Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 40 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word to Jeremiah from our Father after Nebuzaradan, guard captain, freed him at Ramah, having taken him chained among all the exiles of Jerusalem and Judah being carried to Babylon. Pawòl ki te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a lè Nebuzaradan, chèf a gad yo te lage li nan Rama, lè l te pran li mare ak chenn pami tout egzil a Jérusalem ak Juda ki t ap egzile Babylone yo.
2 The guard captain took Jeremiah and told him, "Your God declared this disaster against this place. Alò, chèf a gad yo te pran Jérémie. Yo te di l: “SENYÈ a, Bondye ou a, te pwomèt gwo malè sa a kont plas sa a;
3 The LORD brought it about and did just as he said, because you all sinned against the LORD, disobeyed him - so this happened to you. epi SENYÈ a te fè l vin parèt. Li te fè l jan sa te pwomèt la. Akoz nou te peche kont SENYÈ a e pa t koute vwa li, pou sa, bagay sa a te vin rive nou.
4 Look, today I release you from the chains on your hands. If it's good to come with me to Babylon, come—I'll watch over you. If not, don't: the whole land is before you; go wherever seems right." Men koulye a, gade byen, mwen ap libere ou jodi a de chenn ki nan men ou yo. Si ou ta prefere vini ak mwen Babylone, vini e mwen va okipe ou. Men si ou prefere pa ale, ou pa oblije. Gade, tout peyi a devan ou. Ale kote li sanble bon e an règ pou ou ta ale.”
5 Before Jeremiah left, Nebuzaradan said, "Return to Gedaliah son of Ahikam, son of Shaphan, whom Babylon's king set over Judah's cities—live with him among the people, or go wherever you think best." Then the guard captain gave him food, a gift, and sent him off. Kòm Jérémie poko t ap tounen, li te di: “Ale konsa, alò, retounen a Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ke wa Babylone nan te apwente sou vil a Juda yo, e rete la pami pèp la; oswa, ale kote li sanble pi bon pou ou ta ale.” Konsa chèf gad la te bay li yon pòsyon manje ak yon kado e te kite li ale.
6 Jeremiah went to Gedaliah son of Ahikam at Mizpah, staying with him among those left in the land. Konsa, Jérémie te ale Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam e te rete avè l pami moun ki te rete nan peyi a.
7 When all the field commanders and their men heard that the king of Babylon had appointed Gedaliah son of Ahikam over the land, charging him with the men, women, and children—the poorest of the land not exiled to Babylon. Alò, tout chèf lame ki te nan chan an ak mesye pa yo te tande ke wa Babylone nan te chwazi Guedalia, fis a Achikam nan, sou peyi a, e ke li te mete li an chaj de tout mesye yo, fanm ak timoun yo, sila ki te pi malere pase tout moun nan peyi a, ki pa t oblije fè egzil Babylone yo.
8 To Gedaliah at Mizpah came: Nethaniah's son Ishmael, Kareah's sons Johanan and Jonathan, Tanhumeth's son Seraiah, the Netophathite Ephai's sons, and the Maacathite's son Jezaniah—they and their men. Pou sa, yo te vin kote Guedalia Mitspa, ansanm ak Ismaël, fis a Nethania a ak Jochanan e Jonathan, fis a Karéach, Seraja, fis a Thanhumeth, fis a Éphaï, Nethopha ak Jezania, fis a Maacatite, yo menm ak mesye pa yo.
9 Gedaliah son of Ahikam, son of Shaphan, swore to them and their men: "Don't fear serving the Babylonians. Live in the land, serve Babylon's king, and you'll be fine. Epi Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, te sèmante a yo menm e a mesye pa yo. Li te di: “Pa pe sèvi Kaldeyen yo. Rete nan peyi a pou sèvi wa Babylone nan, pou sa ale byen pou nou.
10 I will stay at Mizpah, representing you before the Babylonians who come to us. But gather wine, summer fruit, and oil, store them in your jars, and live in the cities you've taken." Alò, pou mwen menm, gade byen, mwen ap rete Mitspa, pou m ka kanpe pou nou devan Kaldeyen ki va vini kote nou yo. Men pou nou, ranmase divin nan, fwi sezon ete a ak lwil epi mete yo nan veso pou konsève yo e rete nan vil nou ke nou fin okipe yo.”
11 All Judeans in Moab, Ammon, Edom, and every land also heard Babylon's king had left a remnant in Judah and appointed over them Gedaliah son of Ahikam, son of Shaphan. Menm jan an osi, tout Jwif ki te Moab yo, pami fis a Ammon nan Edom yo e ki te nan tout lòt peyi yo, te tande ke wa Babylone nan te kite yon retay pou Juda, e ke li te deziyen sou yo, Guedalia, fis a Achakim, fis a Schaphan an.
12 All the Judeans returned from wherever they'd scattered, came to Gedaliah at Mizpah in Judah, and gathered abundant wine and summer fruit. Epi tout Jwif yo te retounen soti tout kote ke yo te chase ale yo pou te vini nan peyi Juda, kote Guedalia nan Mitspa e te ranmase diven nan gran sezon an an gran kantite.
13 Johanan son of Kareah and all the army commanders in the countryside came to Gedaliah at Mizpah, Alò, Jochanan, fis a Karéach ak tout chèf lame ki te nan chan an te vini a Guedalia nan Mitspa.
14 and said, "Don't you know Ammon's king Baalis sent Ishmael son of Nethaniah to kill you?" But Gedaliah son of Ahikam disbelieved them. Yo te di a li menm: “Èske ou konnen ke Baalis, wa a fis Ammon yo te voye Ismaël, fis a Nethania a, pou pran lavi ou?” Men Guedalia, fis a Achakim nan, pa t kwè yo.
15 Then Johanan son of Kareah told Gedaliah at Mizpah in secret, "Let me kill Ishmael son of Nethaniah—no one will know. Why let him take your life and scatter all the Judeans gathered to you, so Judah's remnant dies?" Epi Jochanan, fis a Karéach la, te pale an sekrè ak Guedalia nan Mitspa. Li te di: “Kite mwen ale touye Ismaël, fis a Nethania a e pèsòn p ap konnen! Poukisa li ta dwe pran lavi ou pou tout Jwif ki rasanble a ou menm yo ta gaye, e pou retay Juda a ta peri?”
16 But Gedaliah son of Ahikam told Johanan son of Kareah, "Don't do this; you're lying about Ishmael." Men Guedalia, fis a Achikam nan, te di a Jochanan, fis a Karéach la: “Pa fè bagay sa a, paske ou ap di yon manti sou Ismaël.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]