Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word that came to Jeremiah from our Father in the days of Jehoiakim son of Josiah, king of Judah: Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di:
2 "Go to the Rechabites' house, speak with them, bring them into a side room of my house, and give them wine to drink." “Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”
3 So I took Jaazaniah son of Jeremiah, son of Habazziniah, and his brothers and all his sons and the whole house of the Rechabites, Konsa, mwen te pran Jaazania, fis a Jérémie an, fis a Habazinia a, frè li yo, tout fis li yo ak tout kay Rekabit yo,
4 and I brought them to our Father's house, into the room of the sons of Hanan son of Igdaliah, the man of our Father, next to the officials' room, above the room of Maaseiah son of Shallum, the gatekeeper. epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la.
5 Then I set bowls full of wine and cups before the sons of the house of the Rechabites and said, "Drink some wine." Epi mwen te plase devan mesye lakay Rekabit yo, krich plen ak diven ak tas, epi mwen te di yo: “Bwè diven!”
6 But they said, "We will not drink wine, for our father Jonadab son of Rechab commanded us: You and your children will never drink wine. Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan.
7 Do not build a house, sow seed, or plant a vineyard; own none. Live in tents all your days, so you may live many days on the land where you stay.' Nou pa pou bati kay e nou pa pou simen semans, ni plante chan rezen, ni achte youn; men se nan tant nou dwe viv pandan tout jou nou yo, pou nou kapab viv anpil jou nan peyi kote nou demere a.’
8 So we have obeyed Jonadab son of Rechab, our father, in all he commanded us: to drink no wine all our days—we, our wives, our sons, and our daughters, Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo,
9 and not to build houses to live in. We have no vineyard or field or seed, ni bati pou nou menm kay pou nou ta viv ladann. Nou pa genyen chan rezen yo, ni chan kiltive, ni semans,
10 but we have lived in tents, obeying and doing all our father Jonadab commanded us. “Men se sèlman nan tant nou te rete yo. Nou te obeyi e te fè selon tout sa ke Jonadab, papa nou, te kòmande nou yo.
11 But when King Nebuchadnezzar of Babylon invaded the land, we said, 'Come, let's go to Jerusalem to escape the Babylonian and Aramean armies.' So we live in Jerusalem." Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”
12 Then the word of our Father came to Jeremiah: Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:
13 This is what the Father of heaven's armies, the Father of Israel, says: Tell the people of Judah and Jerusalem's residents: Will you not accept correction and listen to my words? declares our Father. “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a.
14 Jonadab son of Rechab's command that his children not drink wine has been kept; to this day they drink none, because they obeyed their father's order. But I have spoken to you again and again, and you have not listened to me. “Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.
15 Again and again I sent you all my servants the prophets, saying, 'Each of you, turn from your evil way and correct your deeds. Do not follow other gods to serve them, and you will live in the land I gave you and your ancestors.' But you have not listened or paid attention to me. Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen.
16 Jonadab son of Rechab's descendants kept their father's command, but this people has not listened to me. Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’
17 So the Father of heaven's armies, the Father of Israel, says: "I am bringing on Judah and all the people of Jerusalem every disaster I pronounced against them, because I spoke to them and they did not listen, I called to them and they did not answer." “Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”
18 Jeremiah said to the house of the Rechabites, "This is what the Father of heaven's armies, the Father of Israel, says: Because you obeyed your father Jonadab's command, kept all his instructions, and did everything he commanded you, Epi Jérémie te di a lakay Rekabit yo: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz nou te obeyi lòd a Jonadab, papa nou an, nou te swiv tout lòd li yo, e te fè tout sa ke li te kòmande nou;’
19 so says the Father of heaven's armies, the Father of Israel: Jonadab son of Rechab will always have a descendant standing before me." Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]