Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Samson went to Gaza, and there he saw a prostitute, and he was intimate with her. Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li.
2 When the people of Gaza heard, "Samson has come here," they surrounded the place, waiting for him all night at the city gate. They kept quiet all night, saying, "At dawn we'll kill him." Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.”
3 Samson lay there until midnight. At midnight he rose, grabbed the doors of the city gate and the two posts, pulled them up with the bar, set them on his shoulders, and carried them to the top of the hill facing Hebron. Alò, Samson te kouche jis minwi e a minwi, li te leve pran pòtay lavil yo avèk de poto yo. Li te rale fè yo monte, ansanm avèk ba travès pa yo. Epi li te mete yo sou zepòl li, e li te pote yo monte pou rive anwo tèt mòn ki anfas Hébron an.
4 After this he loved a woman in the Valley of Sorek, whose name was Delilah. Apre sa, li te vin rive ke li te renmen yon fanm nan vale Sorek la, ke yo te rele Delila.
5 The Philistine rulers came to her and said, "Lure him and learn where his great strength lies, and how we can overpower and bind him to subdue him. Each of us will give you 1,100 pieces of silver." Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”
6 Delilah said to Samson, "Tell me where your great strength lies, and how you could be tied up and subdued." Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.”
7 Samson told her, "If they tie me with seven fresh bowstrings, not yet dried, I'll grow weak and be like any other man." Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.”
8 Then the Philistine rulers brought her seven fresh bowstrings, not yet dried, and she tied him with them. Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo.
9 Now she had men lying in wait in the inner room. She said to him, "The Philistines are upon you, Samson!" But he snapped the bowstrings as a strand of flax snaps when it touches the fire. So the secret of his strength was not discovered. Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.
10 Delilah said to Samson, "You've mocked me and told me lies. Now tell me how you can be tied up." Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.”
11 He told her, "If they tie me tight with new ropes never used, I'll become weak, like any man." Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.”
12 Delilah took new ropes and tied him with them, saying, "Samson, the Philistines are on you!" Men lay in wait in the inner room. But he tore the ropes off his arms like thread. Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.
13 Delilah said to Samson, "You've mocked me and lied to me all this time. Tell me how you can be tied up." He said to her, "Weave the seven braids of my head into the loom's fabric and pin it tight, and I'll be as weak as any man." Epi Delila te di a Samson: “Jis koulye a, ou te twonpe m e ban m bann manti; di mwen kijan ou kapab mare.” Epi li te di li: “Si ou trese sèt très cheve m nan ansanm très la, epi tache l avèk gwo epeng tout très la, m ap vin fèb tankou nenpòt lòt gason.”
14 She fastened it with the pin and told him, "Samson, the Philistines are on you!" But he woke from his sleep and pulled out the pin, the loom, and the fabric. Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la.
15 She said, "How can you say 'I love you' when your heart isn't with me? Three times you've mocked me and not told me where your great strength lies." Alò li te di li: “Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.”
16 When she pressed him hard with her words day after day and kept urging him, he grew so tired of it that he wished he were dead. Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.
17 So he told her his whole heart: "No razor has touched my head, for I am a Nazirite of our Father from my mother's womb. If I am shaved, my strength leaves me, and I become weak, like any other man." Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”
18 When Delilah saw he had told her all his heart, she sent for the Philistine rulers: "Come up once more, for he has told me all his heart." So they came up to her with the silver in their hands. Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo.
19 She lulled him to sleep on her knees, called a man, and had him shave the seven braids of his head. She began to subdue him, and his strength left him. Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l.
20 She said, "The Philistines are on you, Samson!" He woke from his sleep and thought, "I'll go out as before and shake myself free." But he did not know our Father had left him. Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li.
21 The Philistines seized him, gouged out his eyes, and brought him to Gaza. They bound him with bronze shackles, and he ground grain in the prison. Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.
22 But the hair of his head began to grow again after it had been shaved. Men cheve tèt li t ap grandi ankò lè l te fin koupe yo.
23 The Philistine rulers gathered to offer a great sacrifice to Dagon their god and to celebrate, saying, "Our god has handed Samson our enemy over to us." Alò, prens Filisten yo te rasanble pou ofri yon gran sakrifis a Dagon, dye pa yo a e pou rejwi yo, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki livre Samson, lènmi nou an, nan men nou.”
24 When the people saw him, they praised their god, saying, "Our god has handed over our enemy, who ravaged our land and multiplied our slain." Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.”
25 When their hearts were merry, they said, "Call Samson to entertain us." So they brought Samson from the prison, and he entertained them. They stood him between the pillars. Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.
26 Samson told the boy holding his hand, "Let me feel the pillars the house rests on, so I can lean on them." Alò, Samson te di a gason ki te kenbe men l lan: “Kite mwen manyen pilye kote kay la kanpe yo pou m kab apiye sou yo.”
27 The house was full of men and women; all the Philistine rulers were there, and on the roof about 3,000 men and women watched Samson perform. Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo.
28 Then Samson called to our Father: "O Sovereign Father, remember me, please. Strengthen me just this once, that with one blow I may bring justice on the Philistines for my two eyes." Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”
29 Samson grasped the two central pillars supporting the house and braced against them, his right hand on one, his left on the other. Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li.
30 Samson said, "Let me die with the Philistines." He pushed with all his strength, and the house fell on the rulers and all the people in it. So he killed more at his death than in his life. Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
31 His brothers and all his father's household came down, took him, brought him up, and buried him between Zorah and Eshtaol in his father Manoah's tomb. He had judged Israel twenty years. Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]