Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When Jabin king of Hazor heard this, he sent word to Jobab king of Madon, to the king of Shimron, and to the king of Achshaph, Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph,
2 and the northern kings: in the hill country, the Arabah south of Chinneroth, the lowland, and Dor's heights to the west; ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès,
3 to the Canaanites east and west, the Amorites, Hittites, Perizzites, and Jebusites in the hill country, and the Hivites below Hermon in the land of Mizpah. vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye Mòn Hermon nan peyi Mitspa a.
4 They marched out with all their troops—an army vast as sand on the seashore—and very many horses and chariots. Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.
5 All these kings united and came to camp together at the waters of Merom to fight against Israel. Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.
6 Our Father told Joshua, "Don't fear them, for by this time tomorrow I will give them all to Israel, dead. Hamstring their horses and burn their chariots with fire." Alò, SENYÈ a te di a Jousé: “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”
7 Joshua and his army came against them suddenly at the waters of Merom and attacked them, Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo.
8 and our Father gave them to Israel, who struck and pursued them as far as Greater Sidon and Misrephoth-maim, and eastward as far as the Valley of Mizpeh, leaving no survivor. SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo.
9 Joshua did to them as our Father told him: he hamstrung their horses and burned their chariots with fire. Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.
10 At that time Joshua turned back, captured Hazor, and struck its king down with the sword, for Hazor had formerly been head of all these kingdoms. Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo.
11 They struck everyone in it with the sword, destroying them completely; nothing that breathed was left, and Joshua burned Hazor itself with fire. Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.
12 Joshua captured all these kings' cities and all their kings, cut them down with the sword, devoting them to destruction, as Moses the servant of our Father commanded. Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a.
13 Israel burned none of the cities sitting on their mounds, except Hazor alone—Joshua burned that one. Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile.
14 Israel took all the plunder and livestock of these cities for themselves, but struck down every person by the sword until none were left breathing. Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.
15 As our Father commanded his servant Moses, so Moses commanded Joshua, and Joshua did it, leaving nothing undone of all our Father had commanded Moses. Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
16 Joshua took all this land: the hill country, all the Negev, all the land of Goshen, the lowland, the Arabah, and Israel's hill country with its lowland. Konsa, Josué te pran tout teritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen nan, ba plèn nan, Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li,
17 From Mount Halak, rising toward Seir, to Baal-gad in the Valley of Lebanon below Mount Hermon, he captured all their kings, struck them down, and killed them. soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.
18 Joshua waged war against all these kings for a long time. Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo.
19 No city made peace with Israel except the Hivites in Gibeon; Israel took them all in battle. Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo.
20 For our Father hardened their hearts to wage war against Israel, so they'd be devoted to destruction, shown no mercy, and wiped out—as our Father commanded Moses. Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
21 At that time Joshua went and eliminated the Anakim from the hill country—Hebron, Debir, Anab—and from all the hill country of Judah and all the hill country of Israel, devoting them and their cities to destruction. Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo.
22 No Anakim remained in Israelites' land; only in Gaza, Gath, and Ashdod did some remain. Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.
23 So Joshua took the whole land, exactly as our Father had told Moses, and gave it to Israel as an inheritance by their tribal divisions. Then the land had rest from war. Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]