Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 32 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word to Jeremiah from our Father in Zedekiah king of Judah's tenth year, Nebuchadnezzar's eighteenth. Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, nan dizyèm ane Sédécias, wa Juda a, ki te nan dizuityèm ane a Nebucadnetsar.
2 At that time Babylon's army was besieging Jerusalem, and the prophet Jeremiah was locked in the guard's courtyard at the king of Judah's palace. Alò, nan lè sa a, lame a wa Babylone nan t ap fè syèj sou Jérusalem, e Jérémie, pwofèt la, te fèmen nan lakou gad ki te lakay wa a Juda a.
3 For Zedekiah king of Judah had imprisoned him, saying, "Why do you prophesy and say, 'This is what our Father says: Look, I am about to give this city into the hand of the king of Babylon, and he will capture it; Akoz Sédécias, wa Juda a te mete li nan prizon e te di: “Poukisa ou pwofetize konsa pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Wa Babylone nan e li va pran l;
4 "Zedekiah king of Judah will not escape the Babylonians; he will surely be handed to Babylon's king, speak with him mouth to mouth, and see him eye to eye. epi Sédécias, wa Juda a p ap chape nan men a Kaldeyen yo, men anverite, li va livre bay nan lamen wa Babylone nan. Li va pale ak li fasafas e va wè li zye nan zye.
5 He will take Zedekiah to Babylon, where he stays until I attend to him, declares our Father. Though you fight the Babylonians, you won't succeed.'" Epi konsa, li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Malgre nou goumen kont Kaldeyen yo, nou p ap reyisi.”’”
6 And Jeremiah said, "The word of our Father came to me: Jérémie te reponn: “Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di:
7 Look, Hanamel son of Shallum, your uncle, comes to tell you: Buy my field at Anathoth, for the redemption right to buy it is yours." Gade byen, Hanameel, fis a Schallum nan, tonton ou, ap vin kote ou, e li va di: ‘Achte pou ou menm chan mwen ki nan Anathoth, paske se ou menm ki gen dwa redanmsyon pou achte l.’”
8 Then Hanamel my cousin came to me at the guard's court, as our Father had said, and told me, 'Buy my field at Anathoth in Benjamin, for the right of inheritance is yours, and yours the redemption; buy it.' Then I knew this was our Father's word. “Konsa, Hanameel, fis a tonton m nan, te vin kote mwen nan lakou gad la selon pawòl SENYÈ a. Li te di mwen: ‘Achte chan mwen an, souple, ki Anathoth, nan peyi Benjamin an; paske ou gen dwa posede l e redanmsyon an se pou ou. Achte l pou ou menm.’ “Epi mwen te konnen ke sa se te pawòl SENYÈ a.
9 So I bought the field at Anathoth from my cousin Hanamel, weighing out about seven ounces of silver. Mwen te achte chan ki te Anathoth la nan men Hanameel, fis a tonton m nan e mwen te peze ajan bay pou li, disèt sik ajan.
10 I signed the deed and sealed it, called in witnesses, and weighed the money on the scales. Mwen te siyen e mete so sou papye tè a, te rele temwen, e te peze ajan sou balans pou bay.
11 Then I took the sealed purchase deed, with its terms and conditions, and the open copy, Alò, mwen te pran papye vant lan, ansanm ak kopi ki te fèmen anba so a, tout tèm ak kondisyon vant yo, ak kopi a ouvri.
12 I gave the purchase deed to Baruch son of Neriah, son of Mahseiah, before Hanamel my cousin, before the witnesses who signed it, and before all the Judeans sitting in the guard's court. Epi mwen te bay papye vant lan bay Baruc, fis a Nérija a, fis a Macheséja a, devan zye a Hanameel, fis a tonton m nan, e devan zye a temwen ki te siyen papye vant lan, devan tout Jwif ki te chita nan lakou gad yo.
