Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 On that day Deborah and Barak son of Abinoam sang this song: Alò, Débora avèk Barak, fis a Abinoam nan te chante jou sa a. Yo te di:
2 "When the leaders lead in Israel, when the people willingly offer themselves—praise our Father! “Akoz chèf yo te dirije Israël, akoz pèp la te pran desizyon, beni SENYÈ a!
3 Hear, O kings! Listen, O princes! I, even I, will sing to our Father; I will make music to our Father, the God of Israel. “Tande O wa yo! Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante. Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.
4 Our Father, when you went out from Seir, when you marched from the land of Edom, the earth trembled, the heavens poured, the clouds poured down water. “SENYÈ a, lè Ou te sòti Séir, lè Ou te mache soti nan chan Édom an, tè a te tranble e syèl la te fonn, menm nwaj yo te degoute dlo.
5 The mountains quaked before our Father, the One of Sinai, before our Father, the God of Israel. Mòn yo te souke devan prezans SENYÈ a, Sinai sila a, devan prezans SENYÈ a, Bondye a Israël la.
6 In the days of Shamgar son of Anath, in the days of Jael, the highways were deserted, and travelers kept to the winding paths. “Nan jou a Schamgar a, fis a Anath la, nan jou a Jaël yo, gran chemen yo te abandone, e vwayajè yo te pase pa lòt ti chemen.
7 Village life in Israel ceased, it ceased—until I, Deborah, arose, arose a mother in Israel. Aktivite abitan yo te sispann. Yo te sispann an Israël, jiskaske mwen menm, Débora, te vin leve. Jiskaske m te leve, yon manman an Israël.
8 They chose new gods; then war came to the gates. Not a shield or spear was seen among 40,000 in Israel. Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?
9 My heart goes out to the commanders of Israel who offered themselves willingly among the people—praise our Father! Kè m apiye vè chèf Israël yo, mesye ki parèt ak bon volonte pami pèp la. Beni SENYÈ a!
10 You who ride on white donkeys, you who sit on saddle blankets, and you who walk along the road—tell of it! “Pale, Nou menm ki monte bourik blan yo, nou menm ki chita sou tapi chè yo, ak nou menm ki vwayaje sou wout la.
11 Louder than the voice of those who divide the flocks at the watering places, there they recount the righteous acts of our Father, the righteous acts of his villagers in Israel. Then the people of our Father went down to the gates. Lwen bwi achè yo, nan kote y ap rale dlo, la yo va rakonte zèv ladwati a SENYÈ a, zèv ladwati pou moun li yo an Israël. “Epi pèp SENYÈ a te desann nan pòtay yo.
12 Awake, awake, Deborah! Awake, awake, break into song! Arise, Barak! Lead away your captives, son of Abinoam. ‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan! Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’
13 Then the survivors came down to the nobles; the people of our Father came down to me against the mighty. “Retay prens yo ak chèf yo te desann. SENYÈ a te desann pou mwen kont pwisant yo.
14 From Ephraim came those whose roots were in Amalek, following you, Benjamin, with your kinsmen; from Machir the commanders came down, and from Zebulun those who carry the marshal's staff. Sila yo rasinen nan Amalek te soti nan Epharïm. Yo t ap swiv ou, Benjamin, avèk pèp ou a. Soti nan Makir, kòmandan yo te desann. E soti nan Zabulon, sila ki voye baton pouvwa yo.
15 The princes of Issachar were with Deborah; yes, Issachar was faithful to Barak, rushing into the valley at his heels. Among the districts of Reuben there was great searching of heart. Prens Issacar yo te avèk Débora. Tankou Issacar, konsa Barak. Nan vale a, yo te plonje dèyè talon li. Akote kous dlo Ruben yo, yo te pran desizyon.
16 Why did you stay among the sheepfolds to hear the whistling for the flocks? Among the districts of Reuben there was great searching of heart. Poukisa nou chita pami pak mouton yo pou tande kri a bann mouton yo? Akote kous dlo Ruben yo, te gen kè ki manke pran desizyon.
