Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Joshua 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Adoni-Zedek king of Jerusalem heard that Joshua had captured Ai and set it apart for destruction—handling Ai and its king just as he had Jericho and its king—and that Gibeon's people had made peace with Israel, now settled among them. Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo,
2 The people of Jerusalem were terrified, because Gibeon was a great city, like one of the royal cities, and because it was larger than Ai, and all its men were warriors. ke li te vin pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.
3 So Adoni-Zedek king of Jerusalem sent word to Hoham king of Hebron, to Piram king of Jarmuth, to Japhia king of Lachish, and to Debir king of Eglon, saying, Pou sa, Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te voye Hoham, wa Hébron an ak Piream, wa Jarmuth ak Japhia, wa Lakis avèk Debir, wa Eglon an, e te di:
4 "Come up to me and help me, and let us attack Gibeon, because it has made peace with Joshua and with the people of Israel." “Vin monte kote mwen pou ede m. Annou atake Gabaon, paske yo te fè lapè avèk Josué e avèk fis Israël yo.”
5 Then the five kings of the Amorites—the kings of Jerusalem, Hebron, Jarmuth, Lachish, and Eglon—joined forces and went up with all their armies. They encamped against Gibeon and made war against it. Konsa, senk wa Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.
6 The men of Gibeon sent this message to Joshua at the Gilgal camp: "Don't desert your servants! Come quickly and rescue us—help us! Every Amorite king in the hill country has joined forces against us." Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.”
7 So Joshua marched up from Gilgal with all his fighting men—his mighty warriors. Alò, Josué te monte soti Guilgal, li menm ansanm ak tout moun lagè yo ak tout gèrye vanyan yo.
8 And our Father told Joshua, "Don't fear them—I've given them over to you. Not one will stand before you." SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”
9 So Joshua came upon them suddenly, having marched all night up from Gilgal. Konsa, Josué te parèt sou yo sibitman akoz yo te mache nan nwit lan soti Guilgal.
10 And our Father threw them into a panic before Israel, striking them with a great blow at Gibeon, chased them along the road that goes up to Beth-horon, and cut them down as far as Azekah and Makkedah. Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.
11 As they fled before Israel down the slope of Beth-horon, our Father hurled great stones on them from the sky, all the way to Azekah, and they died. More of them died from the hailstones than the people of Israel killed with the sword. Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.
12 Then Joshua spoke to our Father on the day our Father gave the Amorites over to the people of Israel, and before all Israel he said: "Sun, stand still over Gibeon, and moon, over the Valley of Aijalon." Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”
13 And the sun stood still, and the moon stopped, until the nation had avenged itself on its enemies. Is this not written in the Book of Jashar? The sun stopped in the middle of the sky and did not hurry to set for about a full day. Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè.
14 There has never been a day like it, before or since, when our Father heeded the word of a man—for our Father fought for Israel. Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.
15 Then Joshua and all Israel with him returned to the camp at Gilgal. Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te retounen nan kan an Guilgal.
16 Now these five kings had fled and hidden themselves in the cave at Makkedah. Men senk wa sila yo te sove ale pou te kache kò yo nan gwòt Makkéda a.
17 And Joshua was told, "The five kings have been found, hidden in the cave at Makkedah." Li te pale a Jousé ke: “Senk wa yo te twouve kache nan gwòt Makkéda a.”
18 So Joshua said, "Roll large stones against the mouth of the cave, and post men beside it to guard them. Josué te di: “Woule gwo wòch yo kont bouch gwòt la; epi mete mesye yo veye l,
19 But do not stay there yourselves. Pursue your enemies and strike them from behind. Do not let them reach their cities, for your Father has given them into your hand." men pa rete nou menm. Swiv lènmi nou yo pou atake yo pa dèyè. Pa kite yo antre nan vil yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo nan men nou.”
20 When Joshua and the people of Israel had struck them with a crushing blow and wiped them out—though a few survivors escaped into the fortified cities. Li te vin rive ke lè Josué avèk fis Israël yo te fin touye yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo tout te fin detwi e sila ki te chape yo, yo te antre nan vil fòtifye yo,
21 Then all the people returned safely to Joshua in the camp at Makkedah, and no one dared speak against any Israelite. pou tout pèp la te retounen nan kan an kote Josué nan Makkéda anpè. Pèsòn pa t pale yon mo kont fis Israël yo.
22 Then Joshua said, "Open the mouth of the cave and bring those five kings out to me." Epi Jousé te di: “Ouvri bouch gwòt la e mennen senk wa sa yo sòti nan gwòt la.”
