Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The men of Ephraim gathered and crossed to Zaphon. They said to Jephthah, "Why did you cross to fight the Ammonites without calling us to go with you? We'll burn your house down over you!" Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephethé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.”
2 Jephthah told them, "My people and I had a bitter dispute with the Ammonites; I called you, but you didn't rescue me from them. Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo.
3 When I saw you wouldn't save me, I took my life in my hand and crossed over against the Ammonites, and our Father gave them into my hand. Why have you come up to me today to fight me?" Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”
4 So Jephthah gathered all Gilead's men and fought Ephraim. Gilead struck Ephraim down, because the Ephraimites had said, "You Gileadites are fugitives of Ephraim, among Ephraim, among Manasseh." Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.”
5 Gilead captured the Jordan fords against Ephraim. When an Ephraimite fugitive said, "Let me cross," the Gilead men asked, "Are you an Ephraimite?" If he said, "No," Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”,
6 they said, "Say 'Shibboleth.'" He said "Sibboleth," unable to pronounce it right. So they seized him and killed him at the Jordan fords. At that time 42,000 Ephraimites fell. alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.
7 Jephthah judged Israel six years. Then Jephthah the Gileadite died, buried in a town of Gilead. Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.
8 After him, Ibzan of Bethlehem judged Israel. Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li.
9 He had thirty sons and thirty daughters. He sent his thirty daughters outside the clan to marry, and brought thirty daughters from outside for his sons. He judged Israel seven years. Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo.
10 Then Ibzan died and was buried in Bethlehem. Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.
11 After him, Elon the Zebulunite judged Israel; he judged Israel ten years. Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane.
12 Then Elon the Zebulunite died and was buried at Aijalon in the land of Zebulun. Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.
13 After him, Abdon son of Hillel, from Pirathon, judged Israel. Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li.
14 He had forty sons and thirty grandsons, who rode on seventy donkeys. He judged Israel eight years. Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane.
15 Abdon son of Hillel the Pirathonite died and was buried at Pirathon in Ephraim's land, in the Amalekite hill country. Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]