Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 30 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word that came to Jeremiah from our Father: Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di:
2 This is what our Father of Israel says: Write in a book all the words I have spoken to you. “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.
3 Look—days are coming, declares our Father, when I will restore the fortunes of my people Israel and Judah, says our Father, and bring them back to the land I gave their ancestors, and they will possess it. Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”
4 These are the words our Father spoke concerning Israel and Judah: Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda:
5 This is what our Father says: "We heard a cry of terror—dread, no peace. Paske konsa pale SENYÈ a: “Mwen te tande son a yon gwo laperèz, a yon gwo krent; pa gen lapè.
6 Ask now and see: can a male give birth? Why then do I see every strong man with his hands on his sides like a woman in labor, and every face turned pale? Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit. Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, konsi se fanm k ap fè pitit? Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?
7 How dreadful that day is! There is none like it. It is a time of distress for Jacob—yet out of it he will be saved. Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li. Li se lè a gwo doulè Jacob la; men li va sove de li.
8 On that day, declares the Father of heaven's armies, I will break the yoke from your neck and snap your bonds, and foreigners will no longer enslave him. “Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo: ke Mwen va kase jouk li a soti sou kou nou. Mwen va chire kòd yo, e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.
9 Instead they will serve our Father, and David their king, whom I will raise up for them. Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a e David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.
10 So do not be afraid, Jacob my servant, declares our Father, and do not be dismayed, Israel; for look—I will save you from far away, and your children from the land of their captivity. Jacob will return to quiet and ease, and no one will make him afraid. Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a: “Epi pa pèdi kouraj, O Israël; paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen, Li va kalm, alèz, e nanpwen moun k ap fè l fè pè.
11 For I am with you to save you, declares our Father. Though I completely destroy all the nations among whom I scattered you, I will not completely destroy you. But I will discipline you with justice, and I will not leave you entirely unpunished." Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou; paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo, sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt. Men m ap fè ou korije fil a mezi; Mwen p ap kite ou san pinisyon.”
12 For this is what our Father says: "Your injury is incurable, your wound is severe. Paske konsa pale SENYÈ a: “Blesi ou yo pa kab geri, e kondisyon ou byen grav.
13 There is no one to plead your case; for your wound there is no medicine, no healing for you. Nanpwen moun ki pou plede koz ou; pa gen gerizon pou maleng nan, ni ou p ap ka refè.
14 All your lovers have forgotten you; they care nothing for you. For I have struck you as an enemy strikes, with the discipline of a cruel person, because your guilt is great and your sins are many. Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou, yo pa chache ou; paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi, ak pinisyon a yon moun ki mechan, akoz inikite ou gran e peche ou anpil.
15 Why do you cry out over your injury? Your pain is incurable. Because your guilt is great and your sins are many, I have done these things to you. Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo? Doulè ou a pa gen gerizon. Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil, Mwen te fè ou sa a.
16 Therefore all who devour you will be devoured, and all your foes—every one of them—will go into captivity; those who plunder you will be plundered, and all who prey on you I will hand over as prey." Akoz sa, tout sila ki devore ou yo va vin devore; epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite. Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm, e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo, va vin viktim yo menm.
17 For I will restore your health and heal your wounds, declares our Father, because they called you an outcast: "This is Zion—no one cares for her." Paske M ap fè ou reprann lasante, e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a: “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di: ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladan.’”
18 This is what our Father says: "Look—I will restore the fortunes of Jacob's tents and have compassion on his homes; the city will be rebuilt on its mound, and the palace will stand where it belongs. Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo, e gen konpasyon pou lakay li yo; vil la va rebati sou ranblè li yo e palè a va kanpe nan pwòp plas li.
19 Out of them will come thanksgiving and the sounds of celebration. I will multiply them, and they will not be few; I will honor them, and they will not be small. Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo. Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye; anplis, Mwen va bay yo glwa, e yo p ap meprize;
20 Their children will be as they were of old, and their assembly will be established before me, and I will punish all who oppress them. Pitit pa yo tou va tankou oparavan, e kongregasyon yo va etabli devan M. Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.
21 Their leader will be one of their own, and their ruler will come from among them. I will bring him near, and he will approach me—for who would otherwise dare to risk his life to approach me? declares our Father. Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.
22 And you will be my children, and I will be your Father." “Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”
23 Look—the storm of our Father! Wrath has gone out, a sweeping tempest; it will whirl down on the head of the wicked. Gade byen, tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt, yon tanpèt k ap ravaje; li va eklate sou tèt a mechan yo.
24 The burning anger of our Father will not turn back until he has carried out and fulfilled the purposes of his heart. In the days to come you will understand this. Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè, jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li. Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]