Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 37 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Zedekiah son of Josiah reigned instead of Coniah son of Jehoiakim, whom Nebuchadnezzar king of Babylon made king in Judah's land. Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan.
2 But neither he, his servants, nor the land's people heeded our Father's words spoken through Jeremiah the prophet. Men ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.
3 King Zedekiah sent Jehucal son of Shelemiah and Zephaniah son of Maaseiah the priest to Jeremiah the prophet: "Please pray to our Father for us." Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: “Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”
4 Jeremiah was still coming and going among the people; they had not yet imprisoned him. Alò, Jérémie te toujou ap sikile pami pèp la, paske yo potko mete l nan prizon.
5 Pharaoh's army had marched from Egypt; when the Babylonians besieging Jerusalem heard, they withdrew from Jerusalem. Antretan, lame Farawon an te gen tan sòti an Égypte; epi lè Kaldeyen ki t ap fè syèj Jérusalem yo te tande rapò de yo a, yo te leve syèj la sou Jérusalem.
6 Then the word of our Father came to Jeremiah the prophet: Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie, pwofèt la e te di:
7 This is what our Father of Israel says: Tell Judah's king who sent you to ask me: Pharaoh's army that marched out to help you is returning home to Egypt. “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte.
8 Then the Babylonians will return and fight this city, capture it, and burn it down. Kaldeyen yo va retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.”’”
9 This is what our Father says: Don't fool yourselves, saying, "The Babylonians will surely leave us"—they won't leave. “Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale.
10 Even if you struck down the whole Babylonian army fighting you, and only wounded men were left in their tents, they would rise up and burn this city down. Paske menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”
11 Now when the Babylonian army had withdrawn from Jerusalem because of Pharaoh's army, Alò, li te vin rive ke lè lame Kaldeyen an te leve syèj Jérusalem nan akoz lame Farawon an,
12 Jeremiah left Jerusalem for the land of Benjamin to claim his share there among the people. ke Jérémie te sòti deyò Jérusalem pou ale nan peyi Benjamin pou l ta ka pran posesyon a yon teren pami pèp la.
13 At the Benjamin Gate, guard captain Irijah son of Shelemiah son of Hananiah seized Jeremiah the prophet: "You're deserting to the Babylonians!" Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”
14 Jeremiah said, "A lie! I'm not deserting to the Babylonians." But Irijah ignored him, seized Jeremiah, and took him to the officials. Men Jérémie te di: “Manti! Mwen p ap apiye Kaldeyen yo”. Men li te refize koute li. Konsa, Jireija te arete Jérémie e te mennen li kote ofisye yo.
15 The officials were angry with Jeremiah, beat him, and jailed him in the house of Jonathan the scribe, made into a prison. Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.
16 So Jeremiah went into the vaulted cells of the dungeon, and there he remained many days. Lè Jérémie te fin rive nan donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou.
17 Then King Zedekiah sent for him and had him brought out. The king questioned him privately at the palace and asked, "Is there any word from our Father?" "There is," Jeremiah said. "You will be handed to the king of Babylon." Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”
18 Jeremiah asked King Zedekiah, "How have I sinned against you, your servants, or this people, that you jailed me? Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an?
19 Where now are your prophets who prophesied, 'The king of Babylon won't come against you or this land'? Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’?
20 Please hear me, my lord the king: let my plea reach you—don't send me back to Jonathan the scribe's house, or I'll die there." Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”
21 King Zedekiah gave orders, and they placed Jeremiah in the guard's courtyard, giving him a loaf of bread daily from the bakers' street until the city's bread ran out. So Jeremiah stayed in the guard's courtyard. Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]