Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: Ankò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 "Speak to Israel: When anyone makes a special vow to me, dedicating a person by their equivalent value, “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Lè yon nonm fin fè yon ve ki difisil, li va valorize selon valè moun nou ki apatyen a SENYÈ a.
3 if the valuation is for a male from twenty years old to sixty years old, the value is 1.2 pounds of silver, by the sanctuary standard. Si valè ou a se yon gason antre ventan ak swasantan daj, valè ke nou va bay li a se senkant sik an ajan, dapre sik ki nan sanktyè a.
4 If it is a female, the valuation is to be about twelve ounces. Oubyen, si se yon fanm, alò valè nou va trant sik.
5 For ages five to twenty, the valuation is about eight ounces for a male and about four ounces for a female. Si li antre senkan jiska ventan, alò valè nou pou gason an va ven sik, e pou fanm nan dis sik.
6 If from one month to five years old, the valuation is about two ounces of silver for a male and about one.two ounces for a female. Men si yo antre laj yon mwa jis rive nan senkan, valè nou va senk sik an ajan pou gason an, e pou fanm nan, valè nou va twa sik an ajan.
7 If sixty or older, the valuation is about six ounces for a male, four ounces for a female. Si yo gen swasantan oswa plis, si se yon gason, alò valè li va kenz sik, e pou fanm lan, dis sik.
8 But if he is too poor for the valuation, he is to be presented before the priest, and the priest is to set his value; the priest is to value him according to what the one who vowed can afford. Men si li manke rive nan valè ou, alò li va plase devan prèt ki va bay valè li a. Selon mwayen a sila ki te fè ve a, prèt la va ba li valè.
9 "If the vow is an animal that may be offered to me, every such one given to me is holy. “‘Alò, si se yon kalite bèt ke yon mesye ta kapab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, nenpòt sa ki bay a SENYÈ a, va sen.
10 He must not exchange or substitute it, good for bad or bad for good; if he does substitute one animal for another, both it and its substitute become holy. Li pa pou ranplase li ni chanje li, yon bon pou yon move, ni yon move pou yon bon. Oswa, si li ta chanje bèt pou bèt, se tou de ki vin sen.
11 If it is any unclean animal that may not be offered to me, it is to be presented before the priest, Si li se yon bèt ki pa pwòp nan kalite ke moun pa kab prezante kòm yon ofrann bay SENYÈ a, alò, li va plase bèt la devan prèt la.
12 the priest will set its value, good or bad; as the priest values it, so it will be. Prèt la va ba li valè kit li bon, kit li pa bon. Jan nou menm nan, prèt la ba li valè, se konsa li va ye.
13 But if he wishes to redeem it, he is to add a fifth to its valuation. Men si li ta janmen vle peye ranson li an, alò li va ogmante yon senkyèm nan valè li.
14 "When someone dedicates his house as holy to me, the priest is to set its value, good or bad; as the priest values it, so it stands. “‘Alò, si yon mesye konsakre kay li kòm sen pou SENYÈ a, alò prèt la va ba li valè kòm bon, oswa pa bon. Jan prèt la ba li valè, se konsa li va kanpe.
15 If the one who dedicated his house redeems it, he adds a fifth of its value in silver, and it is his. Men si sila ki konsakre li a ta vle vin peye ranson li an, alò, li va mete yon senkyèm sou valè pri a pou l kapab vin pou li.
16 "If someone dedicates to me part of a field he owns, its value follows the seed for it—about 1.2 pounds of silver for six bushels of barley seed. “‘Ankò, si yon mesye konsakre bay SENYÈ a yon pati nan pwòp chan pa li yo, alò, valè ke nou ba li a va selon fòs kantite semans ki nesesè pou simen li an: yon barik semans lòj vo senkant sik ajan.
17 If he dedicates his field from the Year of Jubilee, it is to stand at the full valuation. Si li konsakre chan li an nan menm ane jibile a, selon valè nou ba li, li va kanpe konsa.
18 But if he dedicates his field after the Jubilee, the priest will figure the price by the years left until the next Jubilee, and lower the valuation to match. Si li konsakre chan li an apre jibile a, alò, prèt la va kalkile pri a pou li selon ane ki rete yo jis rive nan ane jibile a; epi li va vin redwi nan valè ke nou bay la.
