Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 These are the names of Israel's sons who came to Egypt with Jacob, each with his household: Alò sa yo se non fis Israël yo ki te vini an Égypte avèk Jacob; yo chak te vini avèk fanmi pa yo:
2 Reuben, Simeon, Levi, and Judah, Ruben, Siméon, Lévi, Juda,
3 Issachar, Zebulun, and Benjamin, Isacar, Zabulon, Benjamin,
4 Dan and Naphtali, Gad and Asher. Dan, Nephthali, Gad, ak Aser.
5 All who descended from Jacob were seventy people; Joseph was already in Egypt. Tout moun ki te sòti nan zantray Jacob yo te swasann-dis moun, men Joseph te deja an Égypte.
6 Then Joseph died, and all his brothers, and all that generation. Joseph te mouri, ni tout frè li yo avèk tout jenerasyon sila a.
7 But Israel's people were fruitful, swarmed, multiplied, and grew immensely strong, till the land was filled with them. Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.
8 Now a new king came to power in Egypt, who did not know Joseph. Alò yon wa tounèf ki pa te konnen Joseph te vin leve sou Égypte.
9 He said to his people, "Look, the Israelites are more numerous and powerful than we are. Li te di a pèp pa li a: “Gade byen, moun a fis Israël yo vin plis, e pi fò ke nou.
10 Come, let's deal shrewdly with them, or they'll multiply, and if war comes, they'll join our enemies, fight us, and leave the land." Vini, annou aji avèk sajès avèk yo, sinon yo va miltipliye, e si gen lagè, yo va fè alyans avèk sa ki rayi nou yo, pou goumen kont nou e kite peyi a.”
11 So they set taskmasters over them to crush them with forced labor, building Pharaoh's supply cities: Pithom and Rameses. Konsa, yo te chwazi sipèvizè sou yo pou aji di avèk yo pou fè yo travay pi rèd. Yo te bati pou Farawon vil Pithom avèk Ramsès yo pou konsève sereyal.
12 But the more the Egyptians oppressed them, the more the Israelites multiplied and spread out, until the Egyptians dreaded Israel's people. Men plis ke yo t ap aflije yo, plis ke yo t ap ogmante, e plis yo t ap grandi. Konsa Ejipsyen yo te vin gen gwo laperèz pou fis Israël yo.
13 So the Egyptians ruthlessly made the people of Israel work as slaves. Yo te vin fòse fis Israël yo travay di.
14 They made their lives bitter with hard labor in mortar and brick and all kinds of field work. In all their harsh labor the Egyptians worked them ruthlessly. Yo te fè vi yo vin amè avèk travay di nan mòtye avèk brik, e ak tout kalite travay nan chan an. Tout se te kòve ke yo te enpoze byen rèd sou yo.
15 Then the king of Egypt said to the Hebrew midwives, one named Shiphrah and the other Puah, Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua.
16 "When you assist the Hebrew women in childbirth, watch at the birthstool: if it's a son, kill him; but if a daughter, let her live." Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
17 But the midwives feared our Heavenly Father and did not do as Egypt's king commanded them; they let the boys live. Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
18 So the king of Egypt called the midwives and said to them, "Why have you done this, letting the boys live?" Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
19 The midwives told Pharaoh, "Hebrew women aren't like Egyptian women—they're vigorous, giving birth before the midwife arrives." Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
20 So our Father was good to the midwives, and the people multiplied and grew very strong. Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò.
21 And because the midwives feared our Father, he gave them households of their own. Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.
22 Then Pharaoh commanded all his people, "Throw every son born to the Hebrews into the Nile, but let every daughter live." Alò Farawon te kòmande tout pèp li a e te di: “Chak fis ki ne, nou va jete l nan lariviyè Nil lan, e chak fi nou va kenbe l vivan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]