Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jerubbaal (Gideon) and all his people rose early, camping at Harod's spring; Midian's camp lay north of them, at Moreh's hill in the valley. Epi Jerubbaal (sa vle di Gédéon) avèk tout pèp ki te avèk li a te leve granmmaten e te fè kan an kote sous Harod la. Kan Madian an te vè nò de yo menm, akote ti mòn Moreh nan vale a.
2 Our Father told Gideon, "You have too many people for me to hand Midian to them, or Israel will brag against me, 'My hand saved me.' SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la ki avèk ou a twòp pou M ta delivre Madian nan men yo, paske Israël ta vin ògeye, e di: ‘Se pouvwa mwen ki delivre mwen.’
3 Now announce to the people: 'Whoever is afraid and trembling, turn back and leave Mount Gilead.'" 22,000 turned back; 10,000 remained. Pou sa, vin pwoklame nan zòrèy a tout pèp la, e di: ‘Nenpòt moun ki gen lakrent e k ap tranble, ke li retounen sòti nan Mòn Galaad.’” Konsa, venn-de-mil moun te retounen; men te gen di-mil moun ki te rete.
4 Our Father told Gideon, "The people are still too many. Take them down to the water; I will sift them for you there. Whoever I say goes with you will go; whoever I say won't go with you won't go." Alò, SENYÈ a te di a Gédéon: “Pèp la twòp toujou. Mennen yo desann kote dlo a, e Mwen va pase yo a leprèv pou ou la. Konsa li va ye ke si M di ou: ‘Sila a prale avè w’, l ap prale; men a tout sila ke M di w: ‘Sila a pa prale’, li pa prale.”
5 He brought the people down to the water, and our Father told Gideon, "Separate everyone who laps water with his tongue like a dog; do the same for everyone who kneels to drink." Konsa, li te mennen pèp la desann vè dlo a. Epi SENYÈ a te di a Gédéon: “Ou va separe tout sila ki lape dlo a avèk lang yo tankou chen ak, anplis sila ki mete kò l ajenou pou bwè yo.”
6 300 men lapped, hand to mouth; all the rest knelt to drink water. Alò, kantite a sila ki te lape dlo a, ki pa rale l nan men yo pou rive nan bouch yo se te twa-san lòm, e rès yo te mete yo ajenou pou bwè.
7 Our Father told Gideon, "With the 300 men who lapped I'll save you and give Midian into your hand. Send everyone else home, each to his place." SENYÈ a te di a Gédéon: “Mwen va delivre nou avèk twa-san lòm sila ki te lape dlo yo e yo va mete Madyanit yo nan men nou. Pou sa, kite tout lòt moun yo ale, tout moun rive lakay yo.”
8 The people took provisions and trumpets; Gideon sent the rest of Israel home, each to his tent, keeping the 300. Midian's camp lay below him in the valley. Konsa, twa-san lòm te pran pwovizyon a pèp la, avèk twonpèt pa yo nan men yo. Epi Gédéon te voye tout lòt mesye Israël yo chak nan pwòp tant pa yo, men te kenbe twa-san mesyè yo. Kan Madian an te anba nan vale a.
9 That night our Father told him, "Up, go down to the camp, for I've given it into your hand. Alò, menm nwit lan, li te vin rive ke SENYÈ a te vin di li: “Leve, desann nan kan an, paske mwen te livre li nan men ou.
10 But if you are afraid to go down, go down to the camp with Purah your servant, Men si ou pè desann, ale avèk Pura, sèvitè ou a, anba nan kan an.
11 "Hear what they say, then your hands will be strengthened, and you will go down into the camp." He went down with his servant Purah to the edge of the camp's armed troops. Ou va tande kisa yo di: apre sa, men w ap vin fò pou ou kapab desann kont kan an.” Konsa, li te ale avèk Pura, sèvitè li a, anba kote avan-gad a lame ki te nan kan yo.
12 Midianites, Amalekites, and all the eastern peoples lay in the valley like locusts; their camels were as countless as sand on the shore. Alò, Madyanit yo avèk Amalekit yo ak tout fis a lès la, te kouche nan vale a. Yo te plis an kantite pase krikèt volan, epi chamo pa yo te twòp pou konte, an gran nonb tankou grenn sab bò lanmè a.
13 When Gideon arrived, a man was telling his companion a dream. He said, "Listen, I had a dream: a round loaf of barley bread came tumbling into Midian's camp, struck the tent, and it fell—flipped upside down and flattened." Lè Gédéon te rive, veye byen, yon nonm t ap revele yon rèv a zanmi li. Li t ap di: “Gade byen, mwen te fè yon rèv; yon mòso pen lòj te tonbe antre nan kan Madian an. Li te rive nan tant lan, li te frape li pou l te tonbe, e, konsa, li te vire l tèt anba pou l kouche plat.”
