Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 49 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Jacob called his sons and said, "Gather, so I can tell you what will happen to you in the days ahead. Epi Jacob te rele fis li yo e te di: “Rasanble nou menm pou m kapab di nou sa k ap rive nou nan jou k ap vini yo.
2 Assemble and listen, sons of Jacob; listen to Israel your father. Rasanble nou ansanm e tande, fis a Jacob yo. Koute Israël, papa nou.
3 Reuben, you are my firstborn, my might and the firstfruits of my strength, excelling in dignity and excelling in power. Ruben, se ou ki premye ne mwen an; pouvwa mwen, kòmansman nan gwo fòs mwen, premye nan respè e premye nan fòs.
4 Unstable as water, you will not excel, because you went up to your father's bed; then you defiled it—he went up to my couch. San kontwòl tankou dlo k ap bouyi, ou p ap genyen premye; akoz ke ou te monte sou kabann papa ou, epi ou te souye li. Li te monte sou kabann mwen.
5 Simeon and Levi are brothers; weapons of violence are their swords. Siméon avèk Lévi se frè yo ye. Nepe pa yo se zouti vyolans.
6 May I never enter their council; may my honor not be joined to their assembly. For in their anger they killed men, and in their willfulness they hamstrung oxen. Pa kite nanm mwen antre nan konsèy pa yo; pa kite glwa mwen vin reyini avèk asanble pa yo. Akoz nan kòlè yo, yo te touye moun, e nan volonte egoyis pa yo, yo te koupe blese jarèt bèf.
7 Cursed be their anger, for it is fierce, and their wrath, for it is cruel! I will divide them throughout Jacob and scatter them throughout Israel. Modi se kòlè yo, paske li fewòs; epi vanjans yo, paske li te mechan. Mwen va separe yo nan Jacob, e gaye yo nan Israël.
8 Judah, your brothers will praise you; your hand will be on the neck of your enemies; your father's sons will bow down before you. Juda, frè ou yo va ba ou lwanj; men ou ap sou kou lènmi ou yo. Fis a papa ou yo va vin bese ba devan ou.
9 Judah is a lion's cub; from the prey, my son, you have come back. He stooped down; he crouched as a lion and as a lioness—who dares rouse him? Juda se jèn pòtre a yon lyon; depi nan manje ou, fis mwen, ou gen tan monte. Li bese kò l, li kouche tankou yon lyon, e tankou yon lyon, se kilès ki gen kouraj pou fè l leve?
10 The scepter will not depart from Judah, nor the ruler's staff from between his feet, until he comes to whom it belongs, and to him will be the obedience of the peoples. Baton gouvènans p ap janm sòti sou Juda, ni bwa règleman p ap janm antre pye li jis lè Schilo vini, e a li menm va parèt obeyisans a tout nasyon yo.
11 Binding his foal to the vine and his donkey's colt to the choice vine, he has washed his garments in wine and his robes in the blood of grapes. Li mare jenn bourik li ak pi bèl pye rezen an. Li lave vètman li yo nan diven, ak manto li yo nan san rezen yo.
12 His eyes are darker than wine, and his teeth whiter than milk. Zye li fonse wouj akoz diven an, e dan li blanchi nan lèt la.
13 Zebulun will dwell at the shore of the sea; he will become a haven for ships, and his border will be at Sidon. Zabulon va demere bò lanmè; li va yon pwotèj pou gwo bato yo. Lizyè l va ak Sidon.
14 Issachar is a strong donkey, crouching between the sheepfolds. Issacar se yon bourik gwo fòs k ap kouche ba nan mitan makout bèt.
15 He saw that a resting place was good and that the land was pleasant, so he bent his shoulder to the load and became a servant at forced labor. Lè li te wè ke plas repo sa a te dous, e tè a te fè l plezi, li te double zepòl li pou pote chaj yo, e li te devni yon esklav pou kòve.
16 Dan will judge his people as one of the tribes of Israel. Dan va jije pèp li kon youn nan tribi Israël yo.
17 Dan will be a serpent in the road, a viper by the path, that bites the horse's heels so that his rider falls backward. Dan va yon sèpan ki nan wout, yon koulèv avèk kòn nan chemen k ap mòde talon cheval la, pou fè chevalye li tonbe an aryè.
