Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Again the Israelites did evil in our Father's eyes, so he gave them into the Philistines' hand for forty years. Fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane.
2 A man named Manoah, from Zorah of the Danite clan, had a barren wife who bore no children. Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit.
3 The messenger of our Father appeared to the woman and said to her, "You are barren, childless, but will conceive and bear a son. Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis.
4 Now then, be careful not to drink wine or strong drink, and do not eat anything unclean, Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp.
5 for you will conceive and bear a son. No razor will touch his head, for the boy will be our Father's Nazirite from the womb, and will begin to save Israel from the Philistines' hand." Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
6 The woman went and told her husband, "A man of God came to me; his appearance was like the appearance of the messenger of our Father, very awesome. I didn't ask him where he was from, and he didn't tell me his name." Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li.
7 But he said to me, "You will conceive and bear a son. Now do not drink wine or strong drink, and eat nothing unclean, for the boy will be a Nazirite of our Father from the womb until the day of his death." Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”
8 Then Manoah pleaded with our Father: "Please, my Sovereign Father, let the man of God you sent come to us again and teach us what to do for the boy to be born." Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: “O SENYÈ, souple kite nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.”
9 Our Father heard Manoah's voice; the messenger of our Father came again to the woman sitting in the field, but Manoah her husband was not with her. Bondye te koute vwa a Manoach, epi zanj Bondye a te vini ankò vè fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l.
10 The woman ran quickly and told her husband, "Look, the man who came to me the other day has appeared to me!" Konsa, fanm nan te kouri vit di mari li: “Gade byen, nonm ki te vini lòt jou a te parèt devan m.”
11 Manoah got up, followed his wife, and came to the man. He asked, "Are you the man who spoke to the woman?" "I am," he said. Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?” Epi li te di: “Mwen se li”.
12 Manoah said, "When your words come true, what will govern the boy's life and work?" Manoach te di: “Alò, lè pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?”
13 The messenger of our Father said to Manoah, "She must be careful of all I told her. Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: “Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo.
14 She must eat nothing from the grapevine, drink no wine or strong drink, and eat nothing unclean. She must keep all I commanded her." Li pa dwe manje anyen ki sòti nan chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.”
15 Manoah said to our Father's messenger, "Please let us hold you, and we'll prepare a young goat for you." Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.”
16 The messenger of our Father told Manoah, "Even if you hold me, I won't eat your food; but if you prepare a burnt offering, offer it to our Father." (Manoah didn't know the visitor was our Father's messenger.). Zanj SENYÈ a te di a Manoach: “Malgre ou fè m fè reta a, mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a.” Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a.
17 Manoah asked the messenger of our Father, "What is your name, so we may honor you when your words come true?" Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Kòman yo rele ou, dekwa ke lè pawòl ou yo vin rive pou nou kapab onore ou?”
18 The messenger of our Father said to him, "Why ask my name? It's beyond understanding." Men zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou wè li depase konnesans?”
19 So Manoah took the young goat and grain offering and offered them on the rock to our Father, who does wonders, while Manoah and his wife watched. Konsa, Manoach te pran jenn kabrit la avèk ofrann sereyal la pou te ofri li sou wòch SENYÈ a. Epi Li menm, zanj SENYÈ a, te fè mèvèy pandan Manoach avèk madanm li t ap gade.
20 As the altar's flame rose toward heaven, the messenger of our Father rose in the altar's flame. Manoah and his wife saw and fell facedown to the ground. Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te tonbe atè sou figi yo.
21 The messenger of our Father appeared no more to Manoah and his wife. Then Manoah knew he was the messenger of our Father. Alò, zanj SENYÈ a pa t vin parèt a Manoach ni madanm li ankò. Konsa, Manoach te vin konnen ke se te zanj SENYÈ a ke li te ye.
22 "We will surely die," Manoah said to his wife, "for we have seen our Father!" Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”
23 His wife told him, "If our Father meant to kill us, he would not have accepted a burnt offering and grain offering from our hands, shown us all this, or let us hear this now." Men madanm li te di li: “Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a.”
24 The woman bore a son and named him Samson. The boy grew, and our Father blessed him. Fanm nan te bay nesans a yon fis e li te rele li Samson. Pitit la te vin gran e SENYÈ a te beni li.
25 And the Spirit of our Father began to stir him in Mahaneh-dan, between Zorah and Eshtaol. Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]