Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hosea 9 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Do not rejoice, Israel; do not exult like the nations. For you have been unfaithful, forsaking your Father; you have loved a prostitute's wages on every threshing floor. Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! Paske ou te fè pwostitisyon. Ou te abandone Bondye ou a. Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase sou nenpòt glasi vannen.
2 Threshing floor and winepress will not feed them, and the new wine will fail them. Glasi vannen a ak pèz diven an p ap nouri yo, e diven nèf la va fè yo vin twonpe.
3 They will not remain in our Father's land; Ephraim will return to Egypt, and in Assyria they will eat unclean food. Yo p ap rete nan peyi SENYÈ a, men Éphraïm va retounen an Égypte, e yo va manje sa ki pa pwòp an Assyrie.
4 They will not pour out wine offerings to our Father, and their sacrifices will not please him. Their bread will be like the bread of mourners; all who eat it will be defiled. For their bread will feed only their hunger; it will not enter the house of our Father. Yo p ap vide ofrann bwason diven a SENYÈ a, Ni yo p ap fè L plezi. Sakrifis yo va tankou pen moun ki fè dèy pou mò. Tout moun ki manje ladan va vin souye, paske pen pa yo va sèlman pou plen vant yo. Li p ap antre lakay SENYÈ a.
5 What will you do on the day of the appointed feast, on the day of our Father's festival? Kisa ou va fè nan jou fèt apwente a, ak nan jou a fèt SENYÈ a?
6 For look—they are fleeing from destruction, but Egypt will gather them and Memphis will bury them. Nettles will overrun their silver treasures; thorns will fill their tents. Paske, gade byen, lè yo pran flit devan destriksyon, Égypte va ranmase yo. Moph va antere yo. Se machacha k ap vin pran trezò ajan yo. Se bwa pikan k ap fè tant yo.
7 The days of punishment have come; the days of reckoning have come—let Israel know it! The prophet is a fool, the man inspired by the spirit is mad, because your sin is great and your hostility is great. Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.
8 The prophet is the watchman of Ephraim, with my Father; yet a bird trap lies on all his paths, and hostility in the house of his Father. Yon pwofèt veye sou Éphraïm avèk Bondye mwen an. Yon pèlen moun pou kapte se nan tout chemen li yo, e se sèl mepriz li twouve lakay Bondye li a.
9 They have sunk deep into corruption, as in the days of Gibeah. He will remember their wrongdoing; he will punish their sins. Yo antre tèt yo byen fon nan koripsyon, tankou nan jou a Guibea yo. Li va sonje inikite yo. Li va pini peche yo.
10 Like grapes in the wilderness I found Israel; like the first fruit on the fig tree in its first season I saw your ancestors. But they came to Baal-peor and consecrated themselves to shame, and they became as detestable as the thing they loved. Mwen te twouve Israël tankou rezen yo nan dezè. Mwen te wè papa zansèt nou yo tankou premye fwi sou pye fig nan premye sezon li. Men yo te rive kote Baal-Peor; yo te konsakre tèt yo a gwo wont, e yo te vin abominab menm jan ak sila ke yo te renmen a.
11 Ephraim's glory will fly away like a bird—no birth, no pregnancy, no conception. Pou Éphraïm glwa yo va vole ale kon zwazo. P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.
12 Even if they raise their children, I will bereave them until no one is left. Yes, woe to them when I turn away from them! Malgre yo leve pwòp pitit yo, Mwen va prive yo de yo, jiskaske pa gen yon moun ki rete. Wi, anverite malè a yo menm, lè Mwen kite yo!
13 Ephraim, as I have seen, was planted like Tyre in a meadow; yet Ephraim must lead his children out to the slaughter. Mwen wè Éphraïm, jan Mwen te wè Tyr la, plante nan yon bèl chan; men Éphraïm va fè parèt ak pitit li yo pou gran masak la.
14 Give them, our Father—what will you give them? Give them a miscarrying womb and dry breasts. Bay yo!—O SENYÈ! Kisa Ou va bay yo? Bay yo yon ti vant foskouch ak tete sèch.
15 "All their evil is at Gilgal; there I rejected them for their evil deeds; I will drive them from my house; I will no longer show them my love; all their officials are rebels. Tout mechanste yo se nan Guilgal; Anverite se la Mwen te rayi yo! Akoz mechanste a zak yo, Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. Mwen p ap renmen yo ankò; tout prens yo se rebèl.
16 Ephraim is struck down; their root is dried up; they will bear no fruit. Even if they give birth, I will put their cherished children to death." Éphraïm vin frape. Rasin yo vin sèch. Yo p ap bay fwi. Menm si yo ka fè pitit, Mwen va touye fwi byeneme a vant yo a.
17 My Father will reject them because they have not listened to him; they will become wanderers among the nations. Bondye mwen an va jete yo deyò akoz yo pa t koute Li; epi yo va vin vagabon pami nasyon yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]