si yo konfese inikite pa yo, ak inikite zansèt yo, nan enfidelite ke yo te komèt kont Mwen yo, ak jan yo aji avèk ostilite kont Mwen an—
41 so that I too walked against them, bringing them into their enemies' land—if then their uncircumcised heart humbles itself and they pay for their guilt, Mwen te aji osi avèk ostilite kont yo, pou mennen yo nan peyi lènmi yo—oubyen si kè ensikonsi yo a ta vin imilye pou yo kapab, answit, aksepte pinisyon pou inikite yo a.
42 I will remember my covenant with Jacob, also my covenant with Isaac, also my covenant with Abraham, and I will remember the land. Nan lè sa a, Mwen va sonje akò Mwen avèk Jacob, Mwen va sonje osi akò Mwen avèk Isaac, ni akò Mwen avèk Abraham, e Mwen va sonje peyi a.
43 The land will be abandoned by them, enjoying its Sabbaths while desolate without them; they will pay for their guilt, because they despised my rules and their heart rejected my statutes. Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo.
44 Even so, while they're in their enemies' land, I won't despise or reject them to the point of destroying them and breaking my covenant with them, for I am their Father. Men malgre tout sa, lè yo nan peyi lènmi yo, Mwen p ap rejte yo, ni Mwen p ap meprize yo tèlman pou detwi yo e kase akò Mwen avèk yo; paske Mwen se SENYÈ a, Bondye pa yo a.
45 For them I will remember the covenant with their ancestors, whom I brought out of the land of Egypt before the eyes of the nations, to be their Father: I am your Father." Men Mwen va sonje yo pou akò avèk zansèt yo a, ke M te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte devan zye a tout nasyon yo, pou Mwen ta kapab vin Bondye pa yo. Mwen se SENYÈ a.”
46 These are the statutes, rules, and laws our Father gave between himself and Israel's people on Mount Sinai, by Moses. Sa yo se règleman avèk òdonans avèk lwa ke SENYÈ a te etabli antre Li menm ak fis Israël yo pa Moïse nan Mòn Sinai a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]