Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 15 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Some time later, at wheat harvest, Samson visited his wife with a young goat, saying, "Let me go to my wife, into her room." Her father wouldn't let him in. Men pita, pandan rekòlt ble a, Samson te vizite madanm li avèk yon jenn kabrit. Li te di: “Mwen va antre vè madanm mwen nan chanm li.” Men papa li pa t kite li antre.
2 Her father said, "I thought you truly hated her, so I gave her to your companion. Isn't her younger sister prettier? Take her instead." Papa li te di li: “Mwen te konnen ke ou te tèlman rayi li; epi pou sa, mwen te bay li a zanmi ou an. Èske pi jenn sè li a pa pi bèl pase li? Souple, kite li vin pou ou nan plas li.”
3 Samson said to them, "This time I'm blameless toward the Philistines when I harm them." Samson te di a yo: “Fwa sa a, mwen p ap gen tò anvè Filisten yo lè m fè yo mal.”
4 Samson went and caught 300 foxes, took torches, turned tail to tail, and tied one torch between each pair of tails. Samson te ale kenbe twa-san rena. Li te pran tòch yo, e te vire yo mare ke a ke, e li te mete yon tòch nan mitan chak de ke yo.
5 He lit torches, released the foxes into the Philistines' standing grain, burning stacked grain, standing grain, and vineyards and olive groves. Lè l te fin limen tòch yo, li te lage rena yo nan chan sereyal Filisten yo, e te brile pakèt sereyal yo ak ble, ansanm avèk chan rezen avèk lòt chan bwa fwi.
6 The Philistines asked, "Who did this?" "Samson, the Timnite's son-in-law," they said, "since the Timnite took Samson's wife, giving her to his friend." So they went up and burned her and her father with fire. Konsa, Filisten yo te di: “Kilès ki te fè sa?” Yo te reponn: “Samson, bofi a Timnyen an, akoz li te pran madanm li pou te bay li a konpanyen li.” Pou sa, Filisten yo te monte e te brile ni madanm nan, ni papa li avèk dife.
7 Samson said to them, "Since you act like this, I will not stop until I have taken my revenge on you." Samson te di yo: “Akoz n ap aji konsa, mwen va vrèman pran vanjans sou nou, men apre sa, m ap sispann.”
8 He struck them down, hip and thigh, a great slaughter, then went down to stay in the crevice of the rock of Etam. Li te frape yo byen di avèk yon gwo masak; epi li te desann pou te viv nan krevas wòch la nan Étam.
9 The Philistines went up and camped in Judah, raiding as far as Lehi. Alò, Filisten yo te monte fè kan nan Juda e te vin gaye nan Léchi.
10 Judah's men asked, "Why attack us?" They said, "To bind Samson, to do to him as he did to us." Mesye Juda yo te di: “Poukisa nou vin monte kont nou?” Yo te di: “Nou te monte pou mare Samson dekwa ke nou kab fè l menm bagay ke li te fè nou an.”
11 3,000 men of Judah went down to the crevice in Etam's rock and asked Samson, "Don't you know the Philistines rule over us? What have you done to us?" He answered, "I only did to them what they did to me." Epi twa-mil lòm Juda te desann vè krevas wòch la nan Étam, e yo te di Samson: “Èske ou pa konnen ke Filisten yo gen tout fòs sou nou? Poukisa, konsa, ou vin fè nou sa?” Epi li te di yo: “Menm jan yo te fè m nan, se konsa mwen te fè yo.”
12 They said, "We've come to bind you and give you to the Philistines." Samson said, "Swear you won't kill me yourselves." Yo te di li: “Nou te vin isit la pou mare ou pou nou kapab livre ou nan men Filisten yo.” Epi Samson te di yo: “Sèmante a mwen ke nou p ap touye mwen.”
13 "Agreed," they said. "We'll only tie and hand you over—not kill you." Then they tied him with two new ropes and brought him up from the rock. Yo te di li: “Non, men nou va mare ou nèt e livre ou nan men yo; men anverite, nou p ap touye ou.” Yo te mare li avèk de kòd nèf e te mennen li monte soti nan wòch la.
14 At Lehi the Philistines met him shouting. The Spirit of our Father rushed on him; the ropes on his arms became like flax burned by fire, and his bonds melted off his hands. Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.
15 He found a fresh donkey jawbone, reached out, grabbed it, and killed 1,000 men with it. Li te twouve yon zo a machwè bourik fre. Konsa, li te lonje pran l e li te touye mil lòm avèk li.
16 Samson said, "With the jawbone of a donkey, heap upon heap; with the jawbone of a donkey I killed 1,000 men." Alò, Samson te di: “Avèk machwè a yon bourik, pil sou pil; avèk machwè a yon bourik, mwen te touye yon milye moun.”
17 When he finished speaking, he threw the jawbone from his hand; and that place was named Ramath-lehi. Lè l te fin pale, li te jete machwè a sòti nan men l; epi plas sa a te rele Ramath-Léchi.
18 Very thirsty, he cried to our Father: "You gave this great victory through your servant. Now must I die of thirst and fall into the hands of the uncircumcised?" Alò, li te vin swaf. Li te rele a SENYÈ a e li te di: “Ou te bay delivrans pa men sèvitè Ou e, koulye a, mwen va mouri ak swaf e tonbe nan men a ensikonsi yo?”
19 So our Father split open the hollow at Lehi; water flowed out. When Samson drank, his spirit returned and he revived. So the spring is named En-hakkore, still at Lehi today. Men Bondye te fann kote vid ki nan Léchi a, e dlo te sòti ladann. Lè li te bwè, fòs li te retounen e li te reprann fòs. Pou sa, li te rele kote sa a En-Hakkoré, ki nan Léchi jis rive jodi a.
20 Samson judged Israel for twenty years in the days of the Philistines. Epi li te jije Israël pandan ventan nan jou a Filisten yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]