Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Genesis 50 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Joseph bent over his father's face and wept over him and kissed him. Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li.
2 Then Joseph ordered the physicians who served him to embalm his father. So the physicians embalmed Israel. Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël.
3 Forty days were needed, the usual time for embalming; Egyptians wept for him seventy days. Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te kriye pou li pandan swasanndi jou.
4 When his days of mourning passed, Joseph spoke to Pharaoh's household: "If I have found favor with you, please speak to Pharaoh: Lè jou doulè pou li yo te fin pase, Joseph te pale a lakay Farawon, e te di: “Si koulye a mwen jwenn favè nan zye nou, souple, pale avèk Farawon, e di:
5 My father made me swear, "I am dying; bury me in the tomb I cut for myself in Canaan." Please let me go up now and bury my father, then I will return." Papa m te fè m sèmante e te di: ‘Gade byen, mwen prèt pou mouri. Nan tonm mwen ke m te fouye pou mwen menm nan peyi Canaan an, se la nou va antere mwen.’ Alò, pou sa, kite mwen monte pou antere papa m; epi mwen va retounen.”
6 And Pharaoh said, "Go up and bury your father, as he made you swear." Farawon te di: “Ale monte antere papa ou, jan li te fè ou sèmante a.”
7 Joseph went up to bury his father; with him went all Pharaoh's servants, his household's elders, and all the elders of the land of Egypt, Alò, Joseph te monte pou antere papa li, e avèk li te monte tout sèvitè a Farawon yo, ansyen lakay li yo, ak tout ansyen a peyi Égypte yo.
8 and all Joseph's household, his brothers, and his father's household. Only their children, flocks, and herds were left in the land of Goshen. Tout lakay Joseph avèk frè li yo, ak lakay papa li te ale. Yo te kite sèlman timoun yo, bann mouton yo ak twoupo yo nan peyi Gosen an.
9 Chariots also and horsemen went up with him. It was a very great company. Osi te monte avèk li, cha yo avèk chevalye yo. Epi se te yon gran konpanyen.
10 They came to the threshing floor of Atad, beyond the Jordan, and mourned there with a great, very heavy lament; Joseph observed seven days of mourning for his father. Lè yo te vin nan glasi vannen kote Athad la, glasi ki lòtbò Jourdain an, yo te fè anpil kriye avèk gwo lamantasyon byen tris. Li te obsève sèt jou lamantasyon pou papa li.
11 When the inhabitants of the land, the Canaanites, saw the mourning at the threshing floor of Atad, they said, "This is a bitter mourning by the Egyptians." Therefore the place was named Abel-mizraim; it is beyond the Jordan. Alò, lè abitan nan peyi a, Kananeyen yo te wè lamantasyon sa a nan glasi vannen Athad la, yo te di: “Sa se yon lamantasyon trè di pou Ejipsyen yo.” Pou rezon sa a, yo te rele li Abel-Mitsraïm, ki vle di lòtbò Jourdain an.
12 His sons did for him as he had commanded them. Se konsa fis li yo te fè pou li jan li te kòmande yo a;
13 His sons carried him to the land of Canaan and buried him in the cave of the field of Machpelah, which Abraham bought from Ephron the Hittite as a burial site, facing Mamre. paske fis li yo te pote li nan peyi Canaan an. Yo te antere li nan kav kote chan a Macpéla a avan Mamré, ke Abraham te achte ansanm avèk chan an pou yon kote antèman nan men Éphron, Etyen an.
14 After burying his father, Joseph returned to Egypt with his brothers and all who had gone up with him to bury his father. Apre li te antere papa li, Joseph te retounen an Égypte—li menm, frè li yo, ak tout moun ki te monte avèk li pou antere papa li yo.
15 Joseph's brothers, seeing their father was dead, said, "What if Joseph hates us and repays us for all the harm we did to him?" Lè frè a Joseph yo te wè ke papa yo te mouri, yo te di: “Kisa ki va rive si Joseph toujou pote lahèn kont nou, e deside fè vanjans pou sa nou te fè l la?”
16 So they sent a message to Joseph, saying, "Your father gave this command before he died: Epi yo te voye vè Joseph e te di: “Papa ou te pase lòd avan li te mouri. Li te di:
17 Tell Joseph: 'Please forgive your brothers' offense and sin—they did evil to you.' Now please forgive the offense of the servants of the God of your father." Joseph wept when they spoke to him. ‘Konsa ou va di a Joseph: Souple, mwen mande ou padon pou transgresyon a frè ou yo avèk peche pa yo, paske yo te fè ou tò.’ Koulye a, souple, padone transgresyon sèvitè Bondye a papa ou yo.” Epi Joseph te kriye lè yo te pale avèk li.
18 His brothers also came and fell down before him and said, "Look, we are your servants." Frè li yo anplis, te vin tonbe ba devan li, e yo te di: “Gade byen, nou se sèvitè ou.”
19 But Joseph said to them, "Don't be afraid, for am I in the place of our Father? Konsa, Joseph te di yo: “Pa pè; èske mwen nan plas Bondye?
20 You meant evil against me, but our Father meant it for good, to save the lives of many people, as is happening today. Pou nou menm, nou te anvizaje mal kont mwen, men Bondye te anvizaje sa ki bon pou Li ta kapab fè rive rezilta ke nou wè koulye a devan nou an, pou L ta kapab prezève vi a anpil moun.
21 Now, don't be afraid; I will provide for you and your children." So he comforted them, speaking to their hearts. Pou sa, pa pè. Mwen va fè pwovizyon pou nou avèk pitit nou yo.” Li te rekonfòte yo e li te pale avèk tandrès avèk yo.
22 So Joseph remained in Egypt, he and his father's family. And Joseph lived 110 years. Alò, Joseph te rete an Égypte, li menm avèk lakay papa li, epi Joseph te viv pandan san-dis ane.
23 Joseph saw Ephraim's children to the third generation; Machir son of Manasseh's children were also born on Joseph's knees. Joseph te wè twazyèm jenerasyon nan fis Ephraim yo, e anplis, fis a Makir yo, fis a Manassé a te fèt sou jenou a Joseph.
24 Joseph said to his brothers, "I'm dying, but our Father will surely come to help you and bring you up from this land to the land he swore to Abraham, to Isaac, and to Jacob." Joseph te di frè li yo: “Mwen prèt pou mouri men Bondye va asireman pran swen nou, e Li va fè nou sòti nan peyi sa a vè peyi ke li te pwomèt nan sèman li a Abraham, Isaac, ak Jacob la.”
25 Then Joseph made Israel's sons swear: "Our Father will surely come to help you; carry my bones up from here." Konsa, Joseph te fè fis Israël yo sèmante. Li te di: “Anverite, Bondye va pwoteje nou, e nou va pote zo mwen monte kite isit la.”
26 Joseph died at 110 years old. They embalmed him and placed him in a coffin in Egypt. Alò, Joseph te mouri nan laj san-dis ane. Li te anbome e yo te plase li nan yon sèkèy an Égypte.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]