18 I wait for your salvation, my Father. Paske delivrans ou m ap tann, o SENYÈ.
19 Gad—raiders will raid him, but he will raid at their heels. Pou Gad, piyajè yo va piyaje li, men li va piyaje vè talon pa yo.
20 Asher's food will be rich, and he will yield royal delicacies. Pou Aser, manje li va rich, e li va pwodwi bagay ki delika e ki wayal.
21 Naphtali is a doe let loose that bears beautiful fawns. Nephthali se yon bich ki vin lage. Li donnen bèl pitit.
22 Joseph is a fruitful branch, a fruitful branch by a spring; his branches run over the wall. Joseph se yon branch ki donnen fwi; yon branch avèk fwi toupre yon sous. Branch li yo kouri sou yon miray.
23 The archers bitterly attacked him, shot at him, and harassed him severely. Achè yo te atake avèk rayisman, yo te tire sou li e yo te anmède li;
24 Yet his bow remained unmoved; his arms were made agile by the hands of the Mighty One of Jacob—our Father—from there comes the Shepherd, the Stone of Israel. men banza li te rete fèm, e bwa li yo te fò; depi nan men Toupwisan Jacob la (depi la se Bèje a, Wòch Israël la),
25 By the God of your father who will help you, by El Shaddai—the Almighty, our Father—who will bless you with blessings of heaven above, blessings of the deep that crouches beneath, blessings of the breasts and of the womb. Depi nan Bondye a papa ou ki bay ou soutyen an; Toupwisan an ki beni ou avèk benediksyon anwo nan syèl la, benediksyon ki sòti nan fon ki anba a, e benediksyon tete matris ak vant ki te fè ou a.
26 The blessings of your father are mighty beyond the blessings of my ancestors, reaching to the riches of the everlasting hills. May they be on the head of Joseph, and on the brow of him who was set apart from his brothers. Benediksyon a papa ou yo gen tan fin depase sila a zansèt pa m yo jis rive nan limit kolin ki dire pou tout tan yo. Yo va rete sou tèt a Joseph, sou kouwòn a tèt ki byen distenge pami frè li yo.
27 Benjamin is a ravenous wolf, in the morning devouring the prey and at evening dividing the spoil." Benjamin se yon lou voras; nan maten li va devore sa ke li kenbe, e nan aswè, li va divize piyaj la.”
28 All these are the twelve tribes of Israel; this is what their father said as he blessed them, each with the blessing fitting him. Tout sa yo se douz tribi Israël yo, e se sa ke papa yo te di yo lè li te beni yo. Li te beni yo, yo chak avèk yon benediksyon ke yo te merite.
29 He commanded them: "I am being gathered to my people. Bury me with my fathers in the cave in Ephron the Hittite's field, Konsa, li te bay yo chaj, e li te di yo: “Mwen prèt pou ranmase vè moun mwen yo. Antere mwen avèk zansèt mwen yo nan kav ki nan chan Éphron a, Etyen an,
30 in the cave in the field at Machpelah, east of Mamre in Canaan, which Abraham bought along with the field from Ephron the Hittite as a burial place. nan kav ki nan chan Macpéla a, ki avan Mamré nan peyi Canaan an, ke Abraham te achte ansanm avèk chan nan men Éphron, Etyen an pou yon plas antèman.
31 There they buried Abraham and Sarah his wife; there they buried Isaac and Rebekah his wife; and there I buried Leah, “La menm yo te antere Abraham avèk madanm li Sarah, la yo te antere Isaac avèk madanm li Rebecca, e se la mwen te antere Léa;
32 the field and the cave that is in it were bought from the Hittites. chan an avèk kav ki ladann nan, te achte nan men fis a Heth yo.”
33 Jacob finished commanding his sons, drew his feet into the bed, breathed his last, and was gathered to his people." Lè li te fin chaje fis li yo, li te rale pye li anndan kabann nan, li te respire dènye souf li, e li te vin ranmase vè moun li yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]