Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Israel did evil in our Father's sight, and our Father gave them into Midian's hand seven years. Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane.
2 Midian's hand overpowered Israel, so the Israelites made themselves dens in the mountains, caves, and strongholds. Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch.
3 Whenever Israel planted crops, Midian, Amalek, and the eastern peoples came up against them. Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo.
4 They camped against them, destroyed the land's crops to Gaza, leaving Israel no food—no sheep, ox, or donkey. Konsa, yo te fè kan kont yo, detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik.
5 They came up with livestock and tents, swarming like locusts; they and their camels were countless, and they invaded the land to destroy it. Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li.
6 So Israel was brought very low because of Midian, and the Israelites cried out to our Father. Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.
7 When the people of Israel cried out to our Father on account of Midian, Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian,
8 our Father sent a prophet to Israel, saying, "This is what our Father, the God of Israel, says: I brought you up from Egypt, out of the house of slavery. ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la.
9 I rescued you from Egypt and from all your oppressors; I drove them out before you and gave you their land. Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo.
10 I told you: I am your Father; don't fear the Amorite gods in whose land you live. But you haven't obeyed my voice." Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”
11 The messenger of our Father came and sat under the oak at Ophrah belonging to Joash the Abiezrite, while his son Gideon threshed wheat in the winepress to hide it from Midian. Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo.
12 The messenger of our Father appeared to him and said, "Our Father is with you, mighty warrior." Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”.
13 Gideon said to him, "Please, my lord, if our Father is with us, why has all this happened? Where are all his wonders our ancestors told of, saying, 'Didn't he bring us up from Egypt?' But now our Father has abandoned us, handing us to Midian." Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”
14 Our Father turned to him: "Go in this strength of yours and save Israel from Midian's hand. Have I not sent you?" SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”
15 He said, "Please, my Sovereign Father, how can I save Israel? My clan is weakest in Manasseh, and I'm least in my father's house." Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.”
16 Our Father told him, "But I will be with you, and you will strike down Midian as one man." Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.”
17 Gideon said, "If I have found favor with you, give me a sign it is really you speaking with me. Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen yon sign ke se Ou menm ki pale avè m.
18 Please don't leave until I return and bring my offering to set before you." He said, "I'll stay till you return." Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”
19 Gideon went in, prepared a young goat and bread without yeast from about twenty quarts of flour, put the meat in a basket and the broth in a pot, brought them to him under the oak, and offered them. Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.
20 The messenger of our Father told him, "Take the meat and bread without yeast, set them on this rock, and pour out the broth." He did. Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” Epi konsa li te fè.
21 The messenger of our Father reached out the staff tip in his hand and touched the meat and bread without yeast. Fire rose from the rock and consumed the meat and bread without yeast, and the messenger of our Father vanished from his sight. Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.
22 Realizing it was our Father's messenger, Gideon said, "Alas, O Sovereign Father! For now I've seen your messenger face to face!" Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”
23 But our Father said, "Peace to you. Don't be afraid; you won't die." Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”
24 Gideon built an altar there to our Father, naming it "Our Father Is Peace." It still stands at Ophrah of the Abiezrites today. Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.
25 That night our Father told him, "Take your father's bull, the second one seven years old, tear down your father's altar to Baal, and cut down the Asherah pole beside it. Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a.
26 Then build a proper altar to me, your Father, on top of this stronghold. Take the second bull and offer it as a burnt offering on the wood of the Asherah pole you cut down." Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fotrès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarat ke ou va koupe mete atè a.”
27 Gideon took ten servants and did as our Father told him. Too afraid of his family and the townsmen to act by day, he did it at night. Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit.
28 When the townsmen rose early, Baal's altar lay torn down, the Asherah pole beside it cut down, and the second bull offered on the newly built altar. Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati.
29 They asked each other, "Who did this?" After searching and asking, they were told, "Gideon son of Joash did it." Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?” Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.”
30 The townsmen told Joash, "Bring out your son to die; he tore down Baal's altar and cut the Asherah pole beside it." Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.”
31 Joash told the crowd against him, "Are you pleading Baal's case? Saving him? Whoever pleads for him dies by morning. If he's a god, let him defend himself, since someone tore down his altar." Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”
32 That day Gideon was called Jerubbaal—"Let Baal contend against him"—because he tore down Baal's altar. Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”
33 All Midian, Amalek, and the eastern peoples joined forces, crossed over, and camped in the Valley of Jezreel. Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la.
34 Then the Spirit of our Father clothed Gideon, and he blew the trumpet, and the Abiezrites were called to follow him. Konsa, Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li.
35 He sent messengers throughout Manasseh, who also rallied behind him, and to Asher, Zebulun, and Naphtali, who came up to meet them. Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte, rankontre ak yo.
36 Gideon said to our Father, "If you will save Israel by my hand, as you promised. Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a,
37 I'm putting a wool fleece on the threshing floor. If dew is only on the fleece while all the ground stays dry, I'll know you'll save Israel by my hand, as you said." gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”
38 So it was. Early next morning he squeezed the fleece and wrung dew from it—a bowl full of water. Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.
39 Then Gideon said to our Father, "Don't be angry; let me speak once more. Let me test with the fleece again: keep the fleece dry, and dew on all the ground." Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.”
40 That night our Father did so. Only the fleece was dry; dew covered all the ground. Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]