Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 In Judah's King Jehoiakim son of Josiah's fourth year, this word came to Jeremiah from our Father: Nan katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:
2 "Take a scroll and write on it everything I've spoken to you against Israel, Judah, and all nations, from when I first spoke to you in Josiah's days until now. “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.
3 Perhaps Judah will hear all the disaster I plan to bring on them, each turning from his evil way, so I forgive their guilt and sin." Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab padone inikite ak peche yo.”
4 Jeremiah summoned Baruch son of Neriah, and Baruch wrote on a scroll, from Jeremiah's dictation, all the words our Father had spoken to him. Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo.
5 Then Jeremiah instructed Baruch, "I am confined; I cannot go to the house of our Father. Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a.
6 Go read from the scroll our Father's words you wrote as I dictated—read them to all the people in our Father's house on a fast day, and to the people of Judah coming from their towns. Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo.
7 Perhaps their plea for mercy will reach our Father, and each will turn from his evil way, for our Father has declared great anger against this people." Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”
8 Baruch son of Neriah did all Jeremiah the prophet commanded him, reading our Father's words in the book, in our Father's house. Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a.
9 In the fifth year of Jehoiakim son of Josiah king of Judah, ninth month, all in Jerusalem and all who came from Judah's towns proclaimed a fast before our Father. Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon jèn devan SENYÈ a.
10 Baruch read Jeremiah's words from the scroll for all the people to hear, in the house of our Father, in the chamber of Gemariah son of Shaphan the scribe, in the upper court, at the New Gate entrance of our Father's house. Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.
11 When Micaiah son of Gemariah, son of Shaphan, heard all our Father's words from the scroll, Alò, lè Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la,
12 he went down to the king's house, to the scribe's room, where all the officials sat: Elishama the scribe, Delaiah son of Shemaiah, Elnathan son of Achbor, Gemariah son of Shaphan, Zedekiah son of Hananiah, and all the officials. Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo.
13 Micaiah reported all the words he heard when Baruch read from the book to the people. Michée te deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la.
14 So all the officials sent Jehudi son of Nethaniah, son of Shelemiah, son of Cushi, to Baruch: "Bring the scroll you read to the people, and come." Baruch son of Neriah took it and came to them. Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.” Konsa Baruc, fis a Nethania, te pran woulo a nan men l e te ale kote yo.
15 They told him, "Sit and read it to us." So Baruch read it to them. Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.” Konsa, Baruc te li li bay yo.
16 Hearing all the words, each turned to his neighbor in fear, saying to Baruch, "We must tell the king all these words." Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.”
17 They asked Baruch, "Tell us, how did you write all these words? At his dictation?" Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”
18 Baruch answered, "He dictated all these words to me; I wrote them in the book with ink." Epi Baruc te di yo: “Li te dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.”
19 Then the officials told Baruch, "Go hide, you and Jeremiah; let no one know where you are." Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”
20 So they went to the king in the court, leaving the scroll in scribe Elishama's room, and reported everything to him. Pou sa, yo te ale kote wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a.
21 The king sent Jehudi for the scroll; he took it from the scribe Elishama's room. Jehudi read it aloud to the king and all the officials standing near him. Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a.
22 The king sat in the winter house, in the ninth month, fire burning in the firepot before him. Alò, wa a te chita nan kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l.
23 As Jehudi read three or four columns, the king cut them off with a scribe's knife, throwing them into the fire pot until the whole scroll was burned. Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a.
24 But the king and all his servants who heard these words weren't afraid or tore their clothes. Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo pa t pè, ni yo pa t chire rad yo.
25 Elnathan, Delaiah, and Gemariah urged the king not to burn the scroll, but he refused to listen to them. Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo.
26 The king ordered Jerahmeel the king's son, Seraiah son of Azriel, and Shelemiah son of Abdeel to seize Baruch the scribe and Jeremiah the prophet, but our Father hid them. Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.
27 Then our Father's word came to Jeremiah after the king burned the scroll with the words Baruch wrote at Jeremiah's dictation: Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di:
28 "Get another scroll and write on it all the words from the first scroll, which Jehoiakim king of Judah burned. “Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a.
29 About Jehoiakim king of Judah, say: This is what our Father says: You burned this scroll, asking, 'Why did you write that the king of Babylon will surely come and destroy this land, wiping out every person and animal?' Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’
30 So our Father says of Jehoiakim king of Judah: none of his will sit on the throne of David; his corpse will be thrown out to the day's heat and the night's frost. ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit.
31 I will punish him, his offspring, and his servants for their sin, bringing on them, Jerusalem's residents, and Judah's people all the disaster I declared against them—but they did not listen." Anplis, Mwen va pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”
32 Jeremiah took another scroll, gave it to Baruch son of Neriah the scribe, who wrote at his dictation all the words of the scroll Jehoiakim king of Judah burned in the fire, plus many similar words. Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]