Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the men of Ephraim said, "Why treat us like this—not calling us when you went to fight Midian?" And they quarreled with him sharply. Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd.
2 But he said to them, "What have I done now compared to you? Isn't Ephraim's gleaning better than Abiezer's grape harvest? Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a?
3 Our Father handed Midian's princes, Oreb and Zeeb, to you. What could I do compared to you?" At these words their anger against him faded. Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a.
4 Gideon reached the Jordan and crossed, he and his 300 men, exhausted but still pursuing. Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo.
5 He said to the men of Succoth, "Please give bread to my troops; they are worn out, and I am chasing Zebah and Zalmunna, the kings of Midian." Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”
6 But the officials of Succoth said, "Do you already hold Zebah and Zalmunna, that we should give bread to your army?" Chèf Succoth yo te di: “Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?”
7 So Gideon said, "When our Father hands Zebah and Zalmunna to me, I'll thresh your flesh with wilderness thorns and thornbushes." Gédéon te di: “Trè byen, lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.”
8 From there he went up to Penuel and spoke to them the same, and Penuel's men answered him as Succoth's men had. Li te monte soti la nan Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan.
9 So he said to the men of Penuel too, "When I return safely, I will tear down this tower." Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: “Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.”
10 Zebah and Zalmunna were in Karkor with their armies—about 15,000, all who remained of the entire army of the eastern peoples; 120,000 swordsmen had fallen. Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.
11 Gideon went up the tent dwellers' route east of Nobah and Jogbehah and attacked the army while the army felt secure. Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen.
12 Zebah and Zalmunna fled; he chased them, captured the two Midian kings, Zebah and Zalmunna, and panicked the whole army. Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.
13 Then Gideon son of Joash returned from the battle by the Pass of Heres. Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la.
14 He caught a young man of Succoth and questioned him; the man wrote down for him the names of Succoth's officials and elders—seventy-seven men. Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm.
15 He came to the men of Succoth and said, "Here are Zebah and Zalmunna, about whom you mocked me: 'Are Zebah and Zalmunna's hands already in your grasp, that we should give bread to your tired men?'" Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’”
16 He took the city's elders and, with desert thorns and thornbushes, taught the men of Succoth a lesson. Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo.
17 He also tore down the tower of Penuel and killed the men of the city. Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo.
18 He asked Zebah and Zalmunna, "What were the men you killed at Tabor like?" They said, "Like you—each resembling a king's son." Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”
19 He said, "They were my brothers, my own mother's sons. As our Father lives, had you spared them, I would not kill you." Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”
20 He said to Jether, his firstborn, "Get up, kill them!" But the boy did not draw his sword; he was afraid, still only a boy. Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.
21 Zebah and Zalmunna said, "Get up yourself and strike us down, for as the man is, so is his strength." So Gideon arose and killed Zebah and Zalmunna, and took the crescent ornaments on their camels' necks. Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.
22 Then the men of Israel said to Gideon, "Rule over us—you, your son, and your grandson—for you saved us from Midian's hand." Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”
23 Gideon told them, "I will not rule over you, nor will my son; our Father will rule over you." Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”
24 Gideon said to them, "I have one request: each of you give me an earring from his plunder." (The enemy had gold earrings, because they were Ishmaelites.). Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Izmayelit ke yo te ye.)
25 They said, "We'll gladly give them." They spread out a cloak, and each man threw on it an earring from his plunder. Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo.
26 The gold earrings he requested weighed about forty-two and a half pounds of gold, apart from the crescent ornaments, pendants, and purple garments worn by Midian's kings, and the chains on their camels' necks. Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo.
27 Gideon made an ephod from it and set it up in his city, Ophrah, and all Israel prostituted themselves to it there, becoming a snare to Gideon and his household. Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
28 So Midian was subdued before the Israelites and lifted its head no more. The land had peace forty years in Gideon's days. Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.
29 Then Jerubbaal son of Joash went and lived in his own house. Alò, Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li.
30 Now Gideon had seventy sons, his own offspring, for he had many wives. Gédéon te gen swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm.
31 His concubine who was in Shechem also bore him a son, and he named him Abimelech. Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec.
32 Gideon son of Joash died at a good old age, buried in his father Joash's tomb at Ophrah of the Abiezrites. Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.
33 When Gideon died, the Israelites again prostituted themselves to the Baals and made Baal-berith their god. Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.
34 The people of Israel did not remember our Father, who rescued them from all their enemies around them. Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote.
35 Nor did they show kindness to the household of Jerubbaal (Gideon) for all the good he had done for Israel. Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]