Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now a man from the house of Levi went and married a daughter of Levi. Alò, yon mesye lakay Lévi te marye avèk yon fi Lévi.
2 The woman conceived and bore a son; seeing he was healthy, she hid him three months. Fanm nan te vin ansent, li te fè yon fis. Lè l te wè ke li te byen bèl, li te kache li pandan twa mwa.
3 Unable to hide him longer, she got a papyrus basket, coated it with tar and pitch, put the child in, and set it among the reeds on the Nile's bank. Men lè li pa t kab kache li ankò, li te pran yon panyen wozo, e li te kouvri li avèk goudwon ak gòm rezen. Konsa, li te mete pitit la ladann, e te plase li pami wozo yo akote lariviyè Nil lan.
4 His sister stood at a distance to see what would happen to him. Sè li a te kanpe nan yon distans, pou wè kisa ki kab rive li.
5 Pharaoh's daughter went down to bathe at the Nile, her maids walking along the Nile. She saw the basket among the reeds, sent her maid to get it. Fi a Farawon an te vin desann pou benyen nan Nil lan avèk sèvant li yo e yo t ap mache akote Nil lan. Konsa, li te wè panyen an pami wozo yo. Li te voye sèvant li an pou pote bay li.
6 She opened it, saw the child—a baby boy, crying. Her heart went out to him, and she said, "This is one of the Hebrew children." Lè li te ouvri li; li te wè pitit la, e gade byen, li t ap kriye. Konsa, li te gen pitye pou li e te di: “Sa se youn nan pitit Ebre yo.”
7 His sister asked Pharaoh's daughter, "Should I call a Hebrew woman to nurse the child for you?" Epi sè li a te di a fi Farawon an: “Èske mwen ta dwe al chache yon fanm nouris pami fanm Ebre yo pou ou pou l ka ba li tete pou ou?”
8 "Yes, go," Pharaoh's daughter answered. So the girl went and called the child's mother. Epi fi a Farawon an te di li: “Ale”. Konsa, fi a te al rele manman a pitit la.
9 Pharaoh's daughter told her, "Take this child and nurse him for me; I'll pay your wages." The woman took the child and nursed him. Epi fi a Farawon an te di li: “Pran pitit sa a ale, bay li tete pou mwen e mwen va ba ou salè ou.” Epi fanm nan te pran pitit la e li te bay li tete.
10 The boy grew; she brought him to Pharaoh's daughter, who adopted him, naming him Moses: "Because I drew him from the water." Pitit la te grandi, li te pote li bay fi a Farawon an, li te devni fis li. Li te bay li non Moïse, e li te di: “Akoz ke m te rale li sòti nan dlo a.”
11 In those days Moses grew up, went out to his people, saw their burdens, and saw an Egyptian striking a Hebrew, one of his relatives. Li te vin rive nan jou sa yo ke lè Moïse te fin grandi, li te sòti vè frè li yo, e li te wè fàdo yo. Li te wè yon Ejipsyen ki t ap bat yon Ebre, youn nan frè li yo.
12 He glanced around and, seeing no one, killed the Egyptian and hid him in the sand. Alò li te gade toupatou e lè l pa t wè pèsòn, li te touye li, e li te kache li nan sab la.
13 Next day he went out, saw two Hebrews fighting, and asked the offender, "Why hit your companion?" Li te sòti nan pwochen jou a, e gade, de Ebre t ap goumen youn avèk lòt. Li te di a sa ki gen tò a: “Poukisa ou ap frape pwochen ou an?”
14 He said, "Who made you ruler and judge over us? Are you thinking of killing me as you killed the Egyptian?" Moses was afraid and thought, "Indeed, the matter is known." Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”
15 Pharaoh heard and sought to kill Moses; he fled from Pharaoh, settled in the land of Midian, and sat by a well. Lè Farawon te tande afè sila a, li te eseye touye Moïse. Men Moïse te sove ale de prezans li, li te vin demere nan peyi Madian, e li te vin chita la akote yon pwi.
16 Midian's priest had seven daughters; they came to draw water and fill the troughs to water their father's flock. Alò, prèt Madian an te gen sèt fi. Yo te vin rale dlo e te ranpli veso yo pou bay bann mouton papa yo dlo.
17 When the shepherds came and drove them away, Moses got up, rescued them, and watered their flock. Bèje yo te vin pouse yo ale, men Moïse te kanpe pou ede fi yo, e te bay bann mouton pa yo bwè.
18 When they returned to their father Reuel, he asked, "Why have you come back so early today?" Lè yo te vin kote Réuel, papa yo, li te di: “Poukisa nou gen tan tounen tèlman vit konsa jodi a?”
19 They said, "An Egyptian saved us from the shepherds, even drew us water and watered the flock." Yo te di: “Yon Ejipsyen te delivre nou anba men a bèje yo, e anplis, li te menm rale dlo pou nou e te bay bann mouton an dlo.”
20 "Where is he?" he asked his daughters. "Why did you leave the man? Call him to eat." Li te di fi li yo: “Alò, kibò li ye? Poukisa nou te kite mesye sa a dèyè? Envite li vin manje yon bagay.”
21 Moses agreed to stay with the man, who gave his daughter Zipporah to Moses in marriage. Moïse te dakò rete avèk mesye a, e li te bay fi li, Séphora a Moïse.
22 She bore a son; Moses named him Gershom, saying, "I have been a foreigner in a foreign land." Konsa, li te bay nesans a yon fis e li te nonmen li Guerschom, paske li te di: “Mwen te yon vwayajè nan yon peyi etranje.”
23 Long after, Egypt's king died. Israel's sons groaned from slavery, cried out; their cry rose to our Father from slavery. Alò li te vin rive nan jou sa yo ke wa Égypte la te mouri. Epi fis Israël yo t ap fè gwo souf e t ap kriye akoz esklavaj la. Alò, kri pa yo akoz esklavaj sila a, te leve rive jwenn Bondye.
24 Our Father heard their groaning, and he remembered his covenant with Abraham, with Isaac, and with Jacob. Konsa, Bondye te tande plent pa yo, epi Bondye te sonje akò Li avèk Abraham, Isaac, ak Jacob.
25 Our Father looked on the Israelites, and he understood. Bondye te wè fis Israël yo, e Bondye te konprann.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]