Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Jeremiah 29 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These are the words of the letter Jeremiah the prophet sent from Jerusalem to the surviving elders of the exiles, the priests, the prophets, and all the people Nebuchadnezzar had exiled from Jerusalem to Babylon. Alò, sila yo se pawòl a lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo,
2 After King Jeconiah, the queen mother, the court officials, the officials of Judah and Jerusalem, and the craftsmen and metalworkers left Jerusalem. ( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.)
3 He sent it by Elasah son of Shaphan and Gemariah son of Hilkiah, whom Zedekiah king of Judah sent to King Nebuchadnezzar in Babylon. It read: Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:
4 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says to all the exiles I sent from Jerusalem to Babylon: Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo:
5 "Build houses and live in them; plant gardens and eat their fruit. “Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo.
6 Marry; have sons and daughters. Find wives for your sons and give your daughters to husbands, so they bear sons and daughters. Increase there, don't dwindle. Pran madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye.
7 Seek the welfare of the city where I exiled you, and pray to me for it, for in its welfare you find yours." Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.”
8 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: Don't let your prophets and fortune-tellers among you deceive you; don't listen to the dreams they keep dreaming. Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè.
9 They are prophesying lies to you in my name; I did not send them, declares your Father. Paske yo fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a.
10 For your Father says: When Babylon's seventy years are completed, I will come to you and fulfill for you my good promise to bring you back here. Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a.
11 For I know the plans I have for you, declares your Father—plans for peace, not disaster, to give you a future and hope. Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.
12 "Then you will call on me, come, and pray to me, and I will listen to you. Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.
13 You will seek me and find me, when you search for me with all your heart. Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.
14 You will find me, declares your Father. I will restore your fortunes and gather you from all the nations and all the places I drove you, declares your Father, and bring you back where I exiled you from." Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
15 Because you have said, "Our Father has raised up prophets for us in Babylon," Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”—
16 this is what your Father says about the king on David's throne, and about all the people in this city—your brothers who didn't go into exile with you, Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki pa t antre ak nou an egzil yo—
17 this is what the Father of heaven's armies says: I am sending sword, famine, and plague against them, making them like rotten figs, too spoiled to eat. Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt.
18 I will pursue them with sword, famine, and plague, making them a horror to every kingdom of earth—a curse, desolation, scorn, and disgrace among all nations where I drove them, Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo,
19 because they did not listen to my words, declares your Father—sent again and again through my servants the prophets—but you would not listen, declares your Father. akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
20 So you exiles, hear your Father's word—all I sent from Jerusalem to Babylon. Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo.
21 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says about Ahab son of Kolaiah and Zedekiah son of Maaseiah, who prophesy lies to you in my name: I will hand them to Nebuchadnezzar king of Babylon, who will strike them down before your eyes. “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou.
22 From them all Judah's exiles in Babylon will take this curse: "May our Father make you like Zedekiah and Ahab, whom Babylon's king roasted in the fire," Akoz yo menm, yon madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a,
23 because they did disgraceful things in Israel: committing adultery with their neighbors' wives and speaking lies in my name, which I did not command them. I know, and I am witness, declares your Father. akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”
24 Say this to Shemaiah the Nehelamite: A Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di:
25 This is what the Father of heaven's armies, our Father of Israel, says: In your name you sent letters to all the people in Jerusalem, to Zephaniah son of Maaseiah the priest, and to all the priests: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di:
26 "The LORD made you priest in place of Jehoiada the priest, officer in the house of the LORD over every madman who plays prophet, to put him in stocks and neck-iron." “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè.
27 So why have you not rebuked Jeremiah of Anathoth, who poses as a prophet to you? Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a Anathoth ki fè pwop tèt li pwofet ou menm nan?
28 He sent to us in Babylon: "It will be long. Build houses and live in them; plant gardens and eat their fruit." Paske, li te voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.”’”
29 Zephaniah the priest read this letter aloud to Jeremiah the prophet. Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la.
30 Then the word of our Father came to Jeremiah: Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di:
31 Send to all the exiles: Your Father says about Shemaiah the Nehelamite: Because Shemaiah prophesied to you, and I did not send him, and made you trust a lie, “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,”
32 so your Father says: I will punish Shemaiah the Nehelamite and his descendants. No one of his will live among this people, nor see the good I will do for my people, declares your Father, for he preached rebellion against me. Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]