Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 39 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Zedekiah king of Judah's ninth year, tenth month, Nebuchadnezzar king of Babylon came with all his army against Jerusalem and besieged it. Alò, lè Jérusalem te vin kaptire nan nevyèm ane pouvwa Sédécias la, wa Juda a, nan dizyèm mwa, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li te rive kote Jérusalem pou te fè syèj sou li.
2 In Zedekiah's eleventh year, in the fourth month, on the ninth of the month, the city was broken into. Nan onzyèm ane pouvwa Sédécias la, nan katriyèm mwa a, nan nevyèm jou nan mwa a, yon brèch te fèt nan miray vil la.
3 Then all the officials of the king of Babylon came and sat in the Middle Gate: Nergal-Sharezer, Samgar-Nebo, Sarsechim the Rab-saris, Nergal-Sharezer the Rab-mag, and the rest of the king of Babylon's officials. Epi tout ofisye a wa Babylone yo te antre ladann. Yo te chita bò kote Pòtay Mitan a; Nergal-Scharetser, Samgar-Nebu, Sarsekim, chèf a enik yo, Nergal-Sar-Ezer, chèf a majisyen yo, ak tout rès chèf a wa Babylon yo.
4 When Zedekiah king of Judah and all the soldiers saw them, they fled the city by night through the king's garden, by the gate between the two walls; and he went out toward the Arabah. Lè Sédécias, wa Juda a, ak tout mesye lagè yo te wè yo, yo te sove ale e te ale deyò lavil la nan nwit lan pa chemen jaden a wa a, atravè pòtay antre de miray yo. Konsa li te sove ale vè dezè a.
5 But the Babylonian army pursued them and caught Zedekiah on the plains of Jericho. They seized him and took him to Nebuchadnezzar king of Babylon at Riblah in the land of Hamath, where he passed sentence on him. Men lame Kaldeyen yo te kouri dèyè yo e te kaptire Sédécias nan plèn Jéricho. Yo te sezi li e te mennen li monte kote Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan Ribla, nan peyi a Hamath la. Epi li te pwononse jijman sou li.
6 The king of Babylon slaughtered Zedekiah's sons at Riblah before his eyes, and slaughtered all Judah's nobles. Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo.
7 Then he blinded Zedekiah and bound him in bronze chains to bring him to Babylon. Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.
8 The Babylonians burned the king's house and the people's houses with fire, and tore down Jerusalem's walls. Anplis, Kaldeyen yo te brile palè wa a ak dife avèk kay a pèp la, e yo te kraze miray Jérusalem yo.
9 Nebuzaradan, captain of the guard, exiled to Babylon the rest of the people left in the city, the deserters who had gone over to him, and the rest of the people who remained. Tout rès pèp la ki te rete lavil la, ak sila ki te abandone vil la, ki te janbe kote li, e retay ki te rete nan vil la, Nebuzaradan, chèf gad yo, te pote yo an egzil Babylone.
10 Nebuzaradan, captain of the guard, left some of the poorest people, who owned nothing, in Judah, and gave them vineyards and fields that day. Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
11 Now Nebuchadnezzar king of Babylon had given orders concerning Jeremiah through Nebuzaradan, captain of the guard, saying, Alò, Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pase lòd de Jérémie pa Nebuzaradan, chèf gad la. Li te di:
12 "Take him and look after him; do him no harm, but do whatever he asks." “Pran l e okipe l, pa fè l anyen ki mal, men pito aji avèk li jan li mande ou a.”
13 So Nebuzaradan the guard captain sent word, with Nebushazban the Rab-saris, Nergal-Sharezer the Rab-mag, and all the king of Babylon's chief officers. Konsa Nebuzaradan, chèf gad yo, te voye pawòl pa Nebuschazban, chèf a enik yo, Nergal-Scharetser, chèf a majisyen yo, ak tout chèf a wa Babylone yo,
14 They brought Jeremiah from the guard's courtyard and gave him to Gedaliah son of Ahikam, son of Shaphan, to take home. So he stayed among the people. te voye retire Jérémie sòti nan lakou kay gad la e te fè Guedalia, fis Achikam, fis a Schaphan nan, responsab pou mennen li lakay li. Konsa, li te rete pami pèp li a.
15 The word of our Father came to Jeremiah while he was confined in the courtyard of the guard: Alò, pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie pandan li te anprizone nan lakou kay gad la. Li te di:
16 "Go tell Ebed-Melech the Cushite: This is what the Father of heaven's armies, the Father of Israel, says: I am bringing my words against this city for harm, not good, and on that day they will come true before you. “Ale pale ak Ébed-Mélec, Etyopyen an pou di l: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen pawòl Mwen yo sou vil sa a pou dezas e pa pou pwosperite. Konsa yo va fèt devan ou nan jou sa a.
17 But I will rescue you that day, declares our Father; you won't be handed over to the men you fear. Men mwen va delivre ou nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “Ou p ap livre nan men a moun sa yo ke ou pè yo.
18 I will rescue you; you will not fall by the sword. Your life will be your prize of war, because you trusted in me, declares our Father." Paske anverite, Mwen va sove ou e ou p ap tonbe anba nepe, men ou va gen lavi ou kon benefis, akoz ou te mete konfyans nan Mwen,” deklare SENYÈ a.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]