Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 38 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Shephatiah son of Mattan, Gedaliah son of Pashhur, Jucal son of Shelemiah, and Pashhur son of Malchijah heard Jeremiah telling all the people: Alò, Schephathia, fis a Mattan e Guedalia, fis a Paschhur, fis a Malkija, te tande pawòl ke Jérémie t ap pale a tout pèp la e t ap di:
2 "This is what our Father says: Whoever stays in this city will die by sword, famine, and plague, but whoever surrenders to the Babylonians will live and keep his life as plunder. “Konsa pale SENYÈ a: ‘Sila ki rete nan vil sa a va mouri ak nepe, ak gwo grangou e ak gwo ravaj ak maladi, men sila ki sòti pou rive anvè Kaldeyen yo va viv. Li va gen pwòp lavi l kon pwòp benefis pa l e li va viv.’
3 This is what our Father says: This city will surely be handed to the army of Babylon's king, and he will capture it." Konsa pale SENYÈ a: ‘Vil sa a va anverite livre nan men a wa Babylone nan, e li va kaptire l.’”
4 The officials told the king, "Put this man to death. Such words weaken the hands of the soldiers left in this city and all the people. He seeks not their good but their harm." Epi ofisye yo te di a wa a: “Koulye a, kite nonm sa a vin mete a lanmò, konsi l ap dekouraje mesye lagè ki rete nan vil sa a, ak tout pèp la lè l pale pawòl konsa avèk yo; paske nonm sa a p ap chache byen a pèp sa a, men malè yo.”
5 King Zedekiah said, "Look, he is in your hands; the king can do nothing to oppose you." Konsa, Wa Sédécias te di: “Gade byen, li nan men nou; paske wa a p ap ka fè anyen kont nou menm.”
6 They took Jeremiah and threw him into the cistern of Malchiah the king's son, in the guard's courtyard, lowering him by ropes. It had no water, only mud, and Jeremiah sank in. Epi yo te pran Jérémie e te jete li nan sitèn Malkija, fis a wa a, ki te nan lakou kay gad la. Yo te fè Jérémie desann ladann ak kòd yo. Alò, nan sitèn nan, pa t gen dlo, men sèlman labou, e Jérémie te fonse antre nan labou a.
7 But Ebed-Melech the Cushite, a palace official, heard that they had put Jeremiah in the cistern. While the king was sitting at the Benjamin Gate, Men Ébed Mélec, Etyopyen an, yon enik, pandan li te lakay wa a, te tande ke yo te mete Jérémie nan sitèn nan. Alò, wa a te chita nan antre Pòtay Benjamin an.
8 Ebed-Melech went out from the palace and spoke to the king: Epi Ébed-Mélec te sòti nan palè a wa a pou pale ak wa a. Li te di:
9 "My lord the king, these men have done evil in all they did to Jeremiah the prophet, throwing him in the cistern to die of hunger, since there's no more bread in the city." “Mèt mwen, wa a, mesye sila yo te aji ak mechanste nan tout sa yo te fè Jérémie yo, pwofèt ki te jete nan sitèn nan. Li va mouri kote li ye akoz gwo grangou, paske nanpwen pen ankò nan vil la.”
10 The king ordered Ebed-Melech the Cushite, "Take thirty men from here with you and lift Jeremiah the prophet from the cistern before he dies." Epi wa a te kòmande Ébed-Mélec, Etyopyen an, e te di l: “Pran trant mesye soti isit la anba otorite ou e mennen fè monte Jérémie soti nan sitèn nan avan l mouri.”
11 Ebed-Melech took the men, went to the palace, to a room under the treasury, took old rags and worn-out clothes, and let them down by ropes to Jeremiah in the cistern. Konsa, Ébed-Mélec te pran mesye yo anba otorite li, e te antre nan palè a wa a, yon kote pi ba depo a. Li te pran la vye rad epwize ak vye twal epwize e te fè yo desann sou kòd, antre nan pwi a, rive kote Jérémie.
12 Ebed-Melech the Cushite told Jeremiah, "Put these worn-out rags and clothes under your armpits, below the ropes." Jeremiah did. Konsa, Ébed-Mélec, Etyopyen an te di a Jérémie: “Alò, mete rad epwize sa yo ak twal yo anba bra ou, anba kòd yo.” Jérémie te fè l.
13 They pulled Jeremiah up out of the cistern with ropes; Jeremiah stayed in the guard's courtyard. Konsa, yo te rale Jérémie fè l monte leve sòti nan sitèn nan, e Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
14 Then King Zedekiah sent for Jeremiah the prophet and had him brought to the third entrance of our Father's house. The king said to Jeremiah, "I'll ask you something; hide nothing from me." Epi Wa Sédécias te voye fè yo mennen Jérémie, pwofèt la, kote li nan twazyèm antre ki nan kay SENYÈ a; epi wa a te di a Jérémie: “Mwen ap mande ou yon bagay. Pa kache anyen devan m.”