19 If the one dedicating the field wants to redeem it, he must add a fifth of its silver value, and it stays his. Si sila ki konsakre li a ta janmen vle peye ranson chan an, alò li va adisyone yon senkyèm nan valè ke nou bay sou li a, pou li kapab vin pou li.
20 But if he does not redeem the field, or has sold it to another, it can no longer be redeemed. Malgre sa, si li pa peye ranson chan an, men te vann chan an a yon lòt moun, li p ap kapab peye ranson an ankò;
21 When the field is released in the Jubilee, it becomes holy to me, like a devoted field; it belongs to the priest as his property. men lè li vin retounen nan jibile a, chan an va vin sen pou SENYÈ a, kòm yon chan ki mete apa. Li va pou prèt la kòm tè pa li.
22 "If someone dedicates to me a bought field, not part of his ancestral possession, “‘Oswa, si li konsakre bay SENYÈ a, yon chan ke li te achte, ki se pa yon pati nan chan pwòp tè pa li a,
23 the priest is to calculate the valuation up to the Year of Jubilee, and he is to pay it that day as something holy to me. alò, prèt la va kalkile pou li sòm valè chan an jis rive nan ane jibile a; epi li va nan jou sa a bannou valè nou kòm sen pou SENYÈ a.
24 In the Year of Jubilee the field returns to the one it was bought from, to whom the land belongs. Nan ane jibile a, chan an va retounen a sila sou li menm li te achte li a, e ki se pwòp mèt teren an.
25 Every valuation is to be by the sanctuary standard. Anplis, chak valè ke nou bay va baze sou sik sanktyè a. Sik la va ven gera (yon ventyèm sik la).
26 "No one may dedicate the firstborn of any animal; it already belongs to me—whether ox or sheep, it is mine. “‘Malgre sa, yon premye pòtre pami bèt yo, ki se kòm premye ne, se pou SENYÈ a, pèsòn pa pou konsakre li; kit se yon bèf, kit se yon mouton, se pou SENYÈ a.
27 If it is an unclean animal, he redeems it at the valuation plus a fifth; if not redeemed, it is sold at the valuation. Men si li pami bèt ki pa pwòp yo, alò li va rachte li selon valè ke nou ba li e mete yon senkyèm anplis; epi si li pa rachte li, alò li va vann li selon valè ke nou ba li a.
28 "But nothing a person devotes to me by ban—a human, animal, or field he owns—may be sold or redeemed. All so devoted is most holy to me. “‘Sepandan, nenpòt bagay ke yon nonm mete apa pou SENYÈ a nan tout sa ke li genyen, kit se moun, bèt, oswa chan nan pwòp tè li, li p ap janm vann ni peye ranson. Nenpòt bagay ki dedye pou destriksyon, pi sen pou SENYÈ a.
29 "No person devoted under the ban may be redeemed; he must be put to death. Okenn moun ki vin mete apa pami lèzòm p ap janm peye ranson. Li va asireman vin mete a lanmò.
30 "Every tithe of the land, whether of the seed of the ground or of the fruit of the trees, is mine; it is holy to me. “‘Konsa tout dim tè, semans tè, ni fwi nan bwa, se pou SENYÈ a. Li sen pou SENYÈ a.
31 If anyone redeems part of his tenth, he adds a fifth to it. Alò, konsa, si yon moun vle peye ranson yon pati nan dim li, li va mete yon senkyèm sou li.
32 Every tenth of the herd and flock—each animal passing under the shepherd's rod—is holy to me. Paske chak dizyèm pati nan twoupo, oswa nan bann mouton, nenpòt sa ki pase anba baton, dizyèm pati a va sen pou SENYÈ a.
33 He must not check whether it is good or bad, nor substitute for it; if he does, both it and its substitute become holy and cannot be redeemed." Li pa konsènan si li bon oswa pa bon, ni li pa pou chanje li. Alò, li menm, ni sa ki ranplase li a, va vin sen. Li pa pou peye ranson.’”
34 These are the commandments our Father gave Moses for the people of Israel on Mount Sinai. Sa yo se kòmandman ke SENYÈ a te kòmande Moïse pou fis Israël yo nan mòn Sinai a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]