Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 34 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word to Jeremiah from our Father when Nebuchadnezzar king of Babylon, all his army, and all the kingdoms he ruled and all the peoples fought against Jerusalem and all its cities: Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li a, ak tout wayòm latè ki te anba pouvwa l yo ak tout pèp yo, t ap goumen kont Jérusalem e kont tout vil li yo, ki te di:
2 our Father of Israel says: Go, speak to Zedekiah king of Judah, tell him: our Father says: I am handing this city to Babylon's king; he will burn it with fire. Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Ale pale a Sédécias, wa Juda a, epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap bay vil sa a pou antre nan men a wa Babylone nan, e li va brile li ak dife.
3 You will not escape his hand but will surely be captured and handed to him. Your eyes will see the king of Babylon's eyes, his mouth speaking to yours, and you will go to Babylon. Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”
4 Yet hear the word of your Father, Zedekiah, king of Judah: our Father says you won't die by the sword. “Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, O Sédécias, wa Juda a. Konsa pale SENYÈ a konsènan ou menm, ‘Ou p ap mouri pa nepe.
5 You will die in peace. As spices were burned for your fathers, the kings before you, so they will burn them for you and mourn you, 'Alas, lord!' I have spoken this, declares your Father. Ou va mouri anpè. Tankou epis yo te brile pou antèman papa zansèt ou yo, ansyen wa ki te avan ou yo, se konsa yo va brile epis pou ou. Yo va fè kri dèy pou ou: “Anmwey mèt nou an”, paske se Mwen ki bay mo sa a’ deklare SENYÈ a.”
6 Then Jeremiah the prophet spoke all these words to Zedekiah king of Judah in Jerusalem, Epi Jérémie te pale tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem
7 while Babylon's king's army attacked Jerusalem and all Judah's remaining cities—Lachish and Azekah, the last fortified cities left in Judah. lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.
8 The word to Jeremiah from our Father after King Zedekiah made a covenant with all the people in Jerusalem, proclaiming freedom to them: Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a apre Wa Sédécias te fin fè yon antant ak tout moun ki te Jérusalem yo pou libere yo:
9 each to free his Hebrew male and female slaves, so no one would enslave a fellow Judahite, his brother. pou chak moun ta bay libète a sèvitè li e chak moun a sèvant li, yon gason Ebre oswa yon fanm Ebre; pou pèsòn pa ta kenbe yo, yon Jwif frè parèy yo, nan esklavaj.
10 All officials and people who had entered the covenant obeyed, each freeing his male and female slaves, no longer holding them in bondage; they obeyed and freed them. Epi tout ofisye yo ak tout pèp la te obeyi a sila ki te antre nan akò a, ke chan moun ta libere sèvitè ak sèvant li yo, pou okenn moun pa ta kenbe yo an esklavaj. Yo te obeyi e te bay yo libète.
11 Afterward they turned back and took back the male and female slaves they had freed, and forced them back into slavery. Men apre yo te fin vire, yo te reprann sèvitè ak sèvant ke yo te bay libète yo, e te fè yo soumèt ankò nan wòl sèvitè ak sèvant yo.
12 Then the word of our Father came to Jeremiah, saying: Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di:
13 This is what our Father of Israel says: "I myself made a covenant with your fathers the day I brought them out of the land of Egypt, out of the house of slavery, saying: Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: Mwen te fè yon akò ak papa zansèt nou yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la. Mwen te di:
14 At seven years' end, each must free his Hebrew brother sold to you and serving six years; set him free. But your fathers did not listen or pay attention to me. Nan fen sèt ane yo, nou chak va libere frè Ebre ki te vann a li menm nan, e ki te sèvi nou pandan sis ane yo. Yo va voye li lib de nou menm. Men papa zansèt nou yo pa t obeyi Mwen, ni pa t panche zòrèy yo kote Mwen.
15 You recently turned and did right in my eyes, each proclaiming freedom to his neighbor, making a covenant before me in the house that bears my name. Malgre sa, nan tan sa a, nou te vire fè sa ki dwat nan zye M, chak moun te pwoklame libète a vwazen li e nou te fè yon akò avèk Mwen nan kay ki rele pa non Mwen an.
16 But you turned back and desecrated my name: each of you took back the male and female slaves you had freed to go freely, forcing them into slavery again." Men koulye a, nou te vire derespekte non Mwen, chak moun te reprann sèvitè ak sèvant ke nou te libere selon dezi yo, e nou te fè yo vin soumèt pou devni ankò sèvitè ak sèvant nou.
17 So our Father says: "You did not obey me by proclaiming freedom, each to his brother and neighbor. So I proclaim freedom for you—declares your Father—to the sword, plague, and famine; I will make you a horror to every kingdom of the earth. Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo.
18 I will hand over the men who broke my covenant, failing to keep the terms they made before me—like the calf they cut in two and passed between the parts. Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo—
19 Judah's and Jerusalem's officials, the court officials, the priests, and all the land's people who passed between the calf's pieces. Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la—
20 I will hand them to their enemies, to those seeking their life. Their corpses will feed the birds of the sky and the animals of the earth. Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
21 Zedekiah king of Judah and his officials I will hand to their enemies, to those seeking their lives, and to the army of Babylon's king that has withdrawn from you. “Sédécias, wa Juda a, ak ofisye pa l yo, Mwen va livre yo nan men lènmi pa yo, nan men a sila k ap chache lavi yo ak nan men a lame Babylone ki te ale kite nou an.
22 I am giving orders, declares your Father, to bring them back to this city; they will fight it, capture it, and burn it. And I will make Judah's cities a wasteland where no one lives." Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]