Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 31 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "At that time," declares our Father, "I will be the Father of all Israel's families, and they will be my children." “Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”
2 This is what our Father says: The people who survived the sword found grace in the wilderness; Israel went to find rest. Konsa pale SENYÈ a: “Pèp ki te chape de nepe a, te jwenn gras nan dezè a— Israël la menm, lè M te bay li repo li.”
3 From far away our Father appeared to me: "I have loved you with everlasting love; so I have drawn you to myself with faithful love." SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di: “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini. Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.
4 "Again I will build you, and you will be built, virgin Israel! Again you will take up your tambourines and go out in the dance of those who celebrate. Yon lòt fwa ankò, Mwen va bati ou, e ou va vin rebati, O vyèj Israël la! Yon lòt fwa, ou va reprann tanbouren ou yo. Ou va vin parèt nan dans a sila k ap fete yo.
5 Again you will plant vineyards on the hills of Samaria; the planters will plant and enjoy the fruit." Yon lòt fwa, ou va plante chan rezen yo sou kolin Samarie yo. Plantè yo va plante e yo va kontan ak fwi li.
6 For there will be a day when the watchmen call out in the hill country of Ephraim: "Arise, and let us go up to Zion, to our Father!" Paske jou a va rive lè gadyen sou kolin Éphraïm yo va kriye fò: ‘Annou leve! Annou monte Sion, kote SENYÈ a, Bondye nou an.’”
7 For this is what our Father says: Sing with joy for Jacob, shout for the greatest of nations; proclaim, praise, and say, 'Our Father, save your people, the remnant of Israel!' Paske konsa pale SENYÈ a: “Chante anlè ak kè kontan pou Jacob, e kriye fò pami chèf nasyon yo. Pwoklame, bay lwanj epi di: ‘O SENYÈ sove pèp Ou a, retay Israël la!’
8 "See, I will bring them from the land of the north and gather them from the farthest parts of the earth—among them the blind and the lame, the pregnant woman and the one in labor. Together they will return here, a great company. Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a, e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a. Pami yo, avèg ak bwate yo, fanm lan ak pitit li, ak sila ki gen doulè tranche ansanm. Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.
9 With weeping they will come, and with pleas for mercy I will lead them; I will make them walk by streams of water, on a level path where they will not stumble, for I have become a father to Israel, and Ephraim is my firstborn." Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”
10 Hear the word of our Father, nations, and declare it in the coastlands far away; say, "He who scattered Israel will gather him, and will keep him as a shepherd keeps his flock." “Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo! E deklare nan peyi kot byen lwen yo, epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li, e kenbe li kon yon bèje k ap gade bann mouton li.’
11 For our Father has ransomed Jacob and redeemed him from a hand too strong for him. Paske SENYÈ a te rachte Jacob. Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.
12 They will come and sing aloud on the height of Zion, and they will be radiant over the goodness of our Father—over the grain, the new wine, and the oil, and over the young of the flock and the herd. Their life will be like a watered garden, and they will never be worn down by sorrow again. Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.
13 "Then the young women will rejoice in the dance, and the young men and the old together. I will turn their mourning into joy; I will comfort them and give them gladness in place of their sorrow. Epi vyèj la va rejwi nan dans lan, ansanm ak jennonm yo ak ansyen yo; paske Mwen va fè tristès yo vin tounen lajwa. Mwen va rekonfòte yo, e bay yo kè kontan pou ranplase tristès yo.
14 I will fill the priests with abundance, and my children will be satisfied with my goodness," declares our Father. Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans, e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.
15 This is what our Father says: A voice is heard in Ramah—wailing and bitter weeping. Rachel weeps for her children; she refuses to be comforted for her children, because they are gone. Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”
16 This is what our Father says: Hold your voice back from weeping, your eyes from tears, for your work has a reward, declares our Father; they will return from the enemy's land. Konsa pale SENYÈ a: “Anpeche vwa ou k ap kriye, ak zye ou ap fè dlo; paske travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a: “Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.
17 "There is hope for your future, declares our Father, and your children will return to their own land. Gen espwa davni pou ou,” deklare SENYÈ a: “Pitit ou yo va retounen nan peyi pa yo.
18 I have surely heard Ephraim grieving: 'You disciplined me, and I was disciplined, like an untrained calf; bring me back so I can return, for you are my Father.' “Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè: ‘Ou te fè m sibi chatiman. Mwen te sibi chatiman tankou yon jenn bèf ki poko fin donte. Mennen m pou m ka restore, paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.
