Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 59 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Look, our Father's hand is not too short to save, nor his ear too dull to hear. Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
2 But your wrongs have separated you from your Father, and your sins have hidden his face from you, so that he does not hear. Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an, e se peche nou yo ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
3 For your hands are defiled with blood, and your fingers with sin; your lips have spoken lies, your tongue mutters wickedness. Paske men nou souye ak san vèse, e dwèt nou ak inikite. Lèv nou fin pale sa ki fo, e lang nou plenyen mechanste.
4 No one calls for justice, and no one pleads with honesty. They trust in emptiness and speak lies; they conceive trouble and give birth to evil. Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.
5 They hatch the eggs of vipers and weave the spider's web; whoever eats their eggs dies, and when one is crushed, a viper breaks out. Yo kale ze koulèv yo, e trese fil arenye yo. Sila ki manje ze yo va mouri; e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.
6 Their webs cannot become clothing, and they cannot cover themselves with what they make. Their works are works of wrongdoing, and their hands are full of violence. Fil pa yo p ap fè rad; ni zèv yo p ap ka kouvri yo. Zèv pa yo se zèv inikite, e se zak vyolans ki rete nan men yo.
7 Their feet run to evil, and they hurry to shed innocent blood. Their thoughts are thoughts of wrongdoing; ruin and destruction lie along their every road. Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.
8 The way of peace they do not know, and there is no justice in their ways. They have made their paths crooked; no one who walks in them knows peace. Yo pa konnen chemen lapè, e nanpwen jistis nan yo. Yo te fè wout kwochi; nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.
9 Therefore justice is far from us, and righteousness does not reach us. We wait for light, but there is only darkness; for brightness, but we walk in gloom. Akoz sa, lajistis rete lwen nou, e ladwati pa fin rive sou nou. Nou espere jwenn limyè pou klere nou, men nou mache nan fènwa.
10 We grope along the wall like the blind; like those without eyes we grope. We stumble at noon as if in twilight; among the strong we are like the dead. Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg. Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo. Nou kilbite a midi konsi se nan aswè. Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.
11 We all growl like bears and moan mournfully like doves. We wait for justice, but there is none; for salvation, but it stays far from us. Epi nou tout gwonde tankou lous, e plenyen ak tristès kon toutrèl. Nou espere lajistis, men nanpwen; pou delivrans, men li lwen nou.
12 For our rebellions are many before you, and our sins testify against us. Our rebellions are with us, and our wrongdoing we know: Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, e peche nou yo temwaye kont nou. Paske transgresyon nou yo rete avèk nou e nou konnen inikite nou yo:
13 rebelling and denying our Father, turning back from following our Father, speaking oppression and revolt, conceiving and muttering lying words from the heart. Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.
14 So justice is driven back, and righteousness stands far off; for truth has stumbled in the public square, and integrity cannot enter. Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.
15 Truth is missing, and whoever turns from evil is plundered. Our Father saw it and was displeased that there was no justice. Wi, verite a manke; epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la, fin fè pwòp tèt li yon viktim. Alò, SENYÈ a te wè e sa pa t fè plezi devan zye L, ke pa t gen jistis.
16 He saw that there was no one, and was appalled that no one would intervene; so his own arm brought salvation, and his righteousness upheld him. Li te wè ke pa t gen pèsòn, e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede. Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li, e ladwati Li te bay Li soutyen.
17 He put on righteousness like a breastplate, and a helmet of salvation on his head; he clothed himself in garments of vindication and wrapped himself in zeal like a cloak. Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, e ak kas sali a sou tèt Li. Li te mete vètman vanjans kon abiman, e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.
18 According to their deeds, so he will repay: wrath to his adversaries, repayment to his enemies; to the distant coastlands he will give them what they deserve. Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo: jijman ak kòlè a advèsè Li yo, rekonpans a lènmi Li yo; a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.
19 So they will fear the name of our Father from the west, and his glory from the rising of the sun; for he will come like a rushing river, driven by the wind of our Father. Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès e glwa Li soti kote solèy leve a; paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid. Se van SENYÈ a kap pouse l.
20 Then the Redeemer will come to Zion, to those in Jacob who turn from their sins, declares our Father. “Yon Redanmtè va vini nan Sion, e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.
21 "As for me, this is my covenant with them," says our Father: "My Spirit who is upon you, and my words that I have put in your mouth, will not depart from your mouth, or from the mouth of your children, or from the mouth of your children's children," says our Father, "from now on and forever." “Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]