Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Once Ehud was dead, the Israelites again did evil in the eyes of our Father. Alò, fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a, apre Éhud te fin mouri.
2 So our Father sold them into the hand of Jabin king of Canaan, who ruled in Hazor. His army commander was Sisera, who lived in Harosheth-hagoyim. Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.
3 Then the Israelites cried out to our Father, for Sisera had 900 iron chariots and had harshly oppressed them for twenty years. Fis Israël yo te kriye a SENYÈ a, paske li te gen nèf san cha fèt an fè, e avèk severite, li te oprime fis Israël yo pandan ventan.
4 Now Deborah, a woman prophet, Lappidoth's wife, was judging Israel at that time. Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.
5 She would sit under the Palm of Deborah between Ramah and Bethel in Ephraim's hill country, and Israelites came up to her for judgment. Li te konn chita anba pye palmis a Débora a antre Rama avèk Béthel nan peyi ti kolin Ephraïm yo, epi fis Israël yo te kon vin vè li pou l fè jijman.
6 She sent for Barak son of Abinoam from Kedesh in Naphtali and told him, "Hasn't our Father, the God of Israel, commanded you: Go, march to Mount Tabor and take with you 10,000 men from Naphtali and Zebulun. Alò, li te voye kòmande Barak, fis a Abinoam nan, pou l soti nan Kedesh-Nephtali. Li te di l: “Veye byen, SENYÈ a, Bondye Israël la, te kòmande: “Ale mache vè Mòn Thabor e pran avèk ou di-mil lòm soti nan fis a Nephtali yo ak fis a Zabulon yo.
7 I will draw out Sisera, commander of Jabin's army, to meet you at the Kishon River with his chariots and troops, and hand him over to you." Mwen va atire fè vin parèt Sisera, kòmandan lame Jabin nan vini avèk cha li yo ak anpil sòlda yo vè larivyè Kishon, e mwen va mete li nan men ou.”
8 Barak said to her, "If you go with me, I'll go; but if you won't go with me, I won't go." Alò, Barak te di li: “Si ou prale avèk mwen, alò, m ap prale, men si ou pa prale avè m, mwen pa p prale.”
9 "I will surely go with you," she said, "but you will get no glory on the road you take, for our Father will give Sisera into the hand of a woman." So Deborah rose and went with Barak to Kedesh. Li te di: “Mwen va vrèman ale avèk ou. Malgre, lonè p ap pou ou nan vwayaj ke w ap fè a, paske SENYÈ a va vann Sisera nan men a yon fanm.” Konsa, Débora te leve e te ale avèk Barak pou rive Kédesch.
10 Barak called Zebulun and Naphtali to Kedesh; 10,000 men went up behind him, and Deborah went with him. Barak te rele Zabulon ak Nephtali ansanm pou rive Kédesch, epi di-mil lòm te monte avèk li. Anplis, Débora te monte avèk li.
11 Heber the Kenite, one of the descendants of Hobab, Moses' father-in-law, had separated from the Kenites and pitched his tent as far as the oak in Zaanannim, near Kedesh. Alò, Héber, Kenyen an te rete apa de Kenyen yo, fis Hobab yo, bòpè Moïse la, e te monte tant li byen lwen jis nan bwatchenn ki nan Tsaannaïm nan, ki toupre Kédesch la.
12 When they told Sisera that Barak son of Abinoam had gone up to Mount Tabor, Yo te di Sisera ke Barak, fis a Abinoam nan, te monte vè Mòn Thabor.
13 Sisera summoned all his chariots—900 iron chariots—and all his troops, from Harosheth-hagoyim to the Kishon River. Sisera te rele ansanm tout cha li yo, nèf-san cha an fè ak tout pèp ki te avèk li yo, soti nan Haroscheth de Goïm yo jis rive nan larivyè Kishon.
14 Deborah said to Barak, "Up! Today our Father hands Sisera over to you. Has our Father not gone out ahead of you?" So Barak charged down Mount Tabor with 10,000 men behind him. Debora te di a Barak: “Leve! Paske sa se jou nan sila SENYÈ a vin mete Sisera nan men ou! Veye byen, SENYÈ a gen tan sòti devan ou.” Konsa Barak te sòti desann Mòn Thabor avèk di-mil lòm ki t ap swiv li.
15 And our Father routed Sisera, all his chariots and all his army, by the sword before Barak; Sisera left his chariot and fled on foot. SENYÈ a te boulvèse Sisera avèk tout cha yo ak tout lame a avèk lam nepe devan Barak, epi Sisera te desann cha li e te sove ale a pye.
16 Barak chased the chariots and army to Harosheth-hagoyim, and Sisera's whole army fell by the sword; not one man survived. Men Barak te kouri dèyè cha yo avèk lame a jis rive Haroscheth-Goïm e tout lame Sisera a te tonbe pa lam nepe. Nanpwen youn ki te rete.
17 Meanwhile Sisera fled on foot to the tent of Jael, wife of Heber the Kenite, for Jabin king of Hazor and Heber's house were at peace. Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.
18 Jael went out to meet Sisera: "Turn in, my lord, turn in to me; don't be afraid." So he turned into her tent, and she covered him with a rug. Jaël te sòti deyò pou rankontre Sisera, e li te di li: “Vire akote, mèt mwen, vire akote vè mwen! Pa pè.” Epi li te vire akote li nan tant lan, e li te kouvri li avèk yon tapi.
19 He said, "Please give me a little water; I'm thirsty." She opened a skin of milk, gave him a drink, and covered him again. Li te di li: “Souple, ban mwen yon ti dlo pou m bwè; paske mwen swaf.” Konsa, li te ouvri yon boutèy lèt pou te bay li bwè ladann, epi li te kouvri li.
20 He said to her, "Stand at the tent entrance. If someone comes and asks, 'Is there a man here?' say, 'No.'" Li te di li: “Kanpe nan pòtay tant lan, epi li va rive ke si yon moun vin mande ou, e di: ‘Èske gen moun la a?’ Ou va di: ‘Non.’”
21 But Jael, Heber's wife, took a tent peg and hammer, crept up softly, and drove the peg through his temple into the ground while he lay fast asleep and exhausted. So he died. Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.
22 Just then Barak came pursuing Sisera, and Jael went out to meet him. "Come," she said, "and I'll show you the man you're looking for." He went in with her, and there lay Sisera, dead, the tent peg through his temple. Epi veye byen, pandan Barak t ap kouri dèyè Sisera, Jaël te parèt deyò e te di l: “Vini pou mwen montre ou nonm ke w ap chache a.” Epi li te antre avèk li. Vwala, Sisera te kouche la mouri nèt avèk pikèt tant lan nan fon li.
23 On that day our Father subdued Jabin king of Canaan before the Israelites. Konsa, Bondye te imilye, nan jou sa a, Jabin, wa Kananeyen an, devan fis Israël yo.
24 The hand of the Israelites pressed harder and harder on Jabin king of Canaan, until they destroyed him. Men lan a fis Israël yo te peze pi lou e pi lou sou Jabin, wa Kananeyen an, jiskaske yo te detwi Jabin, wa Kananeyen an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]