Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jephthah the Gileadite was a mighty warrior, but the son of a prostitute. Gilead was his father. Alò, Jephthé, Galaadit la, te yon gèrye plen kouraj. Li te fis a yon pwostitiye. Galaad se te papa a Jephté
2 Gilead's wife also bore him sons. When grown, they drove Jephthah out, saying, "You won't inherit in our father's house—you're another woman's son." Madanm a Galaad te ba li fis yo; epi lè fis sa yo te vin grandi, yo te kouri dèyè Jephthé, mete li deyò e te di li: “Ou p ap fè eritaj lakay papa nou, paske ou se fis a yon lòt fanm.”
3 Jephthah fled his brothers and lived in the land of Tob, where scoundrels gathered to him and went out with him. Konsa, Jephthé te sove ale devan frè li yo, pou li te viv nan peyi Tob la. Sanzave yo te rasanble yo antoure Jephthé e yo te konn ale andeyò avèk li.
4 Some time later, the Ammonites made war against Israel. Li te vin rive apre yon tan ke fis Ammon yo te goumen kont Israël.
5 When Ammon fought Israel, Gilead's elders went to bring Jephthah from the land of Tob. Lè fis Ammon yo te goumen kont Israël, ansyen nan Galaad yo te ale jwenn Jephthé nan peyi Tob la.
6 They said to Jephthah, "Come, be our commander, so that we can fight against the Ammonites." Konsa, yo te di a Jephthé: “Vin fè chèf sou nou pou nou kab goumen kont fis Ammon yo.”
7 Jephthah told Gilead's elders, "Didn't you hate me and drive me from my father's house? Why come to me now, when you're in trouble?" Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: “Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”
8 Gilead's elders replied, "That's why we've returned to you now: come fight the Ammonites with us, and you will be our head over all who live in Gilead." Ansyen Galaad yo te di a Jephthé: “Se pou rezon sa a ke nou gen tan retounen bò kote ou, pou ou kapab ale avèk nou, goumen avèk fis Ammon yo e vin chèf sou tout pèp Galaad la.”
9 Jephthah told Gilead's elders, "If you bring me back to fight the Ammonites and our Father gives them to me, I'll be your head." Pou sa, Jephthé te di a ansyen Galaad yo: “Si nou reprann mwen pou m kab goumen kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a livre yo nan men m, èske mwen va devni chèf an tèt nou?”
10 Gilead's elders told Jephthah, "Our Father is witness between us if we don't do just as you say." Ansyen a Galaad yo te di a Jephthé: “SENYÈ a se temwen antre nou. Anverite, nou va fè sa ou mande nou fè a.”
11 Jephthah went with Gilead's elders, and the people made him their head and commander. He spoke all his words before our Father at Mizpah. Konsa, Jephthé te ale avèk ansyen Galaad yo, e pèp la te fè li chèf sou yo. Konsa, Jephthé te pale tout pawòl li yo devan SENYÈ a nan Mitspa.
12 Then Jephthah sent messengers to the Ammonite king: "What is between us, that you came to fight against my land?" Jephthé te voye mesaje a wa a fis Ammon yo. Li te di: “Kisa ki gen antre ou menm avèk mwen menm, pou nou vin kote m pou goumen kont peyi mwen?”
13 The Ammonite king told Jephthah's messengers, "Since Israel took my land from Arnon to Jabbok and the Jordan when they came from Egypt, now return it peacefully." Wa a fis Ammon yo te di a mesaje Jephthé yo: “Akoz Israël te pran peyi mwen lè yo te vin monte sòti an Egypte, jis soti nan Arnon pou rive Jabbok avèk Jourdain an. Konsa, remèt mwen yo koulye a, nan lapè.”
14 Jephthah again sent messengers to the king of the Ammonites, Men Jephthé te voye mesaje yo ankò vè wa a fis Ammon yo.
15 and told him, "Jephthah says: Israel took no land from Moab or Ammon. Li te di li yo: “Konsa pale Jephthé: “Israël pa t pran peyi Moab, ni peyi fis Ammon yo.
16 When Israel came up from Egypt, they crossed the wilderness to the Red Sea and reached Kadesh. Paske, lè yo te monte sòti an Egypte, Israël te pase nan dezè a pou rive nan Lamè Wouj e te vin Kadès.
17 Israel sent messengers to Edom's king: "Please let us pass through your land," but he wouldn't listen. They also sent to Moab's king, but he refused. So Israel stayed at Kadesh. Alò, Israël te voye mesaje yo vè wa Édom an, pou te di: ‘Souple, lese nou travèse peyi nou an,’ men wa a Édom an te refize koute. Ankò, yo te voye wa Moab la, men li pa t dakò. Konsa, Israël te rete Kadès.
18 They went through the wilderness, around Edom and Moab, arriving east of Moab. They camped across the Arnon without entering Moab's territory, since the Arnon marked its border. Epi yo te pase nan dezè a pou evite peyi Édom avèk Moab la. Yo te rive nan lizyè lès a Moab la e yo te fè kan an lòtbò Arnon an, men yo pa t antre nan teren Moab la, paske Arnon an se te lizyè Moab.
19 Then Israel sent messengers to Sihon king of the Amorites, king of Heshbon: "Let us cross your land to reach our place." Konsa, Israël te voye mesaje a Sihon yo, wa Amoreyen yo, ak wa a Hesbon an. Israël te di li: “Souple, kite nou pase nan teritwa pa ou a pou rive nan plas nou.”