13 And in their presence I charged Baruch: “Epi mwen te kòmande Baruc nan prezans yo, e mwen te di:
14 "This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Take these deeds—the sealed deed of purchase and the open deed—and put them in a clay jar to last a long time. Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël a: ‘Pran papye tè sila yo, zak vant sa a ki fèmen ak so, ansanm ak zak vant sa a ki ouvri, e mete yo nan yon veso fèt ak ajil, pou yo ka dire pou anpil tan.’
15 For the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Houses, fields, and vineyards will again be bought in this land." Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Kay yo, jaden yo ak chan rezen yo ap vin achte ankò nan peyi sa a.’
16 After giving the deed of purchase to Baruch son of Neriah, I prayed to our Father: “Lè mwen te fin bay papye tè a a Baruc, fis a Nérija a; alò, mwen te priye a SENYÈ a, e te di:
17 "Ah, Sovereign Father! You yourself made heaven and earth by your great power and by your outstretched arm; nothing is too hard for you. ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou,
18 You show faithful love to thousands, but repay parents' guilt into their children's laps after them—O great, mighty Father, the Father of heaven's armies is his name. Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li.
19 Great in counsel, mighty in deed, your eyes open to all the ways of humankind, repaying each by his ways, by the fruit of his deeds. Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi lan a zèv li;
20 You performed signs and wonders in Egypt, and to this day in Israel and among mankind, making a name for yourself, as it is today. ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a.
21 You brought your people Israel from Egypt's land with signs, wonders, a strong hand, an outstretched arm, and great terror. Ou te mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz.
22 You gave them this land you swore to their ancestors to give them—a land flowing with milk and honey. Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl.
23 They entered and took it, but did not obey your voice or walk in your law; all you commanded them to do, they left undone. So you brought all this disaster on them. Yo te antre e te pran posesyon li, men yo pa t obeyi a vwa Ou, ni mache nan lalwa Ou. Yo pa t fè anyen nan tout sa Ou te kòmande yo fè yo. Pou sa, Ou fè tout malè sa a rive sou yo.
24 Siege ramps have reached the city to capture it; it's given to the Babylonians fighting against it, because of sword, famine, and plague. What you spoke has happened—you see it. “Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l.
25 Yet you, Sovereign Father, said, 'Buy the field for money, call witnesses'—though the city is given to the Babylonians." Ou te di mwen, O Senyè BONDYE, ‘Achte pou ou menm chan an ak lajan; rele temwen yo’ —malgre vil la fin bay nan men a Kaldeyen yo.”
26 Then the word of our Father came to Jeremiah: Konsa, pawòl SENYÈ a te rive a Jérémie. Li te di:
27 "I am the Father of all flesh. Is anything too hard for me? “Gade byen, Mwen se SENYÈ a, Bondye a tout chè yo. Èske gen bagay twò difisil pou Mwen?
28 So says our Father: I am handing this city to the Babylonians, to Nebuchadnezzar king of Babylon, and he will capture it. Pou sa, pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou bay vil sa a nan men a Kaldeyen yo, e nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e li va pran l.
29 The Babylonians attacking this city will come, burn it down with fire, and the houses where the people burned offerings to Baal and poured drink offerings to other gods on their roofs, provoking me to anger. Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’”
30 "The people of Israel and Judah have done nothing but evil in my sight from their youth; Israel has done nothing but anger me with the work of their hands, declares our Father. “Anverite, fis Israël yo ak fis Juda yo t ap fè sèlman sa ki mal devan zye M soti nan jenès yo; paske fis a Israël yo te pwovoke M sèlman a lakòlè ak zèv men yo”, deklare SENYÈ a.
31 "This city has provoked my anger and wrath from the day it was built until now, so I will remove it from my sight, “Anverite, vil sa a te atire kòlè M ak raj Mwen an soti nan jou ke yo te bati li a, menm rive nan jou sa a, pou sa ta dwe retire devan figi Mwen,
32 for all the evil the people of Israel and Judah did to anger me—they, their kings, officials, priests, prophets, the men of Judah, and Jerusalem's residents. akoz tout mechanste ke fis Israël yo ak fis Juda yo te fè, pou yo ta pwovoke Mwen a lakòlè—yo menm, wa yo, chèf yo, prèt yo, pwofèt yo, mesye a Juda yo, ak tout moun ki rete Jérusalem yo.
