Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Abimelech son of Jerubbaal went to Shechem, to his mother's brothers, and said to them and to all his mother's father's clan. Abimélec, fis a Jerubbaal la te ale nan Sichem vè fanmi manman li. Li te pale ak yo e a tout fanmi lakay granpapa li bò kote manman l. Li te di:
2 Ask all Shechem's citizens: 'Which is better—seventy men, all Jerubbaal's sons, ruling you, or one man ruling you?' Remember, I am your own flesh and blood. “Pale koulye a, pou tout chèf Sichem yo tande: ‘Kisa k ap pi bon pou nou, ke swasann-dis lòm, tout fis a Jerubbaal yo vin renye sou nou, oswa ke yon sèl moun renye sou nou?’ Anplis, sonje byen ke mwen se zo nou ak chè nou.”
3 His mother's brothers repeated all this to the citizens of Shechem, and their hearts turned to Abimelech, for they said, "He is our brother." Fanmi li yo te pale tout pawòl sila yo pou li menm kote pou tout chèf Sichem yo tande. Kè yo te apye vè Abimélec, akoz yo te di: “Li se fanmi nou.”
4 They gave him seventy pieces of silver from the temple of Baal-berith, and with it Abimelech hired worthless, reckless men who followed him. Yo te ba li swasann-dis pyès ajan soti lakay Baal-Berith, avèk sila Abimélec te anplwaye kalite mesye sanzave yo san kontwòl e yo te swiv li.
5 Then at his father's house in Ophrah he killed his brothers, Jerubbaal's seventy sons, on one stone. But Jotham, Jerubbaal's youngest son, survived by hiding. Konsa, li te ale lakay papa li nan Ophra e te touye frè li yo, fis a Jerubbaal yo, swasann-dis zòm, sou yon sèl wòch. Men Jotham, fis pi piti a Jerubbaal la te chape, akoz li te kache kò li.
6 All the citizens of Shechem and all Beth-millo gathered, went, and made Abimelech king by the oak of the pillar at Shechem. Tout mesye a Sichem yo avèk tout Beth-Millo yo te rasanble ansanm pou yo te ale fè Abimélec wa kote bwadchenn nan akote pilye ki te Sichem nan.
7 When Jotham was told, he went and stood atop Mount Gerizim, raised his voice, and called out: "Listen to me, citizens of Shechem, that our Father may listen to you. Alò, lè yo te di Jotham sa, li te ale kanpe sou tèt Mòn Garizim nan. Li te leve vwa li pou rele fò Konsa, li te di yo: “Koute mwen, O mesye Sichem yo, pou Bondye kapab tande nou.
8 One day the trees went out to anoint a king over themselves. They said to the olive tree, 'Reign over us.' Yon fwa pyebwa yo te ale pou onksyone yon wa sou yo. Yo te di a bwa doliv la: ‘Vin renye sou nou!’
9 But the olive tree answered them, 'Should I give up my oil, by which both our Father and people are honored, to go and sway over the trees?' “Men oliv la te di yo: ‘Èske mwen ta kite tout grès mwen, ke ni Bondye ni lèzòm onore, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?
10 Then the trees said to the fig tree, 'You come and reign over us.' “Epi bwa yo te di a pye fig la: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
11 But the fig tree answered them, 'Should I give up my sweetness and my good fruit, to go and sway over the trees?' “Men pye fig la te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite dousè mwen ak bon fwi mwen, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa yo?’
12 Then the trees said to the vine, 'You come and reign over us.' “Epi bwa te di a pye rezen an: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
13 But the vine answered them, 'Should I give up my new wine, which cheers both our Father and people, to go and sway over the trees?' “Men pye rezen an te di yo: ‘Èske mwen ta dwe kite diven nèf mwen ki fè kè Bondye ak kè lezòm kontan, pou m ta balanse feyaj mwen sou bwa?’
14 Then all the trees said to the bramble, 'You come and reign over us.' “An dènye, tout bwa yo te di a raje pikan yo: ‘Ou menm, vin renye sou nou!’
