Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These are the nations our Father left to test Israel—all who had not known any of Canaan's wars. Alò, sila yo se nasyon ke SENYÈ a te kite pou sèvi kòm eprèv pou Israëlit yo ki potko konn fè lagè avèk Kananeyen yo.
2 (He did this only so Israel's generations who had not known war before might learn it.). Konsa li ta rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t kon fè lagè, ta kapab enstwi.
3 The nations: five Philistine rulers, all Canaanites, Sidonians, and Hivites living in the Lebanon mountains, from Mount Baal-hermon to Lebo-hamath. Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath.
4 They were to test Israel—whether they'd obey our Father's commands, given to their ancestors through Moses. Yo te pou pase a leprèv Israël, pou dekouvri si yo ta obeyi kòmand ke SENYÈ a te kòmande zansèt yo pa Moïse.
5 So the Israelites lived among the Canaanites, Hittites, Amorites, Perizzites, Hivites, and Jebusites. Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo.
6 They married these peoples' daughters, gave their own daughters to their sons, and served their gods. Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo.
7 Israel did evil in our Father's eyes, forgot their Father, and served the Baals and Asherahs. Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.
8 So our Father's anger burned against Israel; he sold them to Cushan-Rishathaim king of Aram-naharaim, whom Israel served eight years. Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.
9 When the Israelites cried out to our Father, he raised a rescuer—Othniel son of Kenaz, Caleb's younger brother—who rescued them. Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.
10 The Spirit of our Father came on him, and he judged Israel. He went to war, and our Father handed Cushan-Rishathaim king of Aram to him, and his hand prevailed over Cushan-Rishathaim. Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.
11 Then the land had rest for forty years, until Othniel son of Kenaz died. Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.
12 Israelites again did evil in the eyes of our Father, and because they did this evil, our Father strengthened Eglon king of Moab against Israel. Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.
13 Eglon gathered the Ammonites and Amalekites, went and struck Israel, and they seized the City of Palms. Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.
14 The Israelites served Eglon king of Moab eighteen years. Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane.
15 Israelites cried out to our Father again; he raised up Ehud son of Gera, a left-handed Benjamite, as rescuer. They sent tribute through him to Eglon king of Moab. Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.
16 Ehud made himself a two-edged sword, about eighteen inches long, and strapped it under his clothes on his right thigh. Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li.
17 He presented the tribute to Eglon king of Moab, who was a very fat man. Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra.
18 When Ehud had finished presenting the tribute, he sent away the people who had carried it. Li te vin rive ke lè li te fin prezante kòb la, li te fè moun pa l yo ki te pote don an sòti.
19 He turned back from the idols near Gilgal, saying, "I have a secret message for you, king." The king said, "Silence!" and all his attendants left him. Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati.
20 Ehud approached him, sitting alone in his cool upper room. Ehud said, "I have a word from God for you." The king rose from his seat. Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a.
21 Ehud reached with his left hand, took the sword from his right thigh, and plunged it into Eglon's belly. Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li.
22 The hilt entered after the blade; fat closed over it. Since Ehud didn't draw the sword from his belly, his guts spilled out. Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann.
23 Ehud went out to the porch, shut the upper room's doors behind him, and locked them. Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo.
24 After he left, his servants found the upper room's doors locked and said, "He must be easing himself in the cool room." Lè l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: “L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a.”
25 They waited until embarrassed, but he still hadn't opened the upper room's doors. So they took the key, opened them, and found their lord fallen on the floor, dead. Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati la. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt.
26 While they delayed, Ehud escaped. He passed beyond the idols and escaped to Seirah. Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra.
27 He arrived, blew the ram's horn in Ephraim's hills, and the Israelites came down with him from the hills, Ehud leading. Li te vin rive ke lè li te parèt, li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo.
28 He said, "Follow me, for our Father has given your enemies Moab into your hand." They went down after him, seized the Jordan fords against Moab, and let no one cross. Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe.
29 At that time they struck down about 10,000 Moabites, all strong, able-bodied men; not one escaped. Yo te frape fè tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e fò. Nanpwen ki te chape.
30 So Moab was subdued that day under Israel's hand, and the land had rest eighty years. Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.
31 Shamgar son of Anath followed, killing 600 Philistines with an oxgoad; he saved Israel too. Apre li te vin Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]