Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Samson went down to Timnah and saw a young woman there, one of the daughters of the Philistines. Samson te desann Thimna. La li te wè yon fanm Thimna; youn nan fi Filisten yo.
2 He went up and told his father and mother, "I saw a Philistine woman in Timnah; now get her for me as my wife." Konsa, li te retounen pou te di papa l avèk manman l: “Mwen te wè yon fanm Thimna, youn nan fi Filisten yo. Alò pou sa, al chache li pou mwen kòm madanm.”
3 His father and mother said, "Is there no woman among your relatives or all my people, that you must take a wife from the uncircumcised Philistines?" But Samson told his father, "Get her for me; she's right in my eyes." Papa l avèk manman l te di li: “Èske pa gen okenn fanm pami fi a fanmi ou yo, oswa pami tout pèp nou an, pou ou alepran yon madanm pami Filisten ensikonsi sa yo?” Samson te di a papa l: “Ale pran li pou mwen; paske selon mwen menm, li byen bèl.”
4 His father and mother did not know this was from our Father, who sought a reason to move against the Philistines, for at that time the Philistines ruled Israel. Alò, papa li avèk manman li pa t konnen ke sa se te yon bagay a SENYÈ a; paske Li t ap chache yon okazyon kont Filisten yo. Alò, nan tan sa a, Filisten yo t ap domine sou Israël.
5 Samson went down to Timnah with his father and mother. At Timnah's vineyards, a young lion came roaring at him. Epi Samson te desann Thimna avèk papa l avèk manman l e yo te avanse rive jis nan chan rezen a Thimna yo; epi vwala, yon jenn lyon tou ap gwonde te vin lonje sou li.
6 The Spirit of our Father rushed on him, and he tore the lion apart with his bare hands like a young goat, but told neither his father nor mother what he'd done. Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a.
7 Then he went down and talked with the woman, and she was right in Samson's eyes. Konsa, li te desann pale avèk fanm nan, epi li te fè kè l kontan.
8 Later, returning to marry her, he turned aside to look at the carcass of the lion. And there inside was a swarm of bees, and honey. Lè l te retounen pita pou pran l, li te vire akote pou gade kadav lyon an. Epi vwala, yon desen myèl te nan kò lyon an.
9 He scooped the honey into his hands and ate as he walked. Reaching his father and mother, he gave them some, and they ate. But he did not tell them he had scooped it from the lion's carcass. Konsa, li te fè yon grate lasi ak siwo myèl nan men li e li te fè wout li pandan li t ap manje. Lè li te vin kote papa l avèk manman l, li te bay yo, e yo te manje. Men li pa t di yo ke li te grate siwo a sòti nan kò lyon an.
10 His father went down to the woman, and Samson held a feast there, as young men did. Alò, papa li te desann vè fanm nan; epi Samson te fè yon fèt la, paske jennonm yo te konn fè sa kòm koutim pa yo.
11 When the people saw him, they brought thirty companions to be with him. Lè yo te wè li, yo te mennen trant zanmi parèy a yo pou yo ta kab la avèk li.
12 Samson told them, "Let me pose you a riddle. Solve it within the seven feast days and I'll give you thirty linen wraps and thirty sets of clothes. Samson te di yo: “Kite m bannou yon kont pou nou kab devine l. Si nou kab vrèman reponn pandan sèt jou ki ekoule nan fèt la pou twouve bout li, alò, mwen va bannou trant gwo manto fèt an len avèk trant echanj vètman.
13 But if you can't answer, give me thirty linen garments and thirty sets of clothes." They said, "Tell your riddle; let us hear it." Men si nou pa kab reponn mwen, alò, nou va ban mwen trant echanj vètman.” Yo te di li: “Bannou kont lan pou nou kab koute li.”
14 He said, "Out of the eater came something to eat; out of the strong came something sweet." For three days they couldn't solve the riddle. Konsa, li te di yo: “Sòti nan sila ki konn manje, te parèt yon bagay pou manje. Sòti nan sila ki gen fòs, te parèt yon bagay ki dous.” Men nan twa jou, yo pa t kab ba li repons lan.
15 On the fourth day they told Samson's wife, "Coax your husband into explaining the riddle for us, or we'll burn you and your father's household to death. Did you invite us here to rob us?" Alò, li te vin rive ke nan katriyèm jou a, ke yo te di a madanm Samson an: “Mennen mari ou pou l kab bannou repons kont lan, oswa nou va brile ou menm avèk kay papa ou avèk dife. Èske se pou fè nou vin pòv ke ou te envite nou? Se pa sa w ap fè la a?”
16 Samson's wife wept on him: "You only hate me; you don't love me. You gave my people a riddle but haven't told me its answer." He said, "I haven't told my father or mother, so why tell you?" Madanm a Samson te kriye devan li e te di: “Se sèlman ke ou rayi mwen e ou pa renmen m. Ou te prezante yon kont a fis pèp mwen yo e ou pa t pale m de sa.” Li te di li: “Gade byen, mwen pa t pale l ni a manman m, ni a papa m. Èske se a ou menm pou m ta pale li?”
17 She cried on him the seven days of their feast, and on the seventh he told her, because she pressed him. Then she told the riddle to her people. Men li te kriye devan li pandan sèt jou pandan fèt yo a t ap pase. Epi nan setyèm jou a, li te pale li kont lan, akoz li menm (fanm nan) te peze li rèd. Alò konsa, li al pale istwa a fis pèp li yo.
18 On the seventh day, before sunset, the townsmen told him, "What's sweeter than honey? What's stronger than a lion?" Samson answered, "If you hadn't plowed with my heifer, you'd never have solved my riddle." Konsa, mesye lavil yo te di a li nan setyèm jou a avan solèy la te kouche: “Se kisa ki pi dous ke siwo myèl? Epi kisa ki pi fò pase yon lyon?” Li te reponn yo: “Si nou pa t raboure avèk gazèl bèf mwen, nou pa t ap dekouvri kont mwen an.”
19 Then the Spirit of our Father rushed on him. He went down to Ashkelon, killed thirty of their men, took their belongings, and gave their clothes to those who solved the riddle. Burning with anger, he went up to his father's house. Lespri SENYÈ a te vini sou li byen fò, e li te desann Askalon pou te touye trant nan Filisten yo. Li te pran piyaj pa yo e te bay echanj rad yo a sila ki te reponn kont lan. Epi kòlè li te monte, e li te monte vè lakay papa l.
20 Samson's wife was given to his companion, the one who had been his best man. Men madanm a Samson an te vin bay a yon konpanyen li ki te bon zanmi li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]