Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Moses was shepherding the flock of his father-in-law Jethro, priest of Midian. He led the flock to the far side of the wilderness and came to Horeb, the mountain of our Father. Alò, Moïse t ap swiv bann mouton Jétro a, bòpè li, prèt Madyan an. Li te mennen bann mouton an vè fas lwès nan dezè a, e li te vini Horeb, sou mòn Bondye a.
2 There the messenger of our Father appeared to him in a fire flaming from within a bush. Moses looked: the bush was blazing but not consumed. Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.
3 Moses said, "Let me go over and see this extraordinary sight—why the bush isn't burning up." Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”
4 When our Father saw he had turned aside to look, he called to him from within the bush, "Moses, Moses!" Moses said, "Here I am." Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!” Li te di: “Men Mwen.”
5 He said, "Don't come closer. Take your sandals off your feet, for the ground you're standing on is holy." Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.”
6 He said, "I am your Father, the God of Abraham, of Isaac, and of Jacob." Moses hid his face, for he was afraid to look at our Father. Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.” Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.
7 Then our Father said, "I have truly seen my people's suffering in Egypt, heard their cry under their slave drivers, for I know their hardships. SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.
8 So I've come down to rescue them from Egypt's grip and bring them up from that land to a good, spacious land—a land flowing with milk and honey—to the place of the Canaanites, Hittites, Amorites, Perizzites, Hivites, and Jebusites. Konsa, Mwen te desann pou delivre yo anba pouvwa Ejipsyen yo, pou mennen yo monte kite peyi sa a pou rive nan yon bon peyi byen vast, yon peyi k ap koule lèt ak myèl, nan plas kote Kananeyen yo avèk Etyen yo, Amoreyen yo avèk Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo.
9 Now the cry of Israel's people has reached me, and I've seen the oppression the Egyptians oppress them with. Alò, gade byen kri fis Israël yo gen tan rive devan M. Anplis, Mwen te wè avèk ki opresyon Ejipsyen yo ap oprime yo a.
10 Now go—I'm sending you to Pharaoh, to bring my people, Israel's sons, out of Egypt." Pou sa, vin koulye a, e Mwen va voye ou kote Farawon, pou ou kapab mennen fis Israël yo soti an Égypte.”
11 Moses said to our Father, "Who am I to go to Pharaoh and bring the Israelites out of Egypt?" Men Moïse te di Bondye: “Kilès mwen ye, pou mwen ta ale kote Farawon, e pou m ta mennen fis Israël yo soti an Égypte?”
12 He said, "I will surely be with you. This is your sign that I have sent you: when you bring the people out of Egypt, you will worship your Father on this mountain." Li te di: “Anverite, Mwen va avèk ou. Men sign a ou menm ke se Mwen ki te voye ou; lè ou fin mete pèp la deyò Égypte, ou va adore Bondye sou mòn sila a.”
13 Then Moses said to our Father, "If I go to Israel's people and tell them, 'The God of your fathers sent me to you,' and they ask me, 'What is his name?'—what do I tell them?" Epi Moïse te reponn Bondye: “Gade byen, lè m ale kote fis Israël yo, e Mwen va di yo: ‘Bondye a zansèt nou yo te voye mwen vè nou.’ Alò, yo kab petèt di mwen: ‘Kòman yo rele Li?’ Kisa m ap di yo?”
14 Our Father told Moses, "I AM WHO I AM." Then he said, "Tell the Israelites: 'I AM has sent me to you.'" Bondye te di a Moïse: “Mwen Se ke Mwen Ye!” epi Li te di: “Konsa ou va pale a fis Israël yo: ‘Mwen Se te voye mwen kote nou.’”
15 Our Father also told Moses, "Tell the Israelites: 'Your Father—the God of Abraham, Isaac, and Jacob—has sent me to you.' This is my name forever, and how I am remembered in every generation. Bondye, anplis ke sa te di a Moïse: “Konsa ou va di a fis Israël yo, ‘SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, e Bondye a Jacob la, te voye mwen vin kote nou.’ Sa se non Mwen pou tout tan, e sa se non Mwen k ap nan memwa a tout jenerasyon yo.
16 Go, gather Israel's elders and tell them: your Father—the God of Abraham, Isaac, and Jacob—appeared to me and said: I have surely watched over you, and seen what is done to you in Egypt, ‘Ale rasanble tout ansyen an Israël yo ansanm e di yo: SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo a, Bondye Abraham nan, Isaac, ak Jacob la, te parèt kote mwen e te di: “Mwen anverite te vizite nou menm, e Mwen te wè sa k ap fèt a nou menm an Égypte la.
17 I have promised to bring you up out of Egypt's misery to the land of the Canaanites, the Hittites, the Amorites, the Perizzites, the Hivites, and the Jebusites—a land flowing with milk and honey. “‘Epi Mwen te di: ‘Mwen va mennen nou soti deyò pou kite afliksyon Égypte la, pou rive nan peyi ki pou Kananeyen yo, Etyen yo, Amoreyen yo ak Ferezyen yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo nan yon peyi ki koule lèt ak myèl.’”
18 They will listen to you. You and Israel's elders must go to Egypt's king and tell him, 'the Father of the Hebrews has met us. Now please let us travel three days into the wilderness to sacrifice to our Father.' “Yo va koute sa ke ou di yo a. Konsa, ou menm avèk ansyen an Israël yo va vin kote wa Égypte la, e nou va di li: ‘SENYÈ a, Bondye a Ebre yo, te rankontre ansanm avèk nou. Pou sa, souple, kite nou fè yon vwayaj distans a twa jou nan dezè a, pou nou kapab fè sakrifis a SENYÈ a, Bondye nou an.’
19 But I know Egypt's king won't let you go unless by a mighty hand. Men Mwen konnen ke wa Égypte la p ap kite nou ale, sof ke pa lafòs.
20 I will reach out my hand and strike Egypt with all the wonders I do there; then he will release you. “Pou sa Mwen va lonje men M pou frape Égypte avèk tout zèv etonan ke Mwen va fè nan mitan tout sa. Epi apre sa, li va kite nou ale.
21 I will make the Egyptians favor this people, so when you leave, you won't go empty-handed. “Mwen va bay favè a pèp sa a devan zye Ejipsyen yo, e sa va fè ke lè nou prale, nou p ap soti men vid.
22 Each woman must ask her neighbor and the woman living in her house for silver and gold items and clothing, and dress your sons and daughters with them. So you will plunder the Egyptians." Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]