33 They turned their back to me, not their face. Though I taught them again and again, they refused to listen or accept correction. Yo te vire do ban Mwen olye figi yo. Malgre enstriksyon ke Mwen te bay yo ankò e ankò, men yo pa t ap koute M pou resevwa lenstriksyon an.
34 They set up their detestable things in the house called by my name, to make it unclean. Men yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non pa M nan, pou souye l.
35 They built Baal's high places in the Valley of Ben-Hinnom, sacrificing their sons and daughters to Molech—something I never commanded or imagined, that they'd do this detestable thing and make Judah sin." Yo te bati wo plas a Baal ki nan vale Ben-Hinnom nan, pou fè fis yo pase nan dife a Moloc, bagay ke M pa t kòmande yo, ni sa pa t antre nan panse M ke yo ta dwe fè bagay abominab sa a, pou fè Juda peche.”
36 "Now this is what our Father of Israel says about this city you say is handed to Babylon's king by sword, famine, and plague: Alò, pou sa, konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, konsènan vil sa a ke ou te di: “Li te livre nan men a wa a Babylone nan pa nepe, pa gwo grangou, e pa gwo epidemi.”
37 "I will gather them from every land where I banished them in my anger, my rage, and great wrath, bring them back to this place, and let them live securely. “Gade byen, Mwen va ranmase yo soti nan tout peyi kote Mwen te pouse bourade yo, ale nan kòlè ak raj Mwen an, ak gran endiyasyon Mwen an; epi Mwen va mennen yo retounen nan plas sa a. Epi la, Mwen va fè yo rete anpè.
38 They will be my children, and I will be their Father. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo;
39 I will give them one heart, one way, to fear me always—for their good and their children's after them. Epi Mwen va bay yo yon sèl kè ak yon sèl chemen pou yo ka toujou gen lakrent Mwen pou pwòp byen pa yo e pou byen a pitit apre yo.
40 I will make an everlasting covenant with them, never turning from doing them good; I will put my fear in their hearts, so they never turn from me. Mwen va fè yon akò k ap pou tout tan nèt avèk yo, ke Mwen p ap vire kite yo, pou fè yo byen. Konsa Mwen va mete lakrent Mwen anndan kè yo pou yo pa vire kite Mwen.
41 I will rejoice over them, benefiting them, and truly plant them in this land, with all my heart and all my soul." Mwen va rejwi de yo pou fè byen pou yo. E Mwen va, ak fidelite, plante yo nan peyi sa a, ak tout kè Mwen e ak tout nanm Mwen.”
42 For our Father says: "As I brought all this great disaster on this people, so I'll bring on them all the good I'm promising. Paske SENYÈ a di, “Menm jan ke M te mennen tout gwo dezas sa a sou pèp sa a, konsa Mwen va mennen sou yo tout bonte ke Mwen ap pwomèt yo.
43 Fields will be bought in this land you call desolate, without man or beast, given to the Babylonians. Chan yo va vin achte nan peyi sa a kote ou te di: ‘Sa se yon dezolasyon, san moun ni bèt. Li livre nan men a Kaldeyen yo.’
44 Fields will be bought with silver, deeds written, sealed, witnessed—in Benjamin's land, Jerusalem's surroundings, Judah's towns, the hill country, the lowland, the Negev—for I will bring them back from captivity, declares our Father." Mesye yo va achte chan yo pou lajan, siyen, mete so sou papye tè yo, e rele temwen nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo, nan vil a Juda yo, nan vil a peyi kolin yo, nan vil nan ba plèn yo, ak nan vil dezè yo; paske Mwen va ranvèse kaptivite yo,” deklare SENYÈ a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]