Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Isaiah 60 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Arise, shine, for your light has come, and the glory of our Father has risen upon you. “Leve, briye; paske limyè ou fin parèt e glwa a SENYÈ a fin leve sou ou.
2 For darkness will cover the earth, and thick darkness the peoples; but our Father will rise upon you, and his glory will be seen upon you. Paske gade byen, tenèb va kouvri latè e pwofon tenèb tout pèp yo. Men SENYÈ a va vin leve sou ou, e glwa li va parèt sou ou.
3 Nations will come to your light, and kings to the brightness of your dawning. Nasyon yo va vin kote limyè ou a, e wa yo nan klète lè ou leve a.
4 Lift up your eyes all around and see: they all gather together, they come to you; your sons come from far away, and your daughters are carried on the hip. “Leve zye ou toupatou e gade; yo tout rasanble ansanm; yo vin kote ou. Fis ou yo va vini soti lwen, e fi ou yo va pote nan bra yo.
5 Then you will see and be radiant; your heart will throb and swell, because the abundance of the sea will turn toward you, the wealth of the nations will come to you. Epi ou va wè, ou va plen ak limyè; kè ou va kontan e ou va rejwi. Paske abondans lanmè a va vire vè ou; gran richès a nasyon yo va rive kote ou.
6 A multitude of camels will cover you, the young camels of Midian and Ephah; all those from Sheba will come, bearing gold and frankincense, and they will proclaim the praises of our Father. Anpil chamo va kouvri ou, jenn chamo a Madian ak Épha yo. Tout sila soti Séba yo va vini. Yo va pote lò ak lansan, e yo va pote bòn nouvèl a, lwanj a SENYÈ a.
7 All the flocks of Kedar will be gathered to you, the rams of Nebaioth will minister to you; they will be offered on my altar and accepted, and I will glorify my glorious house. Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, e Mwen va glorifye kay Mwen an ki plen lonè ak mayifisans.
8 Who are these that fly like a cloud, and like doves to their windows? “Se kilès sa yo ki vole tankou yon nwaj ak tankou toutrèl vè fenèt pa yo?
9 Surely the coastlands wait for me, the ships of Tarshish first, to bring your sons from far away, with their silver and gold, for the name of your Father, the Holy One of Israel, because he has glorified you. Anverite, peyi kot yo va tann Mwen; gwo bato Tarsis yo va vini premyèman pou mennen fis ou yo soti lwen; ajan ak lò yo avèk yo, pou non SENYÈ Bondye ou a e pou Sila Ki Sen an Israël la, akoz Li te bay ou glwa.
10 Foreigners will build up your walls, and their kings will serve you; for in my wrath I struck you, but in my favor my heart was moved with compassion for you. “Etranje yo va bati, fòtifye miray ou yo, epi wa pa yo va fè sèvis pa yo. Paske nan kòlè Mwen, Mwen te frape ou e nan gras Mwen, Mwen te fè ou mizerikòd.
11 Your gates will stand open continually; day and night they will not be shut, so that the wealth of the nations may be brought to you, with their kings led in procession. Pòtay ou yo va vin louvri nèt tout tan; yo p ap fèmen ni lajounen, ni lannwit, pou yo kapab pote bay ou richès a tout nasyon yo, ak wa yo kon kaptif.
12 For the nation and kingdom that will not serve you will perish; those nations will be utterly laid waste. Paske nasyon ak wayòm ki p ap sèvi ou a va peri; wi, nasyon sa yo va fin detwi nèt.
13 The glory of Lebanon will come to you—the cypress, the plane, and the pine together—to beautify the place of my sanctuary; and I will glorify the place of my feet. “Glwa a Liban an va rive kote ou, bwa pichpen an, bwa sèd ak bwa blan pou anbeli plas sanktyè Mwen an. Mwen va fè plas pye Mwen yo vin plen glwa.
14 The children of those who oppressed you will come bowing before you; all who despised you will bow down at your feet. They will call you the City of our Father, the Zion of the Holy One of Israel. Fis a sila ki te aflije ou yo va vin bese devan ou e tout sila ki te meprize ou yo va bese yo menm devan pla pye ou. Yo va rele ou vil SENYÈ a, Sion a Sila Ki Sen an Israël la.
15 Though you have been forsaken and hated, with no one passing through, I will make you an everlasting pride, a joy from generation to generation. “Konsi, ou te abandone e rayi, pou pèsòn pa pase ladann, Mwen va fè ou vin plen ak majeste, yon objè lajwa de jenerasyon an jenerasyon.
16 You will drink the milk of nations, and nurse at the breast of kings; and you will know that I, your Father, am your Savior and your Redeemer, the Mighty One of Jacob—your Father. Anplis, ou va souse lèt a nasyon yo, e ou va souse tete a wa yo. Konsa, ou va konnen ke Mwen, SENYÈ a, se Sovè ou e Redanmtè ou, Sila Ki Pwisan a Jacob la.
17 Instead of bronze I will bring gold, instead of iron I will bring silver, instead of wood, bronze, and instead of stones, iron. I will make peace your governor and righteousness your taskmaster. Olye bwonz, Mwen va pote lò; olye fè, Mwen va pote ajan; olye bwa, Mwen va pote bwonz e olye wòch, Mwen va pote fè. Anplis, Mwen va fè lapè vin chèf ou e ladwati kon konseye ou.
18 Violence will no longer be heard in your land, nor ruin and destruction within your borders; but you will call your walls Salvation and your gates Praise. Vyolans p ap tande ankò nan peyi ou, ni devastasyon oswa destriksyon anndan lizyè ou; men ou va rele miray ou yo: “Sali” e pòtay ou yo: “Lwanj”.
19 The sun will no longer be your light by day, nor will the moon give you its light; but our Father will be your everlasting light, and your Father your glory. Ou p ap sèvi solèy la pou limyè lajounen ankò, ni klate lalin a nan pou ba ou limyè; men ou va gen SENYÈ a kon yon limyè etènèl e Bondye ou kon glwa ou.
20 Your sun will no longer set, and your moon will not wane; for our Father will be your everlasting light, and the days of your mourning will be ended. Solèy ou p ap bese ankò, ni lalin nan p ap febli; paske ou va gen SENYÈ a kon limyè etènèl e jou ke ou kriye ak gwo doulè yo va fini.
21 Your people will all be righteous; they will possess the land forever—the branch of my planting, the work of my hands, that I may be glorified. Epi tout moun ou yo va dwat, Yo va posede peyi a jis pou tout tan; branch ke M te plante a, zèv a men M yo, pou M kapab resevwa glwa.
22 The least one will become 1,000, and the smallest a mighty nation. I am your Father; when the time is right, I will make it happen quickly. Pi piti a va devni yon gran pèp e pi piti menm nan, yon nasyon pwisan. Mwen, SENYÈ a va fè l prese rive nan lè l.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]