Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 So we must pay closer attention to what we've heard, or we may drift away. Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.
2 For if the word spoken through angels held firm, and every wrongdoing and disobedience got just payment, Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis,
3 how will we escape if we neglect so great a salvation? First announced by the Lord, it was confirmed to us by those who heard him, kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa? Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo.
4 while our Father also testified with them through signs, wonders, various miracles, and distributions of the Holy Spirit, according to his will. Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.
5 For it was not to angels that our Father subjected the coming world we're speaking of. Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou monn k ap vini an, sou sa n ap pale a,
6 Someone has testified somewhere, "What is man, that you are mindful of him, or the son of man, that you care for him? men youn te temwaye yon kote, pou di: “Kisa lòm ye, pou ou sonje li? Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?
7 You made him for a little while lower than the angels; you crowned him with glory and honor, Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi piti pase zanj yo. Ou kouwone li avèk glwa ak lonè. Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;
8 putting everything in subjection under his feet." Now in subjecting everything to him, our Father left nothing outside his control. At present, however, we do not yet see everything subjected to Christ. e Ou mete tout bagay anba pye li.” Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.
9 But we see Jesus, made lower than the angels for a little while, now crowned with glory and honor because he suffered death, so that by our Father's grace he might taste death for everyone. Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
10 It was fitting that our Father, for whom and through whom all things exist, should perfect the pioneer of their salvation through suffering, bringing many sons to glory. Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
11 The one who makes holy and those made holy all come from one Father. That's why he isn't ashamed to call them brothers and sisters, Paske Sila ki fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè.
12 saying, "I will proclaim your name to my brothers and sisters; I will sing your praise amid the assembly." Li di: “Mwen va pwokame non Ou a frè m yo. Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.
13 And again, "I will trust in him." And again, "Here am I, and the children our Father gave me." Epi ankò: “Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.” E ankò: “Gade, Mwen menm avèk pitit ke Bondye te ban Mwen yo.”
14 Since the children share flesh and blood, he too shared them, so that through death he might destroy the one holding the power of death—the devil, Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la;
15 and free all those who, through fear of death, were enslaved their whole lives. e ki ta kapab delivre tout sila ki akozperèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16 For surely it is not angels he helps, but the descendants of Abraham. Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17 So he had to become like his brothers and sisters in every way, to be a merciful and faithful high priest serving our Father, clearing away the people's sins. Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo.
18 Since he himself suffered when tempted, he can help those being tempted. Paske akoz ke Li menm te tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]