15 And the bramble said to the trees, 'If you really mean to anoint me king over you, then come and take refuge in my shade; but if not, let fire come out of the bramble and devour the cedars of Lebanon.' “Epi raje pikan yo te di a bwa yo: ‘Si anverite w ap onksyone mwen kòm wa sou nou, vin pwoteje nou menm anba lonbraj mwen. Men si se pa sa, kite dife a sòti nan raje pikan an pou brile nèt tout sèd Liban yo.’
16 Now if you acted honestly and with integrity in making Abimelech king, and if you dealt well with Jerubbaal and his house, repaying him as his deeds deserved, “Pou sa, si nou te aji an bòn fwa avèk entegrite nan fè Abimélec wa, si nou te aji byen avèk Jerubbaal avèk lakay li e te aji avèk li jan li te merite a——
17 my father fought for you, risked his life to rescue you from Midian's hand, paske papa m te goumen pou nou e li te riske lavi li pou te delivre nou nan men Madian.
18 but today you rose against my father's house, killed his sons, seventy men on one stone, and made Abimelech, son of his slave woman, king over Shechem's citizens because he's your brother, Men nou te leve kont lakay papa m jodi a e nou te touye fis li yo, swasann-dis moun sou yon sèl wòch pou te fè Abimélec, fis a bòn lakay li a, wa sou mesye Sichem yo, akoz li se moun fanmi nou;
19 if you have acted in good faith and integrity toward Jerubbaal and his house today, then rejoice in Abimelech, and let him rejoice in you too. si, alò, an bon fwa avèk entegrite, nou te aji avèk Jerubbaal avèk lakay li a nan jou sa a, rejwi nan Abimélec e ke li rejwi nan nou.
20 But if not, let fire come from Abimelech and devour Shechem's citizens and Beth-millo, and fire from Shechem's citizens and from Beth-millo and devour Abimelech." Men si se pa sa, ke dife sòti nan Abimélec pou manje nèt tout mesye a Sichem avèk Beth-Millo yo; epi ke dife sòti nan mesye Sichem nan ak Beth-Millo yo pou manje Abimélec nèt.”
21 Jotham fled and escaped, going to Beer, where he lived, away from his brother Abimelech. Konsa, Jotham te sove ale pou te chape ale Beer e te rete la akoz Abimélec, frè li a.
22 After Abimelech had ruled over Israel three years, Abimélec te renye sou Israël pandan twazan.
23 our Father sent an evil spirit between Abimelech and Shechem's citizens, and they dealt treacherously with Abimelech. Epi Bondye te voye yon move lespri antre nan Abimélec avèk mesye Sichem yo. Konsa mesye a Sichem yo te aji an movèz fwa avèk Abimélec,
24 So that the violence to Jerubbaal's seventy sons would be repaid, their blood placed on their brother Abimelech, who killed them, and on Shechem's citizens, who strengthened his hands to kill his brothers. jiskaske vyolans ki te fèt a swasann-dis fis Jerubbaal yo te kapab remonte e san pa yo ta kapab vin poze sou Abimélec, frè yo a, ki te touye yo, ak sou mesye Sichem yo, ki te ranfòse men li pou l ta kab touye frè li yo.
25 The citizens of Shechem set ambushers against him on the hilltops, and they robbed everyone passing by on the road. And Abimelech was told. Mesye Sichem yo te mete moun an anbiskad kont li sou tèt mòn yo e yo te vòlè tout moun ki te pase bò kote yo nan wout la. Tout sa te pale a Abimélec.
26 Gaal son of Ebed came with his brothers and moved into Shechem, and its citizens trusted him. Alò Gaal, fis Ébed la, te vini avèk fanmi pa li yo pou te travèse Sichem, epi mesye Sichem yo te mete konfyans yo nan li.
27 They went to the fields, picked grapes from their vineyards, trod them, and held a festival in their god's temple, where they ate, drank, and cursed Abimelech. Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.
28 Gaal son of Ebed said, "Who is Abimelech, and who is Shechem, that we should serve him? Isn't he Jerubbaal's son, and isn't Zebul his deputy? Serve the men of Hamor, Shechem's father! Why should we serve Abimelech? Konsa, Gaal, fis a Ébed la te di: “Kilès Abimélec sa a ye, e kilès Sichem ye pou nou ta dwe sèvi li? Se pa fis a Jerubbaal la? Se pa Zebul ki lyetnan li? Sèvi pito mesye Hamor yo, fis a Sichem lan, men poukisa nou ta dwe sèvi li menm?
