Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 41 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In the seventh month Ishmael son of Nethaniah, son of Elishama, of royal lineage and a king's chief officer, came with ten men to Gedaliah son of Ahikam at Mizpah. There they ate a meal together at Mizpah. Nan setyèm mwa Ismaël, fis a Nethania a, fis a Élischama, manm fanmi wayal la, e youn nan chèf prensipal a wa yo, ansanm ak dis mesye te rive Mitspa, kote Guedalia, fis a Achikam nan. Pandan yo t ap manje pen ansanm nan Mitspa,
2 Ishmael son of Nethaniah got up, along with the ten men with him, and they struck Gedaliah son of Ahikam, son of Shaphan, with the sword, killing the man the king of Babylon had appointed over the land. Ismaël, fis a Nethania a ak dis mesye ki t ap manje avèk li yo te leve e te touye Guedalia, fis a Achikam, fis a Schaphan an, ak nepe, e te mete a lanmò sila ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
3 Ishmael also killed all the Jews with Gedaliah at Mizpah, and the Babylonian soldiers found there—the fighting men. Ismaël, anplis, te frape touye tout Jwif ki te avè l yo, sa vle di ak Guedalia nan Mitspa, menm ak Kaldeyen ki te la yo, mesye lagè yo.
4 On the second day after Gedaliah had been killed, before anyone knew of it, Alò, li te rive nan pwochen jou apre lanmò a Guedalia a, lè pèsòn pa t konnen anyen sou sa,
5 eighty men from Shechem, Shiloh, and Samaria came—beards shaved, clothes torn, bodies slashed—carrying grain offerings and incense to our Father's house. ke katre-ven gason te sòti Sichem, Silo ak Samarie avèk bab yo retire nèt ak razwa, ak rad yo chire e kò yo blese, ofrann ak lansan nan men yo pou pote lakay SENYÈ a.
6 Ishmael son of Nethaniah left Mizpah to meet them, weeping as he went. On meeting them he said, "Come to Gedaliah son of Ahikam." Epi Ismaël, fis a Nethania a, te sòti Mitspa pou rankontre yo e li t ap kriye nan wout la; epi pandan li te rankontre yo, li te di yo: “Vin kote Guedalia, fis a Akchikam nan!”
7 When they came into the city's midst, Ishmael son of Nethaniah and his men killed them, throwing them into the cistern's midst. Malgre sa, li te rive ke lè yo te antre anndan vil la, Ismaël, fis a Nethania a ak mesye ki te avè l yo te touye yo e jete yo nan sitèn nan.
8 Ten of them told Ishmael, "Don't kill us—we have wheat, barley, oil, and honey hidden in the field." So he spared them, not killing them with the rest. Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.
9 The cistern where Ishmael threw all the bodies of the men he killed was the large one King Asa had made because he feared Baasha king of Israel. Ishmael son of Nethaniah filled it with the dead. Alò, konsènan sitèn kote Ismaël te jete tout kadav a mesye ke li te touye akoz Guedalia yo, se te sila ki te bati pa wa Asa a pou Baescha, wa Israël la; Ismaël, fis a Nethania a, te plen li ak moun mouri yo.
10 Ishmael captured all the rest of the people at Mizpah—the king's daughters, everyone left at Mizpah—whom Nebuzaradan, captain of the guard, had entrusted to Gedaliah son of Ahikam. Ishmael son of Nethaniah captured them and set out to cross to the Ammonites. Epi Ismaël te pran an kaptif tout retay ki te Mitspa yo, fi a wa yo ak tout moun ki te rete Mitspa yo, ke Nebuzaradan, chèf gad la, te mete sou chaj Guedalia, fis a Achikam nan. Konsa Ismaël, fis a Nethania a, te pran yo an kaptif e te pati pou janbe kote fis a Ammon yo.
11 When Johanan son of Kareah and all the army commanders with him heard all the evil Ishmael son of Nethaniah did, Men Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf a fòs lame ki te avèk li yo te tande afè mechanste ke Ismaël, fis a Nethania a, te fè a.
12 they took all the men, went to fight Ishmael son of Nethaniah, finding him at the great pool in Gibeon. Pou sa, yo te pran tout mesye yo pou te ale goumen ak Ismaël, fis a Nethania. Yo te rankontre li akote gwo basen ki Gabaon an.
13 When all Ishmael's people saw Johanan son of Kareah and all the army commanders with him, they were glad. Alò, la menm tout moun ki te avèk Ismaël yo te wè Jochanan, fis a Karéach la ak chèf lame an ki te avèk li yo. Konsa, yo te kontan.
14 So all the captives Ishmael took from Mizpah turned back and went to Johanan son of Kareah. Tout moun ke Ismaël te pran kaptif soti Mitspa yo te vire retounen pou te ale kote Jochanan, fis a Karéach la.
15 But Ishmael son of Nethaniah escaped from Johanan with eight men and went on to the Ammonites. Men Ismaël, fis a Nethania a, te chape nan men Jochanan ak uit mesye pou te rive kote fis a Ammon yo.
16 Then Johanan son of Kareah and all the commanders of the forces with him took from Mizpah the rest of the people Johanan had rescued from Ishmael son of Nethaniah after Ishmael killed Gedaliah son of Ahikam—soldiers, women, children, and officials brought back from Gibeon. Epi Jochanan, fis a Karéach la ak tout chèf fòs lame ki te avèk li yo te pran soti Mitspa tout sila nan retay moun ke li te reprann soti nan men Ismaël, fis a Nethania a, lè l te fin touye Guedalia, fis a Achikam nan— ki vle di mesye ki te sòlda yo, fanm yo, timoun yo, ak enik ke li te mennen retounen soti Gabaon an.
17 They set out and stopped at Geruth Chimham near Bethlehem, heading for Egypt, Yo te ale rete Gerut-Kimham, toupre Bethléem, pou yo te ka ale an Égypte,
18 because they feared the Babylonians, since Ishmael son of Nethaniah killed Gedaliah son of Ahikam, whom Babylon's king appointed over the land. akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]