Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 58 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 "Shout aloud, do not hold back; raise your voice like a trumpet. Declare to my people their rebellion, to the house of Jacob their sins. “Kriye fò, ni pa rete! Leve vwa ou tankou yon twonpèt! Deklare a pèp Mwen transgresyon yo, e a lakay Jacob la, peche yo.
2 "Yet day after day they seek me and delight to know my ways, like a nation that does what is right and has not forsaken the justice of their Father. They ask me for righteous judgments; they delight to draw near to our Father. Malgre yo chache Mwen de jou an jou e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, konsi se yon nasyon ki fè ladwati, e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.
3 Why have we fasted, and you have not seen it? Why have we humbled ourselves, and you take no notice?' Look—on the day of your fast you pursue your own desire, and you drive all your workers hard. ‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
4 "Look—you fast only to quarrel and to fight and to strike with a wicked fist. You cannot fast as you do today and expect your voice to be heard in heaven. Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont; pou nou frape ak ponyèt mechan an. Kalite jèn nou fè la jodi a pa p fè vwa ou tande anwo a.
5 Is this the kind of fast I choose, a day for a person to humble himself? Is it only to bow the head like a reed, and to spread coarse cloth and ashes beneath him? Is this what you call a fast, a day pleasing to your Father? Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan? Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm? Pou bese tèt li kon wozo, e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l? Èske se yon jèn ke ou rele sa; menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
6 "Is not this the fast I choose: to loosen the chains of wickedness, to untie the cords of the yoke, to set the oppressed free, and to break every yoke? “Se pa jèn sila a ke M pito; pou lache lyann mechanste yo, pou demare kòd jouk la, pou lese oprime yo pran libète e kase tout jouk yo?
7 Is it not to share your bread with the hungry, and to bring the homeless poor into your house; when you see the naked, to clothe him, and not to hide yourself from your own flesh and blood? Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo, e mennen endijan yo antre nan kay? Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l; epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
8 "Then your light will break forth like the dawn, and your healing will spring up quickly; your righteousness will go before you, and my glory will be your rear guard." Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten, e gerizon ou va vòltije vit devan ou. Ladwati ou va ale devan ou, e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
9 Then you will call, and I will answer; you will cry for help, and I will say, 'Here I am.' If you remove the yoke from among you, the pointing finger and malicious talk, Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn. Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’. “Si ou retire jouk la nan mitan nou, sispann pwente dwat sou lòt e sispann pale mechanste;
10 "if you pour yourself out for the hungry and satisfy the desire of the afflicted, then your light will rise in the darkness, and your night will become like noonday. si ou vide nanm ou a sila ki grangou, e satisfè dezi a aflije a; nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa, e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11 I will guide you continually, and satisfy you in scorched places; I will strengthen your bones. You will be like a watered garden, like a spring of water whose waters never fail. Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
12 Your people will rebuild the ancient ruins; you will raise up the age-old foundations. You will be called Repairer of the Breach, Restorer of Streets to Live In. Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo. Ou va fè releve ansyen fondasyon yo. Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la, Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
13 "If you keep your foot from breaking the Sabbath, from pursuing your own desire on my holy day; if you call the Sabbath a delight and honor my holy day; if you honor it by not going your own way, not pursuing your own desire or speaking idle words, “Si, nan Saba a, ou vire pye ou, pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an, e rele Saba a yon gwo plezi, epi jou sen a SENYÈ onorab, e bay li onè, olye chache chemen pa ou, olye pwòp plezi pa ou, ak pale pwòp pawòl pa w,
14 then you will find your delight in me, and I will make you ride on the heights of the land and feed you with the heritage of your father Jacob—for the mouth of your Father has spoken." konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a, e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo. Mwen va bay ou manje, e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a, paske bouch SENYÈ a pale sa a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]