20 But Sihon would not trust Israel to pass through his territory; he gathered all his people, camped at Jahaz, and fought against Israel. Men Sihon pa t mete konfyans an Israël pou pase nan teritwa pa li a. Pou sa, Sihon te ranmase tout pèp li a, e te fè kan nan Jahats pou te goumen avèk Israël.
21 Then our Father, the God of Israel, gave Sihon and all his people into Israel's hand; they defeated them and took all the Amorite land there. SENYÈ a, Bondye a Israël la, te meteSihon avèk tout pèp li a nan men Israël la, e yo te genyen yo. Konsa, Israël la te vin posede tout teren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo.
22 They took all Amorite land, from Arnon to Jabbok, and from the wilderness to the Jordan. Epi yo te vin posede tout teren a Amoreyen yo, soti nan Arnon an, jis rive nan Jabbok la, e soti nan dezè a jis rive nan Jourdain an.
23 Now our Father, Israel's God, drove out the Amorites before his people Israel—should you possess it? Depi alò, SENYÈ a te chase Amoreyen yo, Li te fè yo sòti nan teren an devan pèp Israël la, èske koulye a, ou menm ap vin antre pou posede li?
24 Won't you possess what Chemosh your god gives you? So we'll possess all our Father has driven out before us. Èske nou pa posede deja sa ke Kemosch, dye pa nou an, te bannou pou posede a? Konsa nenpòt sa ke SENYÈ a te chase devan nou, nou va posede li.
25 Are you better than Balak son of Zippor, Moab's king? Did he ever contend with Israel or fight them? Alò, èske ou pi bon ke Balak, fis a Tsippor a, wa Moab la? Èske li te janm fè traka pou Israël, oswa èske li te janm goumen kont yo?
26 For 300 years Israel lived in Heshbon and its villages, Aroer and its villages, and all towns along the Arnon. Why didn't you recover them then? Pandan Israël te rete Hesbon avèk bouk pa li yo, nan Aroër avèk bouk pa li yo ak nan vil ki arebò Arnon an, pandan twa-san ane, poukisa nou pa t rekouvri yo pandan tan sa a?
27 I haven't wronged you, but you wrong me by warring against me. May our Father, the Judge, judge today between Israel's sons and Ammon's sons." Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”
28 But the king of the Ammonites paid no attention to the message Jephthah sent him. Men wa a fis Ammon yo te refize koute mesaj ke Jephthé te voye ba li a.
29 Then the Spirit of our Father came on Jephthah. He passed through Gilead and Manasseh, passed through Mizpah of Gilead, and from Mizpah of Gilead he advanced against the Ammonites. Alò, Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.
30 And Jephthah made a vow to our Father: "If you give the Ammonites into my hand, Jephthé te fè yon ve bay SENYÈ a, e te di: “Si Ou va vrèman ban mwen fis Ammon yo nan men m,
31 whatever comes out my house's doors to meet me returning safely from the Ammonites will be our Father's, and I'll offer it as a burnt offering." konsa, li va rive ke nenpòt sa ki sòti nan pòt lakay mwen pou rankontre mwen lè m retounen anpè soti nan fis Ammon yo, li va pou SENYÈ a. Epi mwen va ofri li kòm yon ofrann brile.”
32 Jephthah crossed to the Ammonites to fight them, and our Father gave them into his hand. Konsa, Jephthé te travèse vè fis Ammon yo pou goumen kont yo; epi SENYÈ a te mete yo nan men li.
33 He defeated them from Aroer to near Minnith—twenty cities—and to Abel-keramim, a very great defeat. Ammon was subdued before Israel. Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.
34 Jephthah came home to Mizpah; his daughter came out to meet him with tambourines and dancing—his only child, he had no other son or daughter. Lè Jephthé te rive vè kay li nan Mitspa, men vwala, fi li a te vin parèt pou rankontre li avèk tanbouren ak dans. Alò, li te sèl pitit li. Sof ke li menm, li pa t gen ni fis ni fi.
35 When he saw her, he tore his clothes and said, "Oh, my daughter, you've brought me low—you have become my trouble. I opened my mouth to our Father; I can't take it back." Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”
36 She said, "My father, you vowed to our Father—do to me as you promised, since our Father avenged you on your enemies, the Ammonites." Konsa li te di li: “Papa m, ou te bay pawòl ou a SENYÈ a. Fè avè m sa ou te di a, akoz SENYÈ a te fè vanjans sou lènmi ou yo, fis a Ammon yo.”
37 She said to her father, "Let this one thing be done for me: grant me two months to go down to the hills, weeping for my virginity, I and my companions." Li te di a papa li: “Sèlman, kite bagay sa a fèt; lese mwen pou kont mwen pandan de mwa, pou mwen kapab ale nan mòn yo pou m kab kriye akoz ke m toujou vyèj, mwen menm avèk zami mwen yo.
38 "Go," he said, and sent her away two months. She and her friends went and wept over her virginity on the hills. Epi li te reponn: “Ale.” Konsa, li te voye li sòti pandan de mwa. Li te ale avèk zanmi li yo pou te kriye sou mòn yo akoz li te vyèj.
39 After two months she returned to her father, who fulfilled his vow on her. She had not known a man; a custom began in Israel, Nan fen de mwa yo, li te retounen vè papa li ki te aji ak li selon ve ke li te fè a. Li pa t gen relasyon avèk gason. Konsa, sa te vin yon koutim an Israël,
40 that each year Israel's daughters went out to commemorate Jephthah the Gileadite's daughter, four days a year. pou fi a Israël yo te ale chak ane pandan kat jou an memwa fi Jephthé la, Galaadit la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]