17 Gilead stayed beyond the Jordan. And Dan, why did he linger by the ships? Asher sat still at the seashore, settling by his harbors. Galaad te rete lòtbò Jourdain an. Poukisa Dan te rete nan bato yo? Ak Aser ki chita bòdmè a akote ti flèv yo?
18 Zebulun was a people who risked their very lives; so was Naphtali, on the heights of the field. Men Zabulon, yon pèp ki pa t konsidere lavi yo jiska devan lanmò; ak Nephtali tou, nan lye wo sou chan an.
19 Kings came and fought; then the kings of Canaan fought at Taanach, by the waters of Megiddo, but they carried off no silver, no plunder. “Wa yo te parèt. Yo te goumen; wa Kananeyen yo te goumen kote Thaanac, toupre dlo a Méguiddo yo. Yo pa t pran piyaj an ajan.
20 From the heavens the stars fought; from their courses they fought against Sisera. Zetwal yo te goumen soti nan syèl la, soti nan kous yo, yo te goumen kont Sisera.
21 The river Kishon swept them away, the ancient river, the river Kishon. March on, my soul, in strength! Dlo ravin, larivyè Kishon te pran yo ale, ansyen dlo ravin nan, dlo ravin Kishon an. O nanm mwen mache avanse ak fòs.
22 Then the horses' hooves thundered—the galloping, galloping of his mighty steeds. Epi zago cheval yo te bat akoz kous la; kous a tout gwo zago pwisan sa yo.
23 Curse Meroz," said the messenger of our Father, "bitterly curse its people, because they did not come to help him, to help our Father against the mighty." ‘Modi Méroz di zanj SENYÈ a! Modi pèp ki rete la a nèt, akoz yo pa t vini ede SENYÈ a kont pwisant yo.’
24 Most blessed of women be Jael, the wife of Heber the Kenite, most blessed of women in the tent. “Beni pase tout fanm yo se Jaël, madanm Héber a, Kenyen an. Se pi beni li ye pase tout fanm nan tant lan.
25 He asked for water, and she gave him milk; in a bowl fit for nobles she brought him curds. Li te mande dlo; li te ba li lèt. Nan yon veso byen bèl, li te pote ba li bòl lèt yo.
26 Her hand reached for the tent peg, her right hand for the workman's hammer. She struck Sisera, she crushed his head, she shattered and pierced his temple. Li te lonje men li pou pran pikèt la, men dwat la pou mato ouvriye a. Konsa, li te frape Sisera. Li te kraze tèt li. Wi, li te kraze fwontèn tèt li a.
27 At her feet he sank, he fell, he lay still; at her feet he sank, he fell. Where he sank, there he fell—dead. Antre janm li yo, li te tonbe. La, li kouche. Kote gason an te bese a, la, li te tonbe mò.
28 Through the window peered Sisera's mother; behind the lattice she cried out, "Why is his chariot so long in coming? Why is the clatter of his chariots delayed?" “Deyò fenèt la, fi a te gade byen twouble: Manman Sisera te gade anndan treyi a. ‘Poukisa cha l a fè reta konsa? Poukisa nou poko tande bwi la a pye cheval cha li yo, k ap frape tè a pou l rive?’
29 Her wisest ladies answer her—indeed, she keeps repeating to herself. Demwazèl saj li yo tap reponn li; Anverite, li menm te repete pawòl yo nan pwòp tèt li
30 "Are they not finding and dividing the spoil?—a girl or two for every man, plunder of dyed cloth for Sisera, plunder of dyed cloth richly embroidered, two pieces of embroidered cloth for the neck of the plunderer?" ‘Èske se pa ke yo te jwenn, ke y ap divize piyaj la? Yon demwazèl, menm de demwazèl pou chak gèrye; pou Sisera, yon piyaj bèl twal fonse, piyaj a yon twal anbeli trese byen fen; yon mendèv très doub sou kou a piyajè a?’
31 So may all your enemies perish, our Father! But may those who love you be like the sun rising in its strength. Then the land had peace for forty years. “Se konsa pou kite tout lènmi Ou yo peri, O SENYÈ, men ke sila ki renmen Li yo vin tankou solèy k ap leve ak tout fòs li.” Konsa, peyi a te rete san boulvèsman pandan karant ane.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]