Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Job 12 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Job te reponn:

2Anverite, konsa, se nou menm ki se pèp la.Se ak nou menm tout sajès ap mouri!

3Men mwen gen lespri menm tankou ou;mwen pa pi ba pase ou.Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?

4Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.Nonm nan ki dwat e san tò a vin yon blag.

5Sila ki alèz la ri sou malè a;men l ap tan pye l chape.

6Tant volè a fè pwofi,e sila ki pwovoke Bondye byen alez.Se nan men yo pote dye pa yo.

7“Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.

8Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.

9Se kilès pami tout sila yo ki pa konnenke se men SENYÈ a ki fè sa?

10Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,ansanm ak souf tout limanite a.

11Èske zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,menm jan ke bouch la goute manje li a?

12Sajès rete ak granmoun;yon lavi ki long gen bon konprann.

13“Avèk Bondye se sajès ak pwisans.A Li menm se konsèy avèk bon konprann.

14Gade byen, se Li menm ki detwi; e sa p ap kab rebati.Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.

15Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;Li voye yo deyò pou yo inonde latè a.

16Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,tou de se pou Li.

17Li fè konseye yo mache pye atèe fè jij yo antre nan foli.

18Li detache chenn ki mare wa yo,e mare senti yo ak yon sentiwon.

19Li fè prèt yo mache san rad,e boulvèse sila ki ansekirite yo.

20Li fè moun konfyans pa kab pale,e retire bon jijman a ansyen yo.

21Li vide mepriz sou prens yo,e lache senti a pwisan yo.

22Li devwale mistè ki nan tenèb yo,e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.

23Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.

24Li rache lespri a chèf pèp latè yo,e fè yo egare nan yon savann san chemen.

25Yo tatonnen nan fènwa a san limyè.Li fè yo kilbite tankou moun sou.

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]