Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 33 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father came to Jeremiah a second time, while he was still held in the guard's courtyard: Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou nan prizon nan lakou gad la. Li te di:
2 So says our Father—maker of the earth, forming it to establish it—our Father is his name: “Konsa pale SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li.
3 Call to me, and I'll answer, and tell you great, hidden things you don't know. ‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’
4 For our Father of Israel says this about the houses of this city and the houses of Judah's kings, torn down to defend against siege ramps and the sword: Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont balkon tè syèj yo e kont nepe a,
5 They come to fight the Babylonians, only to fill these houses with corpses of the men I struck down in anger and wrath, for I hid my face from this city for all their evil. ‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo,
6 Look, I will bring this city healing and health; I will heal my people and reveal to them abundant, lasting peace and faithfulness. ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans.
7 I will restore Judah's fortunes and Israel's fortunes, and rebuild them as at first. Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va rebati yo jan yo te ye o kòmansman an.
8 I will purify them from all the guilt they sinned against me, and forgive all the guilt they sinned and rebelled against me. Mwen va netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo.
9 This city will be to me a name of joy, praise, and glory before all nations of earth who hear all the good I do for them. They will fear and tremble at all the good and peace I bring it. Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”
10 This is what our Father says: In this place you call ruined, without man or beast, in Judah's cities and Jerusalem's streets, lying desolate without man, without resident, without beast, there will be heard again. Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: ‘Sa se yon dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’
11 The voice of joy and voice of gladness, voice of the bridegroom and voice of the bride, voice of those bringing thank offerings to our Father's house, saying, 'Give thanks to the Father of heaven's armies, for he is good; his covenant love endures forever.' For I will restore the land's fortunes as before, says our Father. vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
12 This is what the Father of heaven's armies says: Again, in this ruined place—empty of people and animals—and in all its towns, shepherds will rest their flocks in pastures. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete.
13 In the hill country's towns, the Shephelah, the Negev, Benjamin's land, around Jerusalem, and Judah's towns, flocks will again pass under the hands of the one who counts them, says our Father. Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
14 Look, the days are coming, declares our Father, when I will fulfill the good promise I made to the house of Israel and the house of Judah. “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
15 In those days and at that time I will make a righteous Branch sprout up for David, and he will administer justice and righteousness in the land. “Nan jou sa yo e nan lè sa a, Mwen va fè yon Branch ladwati a David pete vin parèt. Li va egzekite lajistis ak ladwati sou tout latè.
16 In those days Judah will be saved and Jerusalem will dwell in safety. And this is the name by which she will be called: 'Our Father is our righteousness.' Nan jou sa yo, Juda va vin sove e Jérusalem va ansekirite. Men non pa sila li va rele a: SENYÈ a se ladwati nou.”
17 For our Father says: David will never lack a man seated on the throne of the house of Israel. “Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la.
18 The Levitical priests will never lack a man before me offering burnt offerings, burning grain offerings, and making sacrifices, always. Konsa, prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”
19 The word of our Father came to Jeremiah: Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di:
20 This is what our Father says: If you can break my covenant with day and my covenant with night, so that day and night no longer come at their appointed time, “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo,
21 then my covenant with David my servant could break too—no son of his to reign on his throne—and my covenant with the Levitical priests who serve me. alò, konsa sèlman,akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo.
22 As heaven's stars can't be counted, and sea's sand can't be measured, so I'll multiply David my servant's offspring and the Levites serving me. Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”
23 The word of our Father came to Jeremiah: Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di:
24 Haven't you noticed what these people say: 'The two families our Father chose, he has rejected'? They despise my people, no longer a nation to them. “Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo.
25 This is what our Father says: If I have not set my covenant with day and night and the fixed laws of heaven and earth, Konsa pale SENYÈ a: ‘Si akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm,
26 then I would reject Jacob's offspring and my servant David's, refusing to take from his line rulers over Abraham's, Isaac's, and Jacob's offspring. But I will bring back their fortunes and show them compassion. alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]