29 If only this people were mine to command! Then I'd remove Abimelech; I'd say to him, 'Call out your whole army!'" Pito sa, ke pèp sa a te anba otorite pa m! Konsa, mwen ta retire Abimélec.” Konsa li te pale Abimélec: “Fè lame ou a vin pi gran e vin parèt deyò!”
30 When Zebul the city's ruler heard the words of Gaal son of Ebed, his anger flared. Lè Zebul, chèf lavil la te tande pawòl a Gaal yo, fis a Ébed la, kòlè li te vin brile.
31 He secretly sent messengers to Abimelech: "Gaal son of Ebed and his brothers have come to Shechem and are turning the city against you. Li te voye mesaje vè Abimélec pou twonpe li, e te di: “Veye byen, Gaal, fis a Ébed la avèk fanmi li te vini Sichem; epi gade, y ap konplote vil la kont ou.
32 Now rise by night, you and the people with you, and lie in wait in the field. Pou sa, fòk nou leve pandan nwit lan, nou menm avèk pèp nou an, pou kouche tann nan chan an.
33 In the morning at sunrise, get up early and raid the city. When Gaal and his men come out against you, do to them whatever your hand finds." Nan maten, depi solèy la leve, nou va leve bonè pou kouri sou vil la. Epi gade, lè li menm avèk pèp pa li a sòti deyò kont nou, nou va fè avèk yo nenpòt sa nou jwenn chans fè.”
34 So Abimelech and all his people set out at night and lay in wait against Shechem in four companies. Konsa, Abimélec avèk tout pèp ki te avèk li a, te leve pandan lannwit lan pou te kouche tann pou leve kont Sichem nan kat konpayi.
35 Gaal son of Ebed went out and stood at the city gate entrance; Abimelech and the people with him rose from ambush. Alò Gaal, fis a Ébed la te sòti e te kanpe devan antre pòtay vil la. Konsa, Abimélec avèk pèp ki te avèk li yo te leve sòti nan anbiskad la.
36 Gaal saw the people and told Zebul, "Look, people coming down from the hilltops!" Zebul said, "You're seeing mountain shadows as men." Lè Gaal te wè pèp la, li te di a Zebul: “Gade, gen moun k ap desann soti nan tèt mòn yo.” Men Zebul te di: “Se lonbraj mòn ke w ap gade tankou moun nan.”
37 Gaal spoke again, "Look, people coming down from the center of the land, and one company from the direction of the Diviners' Oak." Gaal te pale ankò e te di: “Gade, se moun k ap desann soti nan pi wo pati teren an, yon konpayi k ap pase pa chemen bwadchenn divinò yo.”
38 Then Zebul said to him, "Where's your big talk now—you who said, 'Who is Abimelech, that we should serve him?' Aren't these the people you despised? Go out and fight them!" Konsa, Zébul te di li: “Kote ògèy ou fè koulye a, lè ou te di: ‘Kimoun Abimélec ye pou nou ta dwe sèvi li?’ Men se pa moun sa yo ke ou meprize konsa? Ale deyò koulye a pou batay avèk yo!”
39 So Gaal went out at the head of the citizens of Shechem and fought Abimelech. Alò, Gaal te sòti deyò devan chèf Sichem yo pou te batay avèk Abimélec.
40 But Abimelech chased him, Gaal fled before him, and many fell wounded up to the gate's entrance. Abimélec te kouri dèyè li. Li te sove ale devan l, epi anpil te vin blese jis rive nan antre gran pòtay la.
41 Abimelech stayed in Arumah, and Zebul drove Gaal and his brothers out of Shechem, so they could not live there. Abimélec te viv nan Aruma; men Zebul te chase Gaal avèk fanmi li jiskaske yo pa t kab rete Sichem.
42 The next day the people went out into the fields, and Abimelech was told. Alò, li te vin rive nan jou ki vini an, ke pèp la te sòti rive nan chan an, e yo te pale Abimélec tout sa.
43 He took his men, split them into three companies, and set an ambush in the fields. When he saw the people leaving the city, he rose against them and struck them down. Konsa, li te pran pèp li a e te divize yo an twa konpayi. Li te kouche tann nan chan an, e lè l te wè pèp ki t ap sòti nan vil la, li te leve kont yo e te touye yo.