15 Jeremiah told Zedekiah, "If I tell you, won't you kill me? And if I advise you, you won't listen." Epi Jérémie te reponn a Sédécias: “Si mwen pale ou, anverite, ou p ap mete m a lanmò? Anplis, menm si m bay ou konsèy, ou p ap koute mwen.”
16 King Zedekiah secretly swore to Jeremiah, "As our Father lives, who made us this life, I won't kill you or hand you to these men seeking your life." Men wa Sédécias te sèmante a Jérémie an sekrè. Li te di: “Kon SENYÈ a viv la, ki te fè nanm nou, anverite, mwen p ap mete ou a lanmò, ni mwen p ap livre ou nan men a mesye sila k ap chache pran lavi ou yo.”
17 Jeremiah told Zedekiah, "This is what the Father of heaven's armies, the Father of Israel says: If you surrender to the king of Babylon's officials, your life will be spared, this city won't be burned with fire, and you and your household will live. Epi Jérémie te di a Sédécias: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la; ‘Si, anverite, ou va sòti deyò pou vin soumèt a wa Babylone nan; alò, ou va viv, vil sa a p ap brile ak dife e ou menm ak lakay ou va viv.
18 But if you refuse to surrender to the king of Babylon's officials, this city will be given to the Babylonians, who will burn it, and you won't escape them." Men si ou pa ale deyò kote ofisye a wa Babylone yo, alò, vil sa va livre nan men a Kaldeyen yo. Epi yo va brile li ak dife e ou menm, ou p ap chape nan men yo.’”
19 King Zedekiah told Jeremiah, "I fear the Judeans who deserted to the Babylonians; I may be handed over for them to abuse." Epi Wa Sédécias te reponn a Jérémie: “Mwen krent Jwif ki te janbe kote Kaldeyen yo, paske yo kapab petèt livre mwen nan men yo, e yo va abize m.”
20 Jeremiah said, "They won't hand you over. Obey our Father's voice as I tell you, so it goes well and your life is spared. Men Jérémie te di: “Yo p ap livre ou nan men yo. Souple, obeyi SENYÈ a nan sa ke m ap di ou a, pou l ka ale byen pou ou, e pou ou kapab viv.
21 But if you refuse to surrender, this is the word that our Father has shown me: Men si ou kontinye refize ale deyò, men pawòl ke SENYÈ a te montre m nan:
22 "Look! All the women left in the palace of Judah's king will be brought out to the officials of Babylon's king, and they'll say: 'Your trusted friends misled and overpowered you; your feet sank in the mud, and they have turned their backs on you.'" Alò, gade byen, tout fanm ki te rete nan palè wa Juda a, va mennen deyò kote prens a wa Babylone yo; epi fanm sa yo va di: “Pwòch zanmi ou yo te egare ou e te vin domine sou ou; pandan pye ou te kole nan labou a, yo te vire kite ou.”
23 "All your wives and children will be taken to the Babylonians, and you will not escape their hand but be seized by Babylon's king, and this city burned with fire." Anplis, yo va mennen deyò tout madanm ou yo ak fis ou yo devan Kaldeyen yo, e ou menm, ou p ap ka chape nan men yo, men ou va sezi pa men wa Babylone nan e vil sa a va brile ak dife.’”
24 Then Zedekiah said to Jeremiah, "Let no one know about this conversation, or you may die. Epi Sédécias te di a Jérémie: “Pa kite pèsòn konnen pawòl sa yo, e ou p ap mouri.
25 If the officials hear I spoke with you and come saying, 'Tell us what you said to the king and what he said to you; hide nothing from us, or we will put you to death,' Men si ofisye yo tande ke mwen te pale avèk ou, te vin rekonèt ou e di ou: ‘Pale a nou sa ke ou te di wa a, sa ke wa a te di ou a; pa kache sa devan nou e nou p ap mete ou a lanmò,’
26 then tell them, 'I was begging the king not to send me back to Jonathan's house to die.'" alò, ou gen pou di yo: ‘Mwen t ap prezante siplikasyon mwen yo devan wa a, pou l pa fè m retounen lakay Jonathan pou m pa ta mouri la.’”
27 All the officials came and questioned Jeremiah, and he answered exactly as the king had ordered. So they stopped, for the conversation had not been overheard. Epi tout ofisye yo te vin kote Jérémie pou te kesyone li. Pou sa, li te reponn yo selon pawòl ke wa a te kòmande yo. Epi yo te sispann pale ak li, konsi konvèsasyon an pa t koute pa okenn moun.
28 Jeremiah stayed in the guard's courtyard until the day Jerusalem was captured. And this was the situation when Jerusalem fell. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad yo jis rive jou ke Jérusalem te vin kaptire a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]