19 For after I turned away, I repented; after I was instructed, I struck my thigh. I was ashamed and humiliated, because I bore the disgrace of my youth. Paske lè m te retounen, mwen te repanti. Epi apre mwen te enstwi. Mwen te frape pwòp kwis mwen. Mwen te vin wont e twouble menm; paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’
20 Is Ephraim my dear son? Is he my darling child? For as often as I speak against him, I still remember him. Therefore my heart is moved with compassion for him; I will surely have mercy on him," declares our Father. Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.
21 "Set up road markers for yourself; make yourself signposts. Fix your mind on the highway, the road you walked. Return, virgin Israel, return to your own cities. “Plase pou ou menm ransèyman chemen yo; mete pou kont ou poto k ap dirije. Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an, wout sou sila ou te ale a. Retounen, O vyèj Israël; retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.
22 How long will you waver, faithless daughter? For I have created a new thing on the earth: a woman will surround a man." Pou konbyen de tan ou va fè ale retou, O fi ki enfidèl? Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè: yon fanm va antoure yon nonm.”
23 This is what the Father of heaven's armies, the Father of Israel, says: When I restore their fortunes, they will again say this in Judah's land and its cities: 'Our Father bless you, home of righteousness, holy mountain!' Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’
24 Judah and all its cities will live there together—farmers and those who move with their flocks. Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo.
25 "For I will refresh the weary soul and fill every soul worn down by sorrow." Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”
26 At this I awoke and looked, and my sleep had been sweet to me. Nan moman sa a, mwen te reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.
27 "Days are coming, declares our Father, when I will sow the house of Israel and the house of Judah with the seed of man and of beast. “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt.
28 As I watched over them to uproot, tear down, overthrow, destroy, and bring harm, so I will watch over them to build and to plant," declares our Father. Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou bati e pou plante,” deklare SENYÈ a.
29 "In those days they will no longer say: 'Fathers ate sour grapes, and their children's teeth are set on edge.'" “Nan jou sa yo, yo p ap di ankò: ‘Papa yo te manje rezen si, e dan timoun yo vin kanpe apik.’
30 "Each will die for his own sin. Whoever eats sour grapes, his own teeth will be set on edge." Men chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.
31 "The days are coming, declares our Father, when I will make a new covenant with the house of Israel and the house of Judah. “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda,
32 It will not be like the covenant I made with their ancestors on the day I took them by the hand to bring them out of the land of Egypt—my covenant that they broke, though I was a husband to them," declares our Father. pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a.
33 "But this is the covenant I will make with the house of Israel after those days, declares our Father: I will put my instruction within them, and I will write it on their hearts. I will be their Father, and they will be my children. “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: “Mwen va mete lalwa M anndan yo e sou kè yo Mwen va ekri l; epi Mwen va Bondye yo, e yo va pèp Mwen.
34 No longer will anyone teach their neighbor or their brother, saying, 'Know our Father,' for they will all know me, from the least of them to the greatest, declares our Father. For I will forgive their wrongdoing, and I will remember their sin no more." “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li, e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’ paske yo tout va konnen Mwen, soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen va padone inikite yo, e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
35 This is what our Father says, who gives the sun for light by day and the fixed order of the moon and stars for light by night, who stirs up the sea so its waves roar—the Father of heaven's armies is his name: SENYÈ a ki bay solèy kon limyè nan lajounen e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè, ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde— SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di:
36 "If this fixed order ever departs from before me, declares our Father, then the children of Israel would cease to be a nation before me forever." “Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a: “Alò desandan Israël yo osi va sispann kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”
37 This is what our Father says: If the heavens above could be measured and the foundations of the earth below explored, then I would reject all the children of Israel for all they have done, declares our Father. Konsa pale SENYÈ a: “Si syèl anwo yo ka mezire, e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba; alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.
38 "Days are coming, declares our Father, when the city is rebuilt for me, from the Tower of Hananel to the Corner Gate. “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an.
39 The measuring line will extend farther, straight to the hill of Gareb, then turn toward Goah. Konsa lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath.
40 The whole valley of dead bodies and ashes, and all the terraces to the Kidron Valley, to the corner of the Horse Gate on the east, will be holy to our Father—never again uprooted or torn down." “Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]