44 Abimelech and his companies rushed forward and took their stand at the city gate's entrance, while the other two companies rushed on all in the fields and struck them down. Abimélec avèk konpayi ki te avè l la te kouri devan e te kanpe antre nan pòtay vil la. Lòt de konpayi yo te kouri sou tout moun ki te nan chan an e te touye yo.
45 Abimelech fought the city all that day, captured it, killed its people, tore down the city, and sowed it with salt. Abimélec te goumen kont vil la pandan tout jounen an. Li te kaptire vil la e te touye pèp ki te ladann yo. Konsa, li te kraze vil la e te simen sèl ladann.
46 Hearing this, all the leaders of the Tower of Shechem entered the stronghold of the temple of El-berith. Lè tout chèf nan fò Sichem nan te tande sa, yo te antre kache nan chanm enteryè tanp El-Berith la.
47 Abimelech was told that all the leaders of the Tower of Shechem had gathered there, Kèk moun te avèti Abimélec ke tout chèf fò Sichem nan te rasanble ansanm.
48 so he went up Mount Zalmon, he and all his people. He took an axe in his hand, cut a branch of brushwood, lifted it, set it on his shoulder, and said to his people, "Hurry, do what you saw me do!" Konsa, Abimélec te monte Mòn Tsalmon an, ansanm ak tout pèp ki te avè l yo. Li te pran yon rach nan men l, e te koupe yon branch nan bwa yo. Li te leve li monte sou zepòl li, e te di pèp ki te avè l yo: “Sa nou wè ke m fè a, fè vit e fè l menm jan an.”
49 So everyone cut branches, followed Abimelech, piled them against the stronghold, and set it burning over those inside. The people of Shechem's Tower died too—about 1,000 men and women. Tout pèp la te koupe branch yo menm jan an, yo te swiv Abimélec, yo te plase yo kont chanm enteryè a, e yo te limen chanm enteryè a avèk dife anwo sila ki te anndan yo. Konsa, tout mesye nan fò Sichem yo te mouri, anviwon mil gason ak fanm.
50 Then Abimelech went to Thebez, camped against it, and captured it. Epi Abimélec te ale Thébets. Yo te fè kan kont Thébets e yo te kaptire li.
51 A strong tower stood inside the city, and all the men and women—all the city's leaders—fled to it, shut themselves in, and climbed to the tower's roof. Men te gen yon fò ki te byen fòtifye nan mitan vil la. Tout gason, ni fanm, ni tout chèf lavil la te sove ale rive la e te fèmen kò yo anndan, pou monte sou twati fò a.
52 Abimelech reached the tower, attacked it, and neared its door to burn it. Pou sa, Abimélec te vini vè fò a, e te goumen kont li. Li te pwoche antre nan fò a pou brile li avèk dife.
53 But a woman dropped an upper millstone on Abimelech's head and crushed his skull. Men yon sèten fanm te jete yon wòch moulen (sila a ki sòti anwo nan moulen an) sou tèt Abimélec e te kraze zo tèt li.
54 He quickly called his armor-bearer and said, "Draw your sword and kill me, so they can't say of me, 'A woman killed him.'" So the young man ran him through, and he died. Byen vit li te rele gason an ki te pote zam li yo. Li te di li: “Rale nepe ou touye mwen pou yo pa kab pale de mwen, ke yon fanm te touye m.” Konsa, jennonm nan te frennen li nèt e li te mouri.
55 When the men of Israel saw that Abimelech was dead, they all went home. Lè mesye Israël yo te wè ke Abimélec te mouri, yo tout te pati rive lakay yo.
56 This is how our Father repaid the evil Abimelech did to his father by killing his seventy brothers. Konsa, Bondye te rekonpanse mechanste Abimélec te fè a papa l, nan touye swasann-dis frè li yo.
57 Our Father returned all the evil of Shechem's men on their own heads, and Jotham son of Jerubbaal's curse came on them. Bondye te retounen tout mechanste a mesye Sichem yo sou pwòp tèt pa yo, epi madichon Jotham nan, fis Jerubbaal la, te vin sou yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]