14 His companion answered, "This is only the sword of Gideon son of Joash, an Israelite. God gave Midian and the whole camp into his hand." Zanmi li an te reponn: “Sa se pa anyen mwens ke nepe a Gédéon an, fis a Joas la, yon nonm de Israël. Bondye te mete Madian avèk tout kan an nan men li.”
15 Gideon heard the dream and its meaning, worshiped, returned to Israel's camp, and said, "Get up, for our Father has given Midian's camp into your hands." Lè Gédéon te tande afè rèv la ak entèpretasyon li, li te bese an adorasyon. Li te retounen nan kan Israël la, e li te di: “Leve, paske SENYÈ a gen tan mete kan Madian an nan men nou.”
16 He split the 300 men into three companies, each with a trumpet, an empty jar, and a torch inside. Li te divize twa-san lòm yo an twa konpayi, e li te mete twonpèt yo avèk krich vid yo nan men yo tout, avèk tòch yo anndan krich yo.
17 He told them, "Watch me; do as I do. When I reach the camp's edge, do as I do." Li te di yo: “Gade mwen, e fè menm bagay la. Epi veye byen, lè m rive kote bò kan an, fè menm sa ke m fè a.
18 When I and all with me blow trumpets, blow yours around the whole camp, and shout: "For our Father and for Gideon!" Lè mwen avèk tout sila ki avè m yo soufle twonpèt la, alò, nou, osi, nou va soufle twonpèt yo toutotou kan an, e nou va di: ‘Pou SENYÈ a e pou Gédéon.’”
19 Gideon and his one hundred men reached the camp's edge as the middle watch began, just after the guards changed. They blew trumpets and smashed the jars in their hands. Konsa, Gédéon avèk san mesyè ki te avèk li yo te rive bò kan an, nan kòmansman premye ve a, lè yo te fenk plase gad yo. Konsa, yo te soufle twonpèt la e te kraze krich ki te nan men yo.
20 The three companies blew their trumpets and smashed jars, torches in their left hands, trumpets in their right ready to blow, shouting, "A sword for our Father and for Gideon!" Lè twa konpayi yo te soufle twonpèt yo e kraze krich yo, yo te kenbe tòch yo nan men goch avèk twonpèt yo nan men dwat pou soufle, e yo te kriye fò: “Yon nepe pou SENYÈ a ak pou Gédéon!”
21 Each man stayed in place around the camp while the whole army ran, shouted, and fled. Tout moun te kanpe nan plas li ki te antoure kan an, epi tout lame a te sove ale. Yo te kriye fò e yo te pran flit.
22 When the 300 trumpets sounded, our Father set each man's sword against his companion throughout the camp. The camp fled to Beth-shittah, toward Zererah, to Abel-meholah's border near Tabbath. Lè yo te soufle twa-san twonpèt yo, SENYÈ a te mete nepe a youn kont lòt e kont tout lanmè a nèt. Konsa, lame a te sove ale jis rive nan Beth-Schitta anvè Tseréra, jis rive nan Abel-Mehola akote Tabath.
23 Israelites from Naphtali, Asher, and all Manasseh were called out, and they pursued Midian. Mesye Israël yo te rasanble sòti jis Nephtali avèk Aser ak tout Manassé, epi yo te kouri dèyè Madian.
24 Gideon sent messengers through Ephraim's hill country: "Come down against Midian—seize the waters ahead of them, as far as Beth-barah and the Jordan." So all Ephraim's men gathered and seized the waters as far as Beth-barah and the Jordan. Gédéon te voye mesaje toupatou nan peyi ti kolin Éphraïm yo. Li te di: “Vin desann kont Madian e pran dlo devan yo jis rive nan Beth-Bara avèk rivyè Jourdain an!”
25 They captured Midian's two princes, Oreb and Zeeb. They killed Oreb at Oreb's rock and Zeeb at Zeeb's winepress. Then they pursued Midian and brought Oreb's and Zeeb's heads to Gideon across the Jordan. Yo te kaptire de chèf dirijan a Madian yo, Oreb avèk Zeeb. Yo te touye Oreb nan wòch Oreb la, e yo te touye Zeeb nan pez divin Zeeb la, pandan yo t ap kouri dèyè Madian. Konsa, yo te pote tèt a Oreb avèk Zeeb bay Gédéon soti lòtbò Jourdain an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]