Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Long ago, in many times and many ways, our Heavenly Father spoke to our ancestors through the prophets. Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 But in these final days he spoke to us by his Son, whom he appointed heir of all things and through whom he made the universe. Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.
3 The Son is the brightness of our Father's glory, the exact image of his being, sustaining all things by his powerful word. After purifying sins, he sat down at the right hand of the Majesty on high. Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.
4 He became as much greater than angels as his inherited name is greater than theirs. Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
5 For to which of the angels did our Father ever say, "You are my Son; today I have become your Father"? Or again, "I will be his Father, and he will be my Son"? Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: “Ou se Fis Mwen. Jodi a Mwen fè Ou”? E ankò: “Mwen va yon Papa pou Li e Li va yon Fis pou Mwen,”
6 And again, when he brings the firstborn into the world, he says, "Let all my angels worship him. E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”
7 Of the angels he says, "He makes his angels winds, and his servants flames of fire." A zanj yo Li di: “Li fè zanj Li yo tounen van, e sèvitè Li yo yon flanm dife”
8 But about the Son he says, "Your throne, O God, is forever and ever, and the scepter of righteousness is the scepter of your kingdom. Men a Fis la, Li di: “Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou Tout tan e pou tout tan. E otorite san patipri a se otorite wayòm Li an.
9 You have loved righteousness and hated wickedness; therefore our Father, your Father, has anointed you with the oil of gladness above your companions." Ou renmen ladwati e ou rayi linikite; konsa, Bondye, Bondye pa w la te onksyone ou avèk lwil lajwa a pi plis ke parèy Ou yo.”
10 And, "In the beginning, Lord, you laid the foundations of the earth, and the heavens are the work of your hands. Epi, “Ou menm, Senyè, nan kòmansman an te poze fondasyon tè a. Syèl yo se zèv lamen Ou.
11 They will perish, but you remain; they will all wear out like a garment. Yo va peri, men Ou va reste toujou. Yo tout va vin vye tankou vètman.
12 You will roll them up like a robe; like a garment they will be changed. But you are the same, and your years will never end." Epi tankou yon manto, Ou va woule yo, fè woulo nèt. Tankou vètman, yo va vin chanje, men Ou rete menm jan an. Lane pa Ou yo p ap fini.”
13 But to which of the angels did our Father ever say, "Sit at my right hand until I make your enemies a footstool for your feet"?" Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: “Chita sou men dwat Mwen, jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin yon ti ban pou pye Ou”?
14 Aren't all angels ministering spirits, sent to serve those about to inherit salvation? Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]