Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After Abimelech, Tola son of Puah, son of Dodo, a man of Issachar, rose to save Israel; he lived in Shamir in Ephraim's hills. Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
2 He led Israel as judge for twenty-three years; then he died and was buried in Shamir. Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.
3 After him rose Jair the Gileadite, who led Israel as judge for twenty-two years. Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan.
4 He had thirty sons riding thirty donkeys, with thirty towns in Gilead, called Havvoth-jair to this day. Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a.
5 When Jair died, he was buried in Kamon. Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.
6 Again the Israelites did evil in our Father's eyes, serving the Baals, the Ashtoreths, the gods of Aram, the gods of Sidon, the gods of Moab, the gods of the Ammonites, and the gods of the Philistines. They abandoned our Father and no longer served him. Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.
7 So our Father's anger burned against Israel, and he sold them to the Philistines and the Ammonites. Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo.
8 That year they shattered and crushed the Israelites—for eighteen years they oppressed all the Israelites beyond the Jordan in the Amorites' land, in Gilead. Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo.
9 The Ammonites also crossed the Jordan to fight Judah, Benjamin, and Ephraim's house, so Israel was in deep distress. Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël.
10 Then the Israelites cried to our Father: "We have sinned against you, abandoning our Father to serve the Baals." Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”
11 And our Father said to the Israelites, "Did I not save you from the Egyptians, the Amorites, the Ammonites, and the Philistines? SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?
12 The Sidonians, Amalekites, and Maonites oppressed you; you cried to me, and I saved you from their hand. Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo.
13 Yet you have forsaken me and served other gods; therefore I will save you no more. Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò.
14 Go cry out to the gods you chose; let them save you when you're in trouble." Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”
15 The Israelites said to our Father, "We have sinned. Do to us whatever you think best; only please rescue us today." Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.”
16 They put away the foreign gods and served our Father, and his heart could bear Israel's misery no longer. Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.
17 The Ammonites mustered and camped in Gilead; the Israelites gathered and camped at Mizpah. Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa.
18 The people, the leaders of Gilead, said to one another, "Whoever begins fighting the Ammonites will be head over all Gilead's people." Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]