23 So they brought the five kings out of the cave to him: the kings of Jerusalem, Hebron, Jarmuth, Lachish, and Eglon. Se konsa yo te fè, yo te mennen senk wa sila yo soti deyò gwòt la: wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an.
24 When they had brought these kings out to Joshua, he called all Israel's men and told the war commanders who'd gone with him, "Come near, put your feet on the necks of these kings." So they came near and put their feet on their necks. Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.
25 Joshua told them, "Don't fear or be terrified. Be strong and brave—this is what our Father will do to all the enemies you fight." Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.”
26 After that, Joshua struck the kings, killed them, and hung them on five trees, where they stayed until evening. Epi answit, Josué te frape yo e te mete yo a lanmò, epi te pann yo sou senk pyebwa. Yo te pann sou bwa yo jis rive nan aswè.
27 At sunset Joshua ordered the bodies taken down from the trees and thrown into the cave where the kings had hidden. They set large stones over the cave's mouth, still there today. Li te rive nan lè solèy kouche ke Josué te bay yon kòmand pou yo te desann yo nan pyebwa yo, e jete yo nan gwòt kote yo te kache kò yo a. Yo te mete gwo wòch sou bouch gwòt la, ki la jis jodi a.
28 That day Joshua took Makkedah, struck it and its king with the sword, and destroyed everyone in it—no survivor left. He did to Makkedah's king as he had done to Jericho's king. Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, jis jan ke li te fè a wa Jéricho a.
29 Then Joshua and all Israel with him moved on from Makkedah to Libnah and fought against Libnah. Epi Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti Makkéda a Libna pou te goumen kont Libna.
30 And our Father also gave it, with its king, to Israel. Joshua struck it and every person in it with the edge of the sword, leaving no survivor. He did to its king as he had done to the king of Jericho. SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.
31 Then Joshua and all Israel with him marched from Libnah to Lachish, camped against it, and fought against it. Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti nan Libna a Lakis. Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li.
32 And our Father gave Lachish over to Israel, and Joshua captured it on the second day, striking it and everyone in it with the sword, as he had done to Libnah. SENYÈ a te bay Lakis nan men Israël. Li te kaptire li nan dezyèm jou a. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe, jis jan ke li te fè a Libna a.
33 Then Horam king of Gezer came up to help Lachish, but Joshua struck him and his people down, leaving no survivor. Alò Horam, wa Guézer a, te monte pou ede Lakis. Jousé te bat li ak pèp li a jiskaske li pa t kite moun vivan.
34 Joshua and all Israel with him moved from Lachish to Eglon, camped against it, and fought against it. Konsa, Josué avèk tout Israël te kite Lakis pou Églon; Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li.
35 They captured it that day and struck it with the edge of the sword. That day he devoted to destruction every person in it, just as he had done to Lachish. Yo te kaptire li nan jou sila a e te frape li avèk lam nepe. Nan jou sa a, li te konplètman detwi tout moun ki te ladann, jis jan li te fè a Lakis la.
36 Then Joshua, with all Israel, went up from Eglon to Hebron and attacked it. Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a Hébron, epi yo te goumen kont li.
37 They captured it, struck it with the edge of the sword—its king, all its towns, everyone in it. He left no survivor, just as he had done to Eglon, devoting it and everyone in it to destruction. Yo te kaptire li, frape li ak wa li a avèk tout vil li yo ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan, jis jan li te fè Eglon an. Li te konplètman detwi li avèk tout moun ki te ladann.
38 Then Joshua and all Israel with him turned back to Debir and fought against it. Epi Josué avèk tout Israël avèk li te retounen a Debir pou yo te goumen kont li.
39 He captured it, its king, and all its villages, struck them with the sword, and devoted every person in it to destruction—no survivors. He did to Debir and its king as he had done to Hebron and to Libnah and its king. Li te kaptire li avèk wa li a, ak tout vil li yo. Yo te frape yo avèk lam nepe e te detwi yo nèt tout moun ladann. Li pa t kite moun vivan. Jis jan ke li te fè Hébron an, konsa li te fè Debir avèk wa li a e li te osi fè nan Libna avèk wa li a.
40 Joshua struck the whole land—the hill country, the Negev, the lowlands, the slopes—and all their kings. He left no survivor; he destroyed everything that breathed, as our Father, the God of Israel, commanded. Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.
41 Joshua struck them from Kadesh-barnea to Gaza, and all the land of Goshen, to Gibeon. Josué te frape yo soti Kadès-Barnéa, jis rive Gaza.
42 Joshua took all these kings and their land at one time, because our Father, God of Israel, fought for Israel. Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.
43 Then Joshua and all Israel with him returned to the camp at Gilgal. Epi Josué ak tout Israël avèk li te retounen nan kan Guilgal la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]