Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Hebrews 1 hatbsa

Side by side with the Father's Heart Bible™

1Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

2Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a. Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.

4Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.

5Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:“Ou se Fis Mwen.Jodi a Mwen fè Ou”?E ankò:“Mwen va yon Papa pou Li eLi va yon Fis pou Mwen,”

6E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,” 7A zanj yo Li di:“Li fè zanj Li yo tounen van, esèvitè Li yo yon flanm dife”

8Men a Fis la, Li di:“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pouTout tan e pou tout tan.E otorite san patipri ase otorite wayòm Li an.

9Ou renmen ladwati eou rayi linikite;konsa, Bondye, Bondye pa w late onksyone ou avèk lwil lajwa api plis ke parèy Ou yo.”

10Epi,“Ou menm, Senyè, nan kòmansman ante poze fondasyon tè a.Syèl yo se zèv lamen Ou.

11Yo va peri, men Ou va reste toujou.Yo tout va vin vye tankou vètman.

12Epi tankou yon manto,Ou va woule yo, fè woulo nèt.Tankou vètman, yo va vin chanje,men Ou rete menm jan an.Lane pa Ou yo p ap fini.”

13Men a kilès nan zanj yo, Li janm di:“Chita sou men dwat Mwen,jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vinyon ti ban pou pye Ou”?

14Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]