Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses, saying: Alò, SENYÈ a te pale ak Moïse. Li te di:
2 "Speak to the whole community of Israel: You are to be holy, for I, your Father, am holy. “Pale avèk tout asanble a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va sen, paske Mwen menm, SENYÈ a, Bondye nou an, Mwen sen.
3 "Each of you must respect your mother and father, and keep my Sabbaths. I am your Father. “‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
4 "Do not turn to idols or make for yourselves gods of cast metal. I am your Father. “‘Pa vire vè zidòl yo, ni fè pou nou menm dye metal fonn yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
5 "When you sacrifice a peace offering to me, offer it so you will be accepted. “‘Alò, lè nou ofri yon sakrifis lapè bay SENYÈ a, nou va ofri li pou nou kapab vin aksepte.
6 Eat it the day you offer it, or the next; anything left to the third day, burn in fire. Li va manje nan menm jou ke nou ofri li a, ak jou apre a. Si gen ki rete jis nan twazyèm jou a, li va vin brile avèk dife.
7 If any is eaten on the third day, it is foul and will not be accepted. Konsa, si li ta manje menm nan twazyèm jou a, sa se yon ofans. Li p ap aksepte.
8 Whoever eats it bears their guilt, for they desecrated what is holy to me; that person will be cut off from their people. Tout sila ki manje li yo, va pote inikite li, paske li te degrade bagay sen SENYÈ a. Konsa, moun sa a va koupe retire de pèp li a.
9 "When you harvest your land, do not reap to the field's edges or gather the gleanings of your harvest. “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a.
10 Do not strip your vineyard bare or gather its fallen grapes. Leave them for the poor and the foreigner. I am your Father. Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
11 "Do not steal; do not deceive; do not lie to one another. “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
12 "Don't swear falsely by my name, desecrating your Father's name. I am your Father. “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
13 "You shall not oppress your neighbor or rob him. Do not hold a hired worker's wages overnight. “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
14 "Do not curse the deaf or place a stumbling block before the blind, but fear your Father. I am your Father. “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
15 "Do not pervert justice in your decisions. Do not favor the poor or defer to the great, but judge your neighbor fairly. “‘Nou pa pou fè lenjistis nan jijman nou yo. Nou pa pou apiye vè malere a, ni apiye vè moun pwisan an, men nou va jije vwazen nou avèk jistis.
16 "Don't spread slander among your people, and don't stand idle while your neighbor's life is in danger. I am your Father. “‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.
17 "Do not hate your brother in your heart; correct your neighbor openly, so you don't bear sin because of him. “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.
18 Do not take revenge or hold a grudge against your own people, but love your neighbor as yourself. I am your Father. “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.
19 "Keep my decrees. Don't breed your livestock with a different kind. Don't sow your field with two kinds of seed, or wear a garment of two kinds of material. “‘Se pou nou kenbe règleman Mwen yo. Nou pa pou fè kwazman de ras bèf. Nou pa pou plante chan nou avèk de kalite grenn; Ni pou abiye ak yon vètman ki gen de kalite twal ki mele ansanm.
20 "If a man sleeps with a slave woman assigned to another man, and she has not been bought back or set free, an inquiry is required. They are not to be put to death, since she was not free. “‘Alò, si yon nonm kouche nan zak seksyèl avèk yon fanm ki se yon esklav ki te pwomèt pou yon lòt gason, men ki pa t peye ranson li, ni pa t bay li libète l, li va pini. Malgre sa, yo p ap mete li a lanmò, paske li pa t lib.
21 He is to bring his guilt offering to me, at the entrance of the tent of meeting—a ram as the guilt offering. Gason an va pote ofrann koupab li devan SENYÈ a nan pòtay tant asanble a; yon belye pou ofrann koupab la.
22 The priest will make atonement for him with the ram of the guilt offering before me, for the sin he committed; and he will be forgiven the sin he committed. Prèt la va fè ekspiyasyon pou li avèk belye ofrann koupab la devan SENYÈ a pou peche ke li te fè a, e selon peche ke li te fè a, li va vin padone.
23 "When you enter the land and plant any food tree, treat its fruit as forbidden. For three years it is forbidden to you; do not eat it. “‘Lè nou antre nan peyi sa a, e plante tout kalite bwa pou manje, alò, nou va kontwole premye fwi pa yo kòm entèdi. Pandan twazan, li va entèdi a nou menm. Li p ap pou manje.
24 In the fourth year all its fruit is to be holy, an offering of praise to me. Nan katriyèm ane a, tout fwi li yo va vin sen. Yo va vin yon ofrann lwanj bay SENYÈ a.
25 But the fifth year you may eat its fruit, so it yields more for you. I am your Father. Nan senkyèm ane a, nou gen pou manje nan fwi li, pou donn li kapab vin anpil pou nou menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
26 "Do not eat anything with the blood in it. Do not practice fortune-telling or interpret omens. “‘Nou pa pou manje anyen avèk san ki rete nan li. Nou pa pou pratike maji ni divinasyon zetwal ni predi evenman k ap vin rive.
27 "Do not round off the hair at the sides of your head or damage the edges of your beard. “‘Nou pa pou koupe kwen cheve tèt nou, ni taye sou kote bab nou.
28 "Don't cut your body for the dead or tattoo yourselves. I am your Father. “‘Nou pa pou koupe kò nou pou moun mouri yo, ni fè tatou sou kò nou: Mwen se SENYÈ a.
29 "Do not desecrate your daughter by making her a prostitute, or the land will turn to prostitution and fill with depravity. “‘Pa degrade pwòp fi nou pou fè l vin yon pwostitiye, sòf ke peyi a menm ta tonbe nan pwostitisyon, e ranpli avèk tout kalite bagay lèd.
30 "You are to keep my Sabbaths and revere my sanctuary. I am your Father. “‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.
31 "Do not turn to mediums or necromancers; do not seek to be made unclean by them. I am your Father. “‘Pa vire bò kote moun ki fè kontak ak mò yo, ni ki chache move lespri yo. Pa chache yo pou nou pa vin degrade pa yo menm. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
32 "Stand up before the gray-haired and respect the old. Fear your Father. I am your Father. “‘Nou va leve devan moun cheve blanch yo. Nou va bay lonè a granmoun yo. Nou va gen lakrent pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
33 "When a foreigner lives among you in your land, do not mistreat them. “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò.
34 The foreigner living among you must be to you as a native, and love them as yourself, for you were foreigners in Egypt. I am your Father. Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
35 "You are to do no wrong in judgment, in measures of length, weight, or quantity. Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite.
36 Have honest scales, honest weights, an honest grain measure, an honest liquid measure. I am your Father, who brought you out of the land of Egypt. Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.
37 "Keep all my statutes and all my rules, and do them. I am your Father." “‘Se konsa nou va obsève tout règleman Mwen yo ak tout òdonans Mwen yo, e fè yo. Mwen se SENYÈ a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]