Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Exodus 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Moses replied, "But they won't believe me or listen to my voice, for they'll say, 'Our Father did not appear to you.'" Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”
2 Our Father said to him, "What is that in your hand?" He said, "A staff." SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?” Epi li te di: “Yon baton.”
3 He said, "Throw it to the ground." He threw it to the ground, and it became a snake, and Moses ran from it. Li te di: “Jete l atè.” Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.
4 But our Father said to Moses, "Reach out your hand and grab it by the tail"—he reached out his hand, caught it, and it became a staff in his hand. Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.” Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.
5 "that they may believe that your Father, the God of their fathers—of Abraham, of Isaac, and of Jacob—has appeared to you." “Pou yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”
6 Then our Father told him, "Put your hand in your cloak." So he did, and when he pulled it out, his hand had a skin disease, white as snow. SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj.
7 He said, "Put your hand back in your cloak." He did, and when he took it out, it was restored, like the rest of his flesh. Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.
8 "If they will not believe you or listen to the first sign, they may believe the second sign. “Si yo pa kwè ou ni resevwa temwayaj premye sign lan, yo ka petèt kwè temwayaj dènye sign lan.
9 If they still won't believe these two signs or listen to your voice, take water from the Nile and pour it on dry ground; the water taken from the Nile will become blood on the dry ground." Men si yo pa kwè menm de sign sa yo ni koute sa ou di a, alò, ou va pran kèk dlo nan lariviyè Nil lan, e vide li sou tè sèch la; epi dlo ke ou pran nan Nil lan va vin tounen san sou tè sèch la.”
10 But Moses said to our Father, "Please, my Sovereign Father, I've never been good with words, not before nor since you've spoken to your servant, for I'm slow of speech and slow of tongue." Moïse te di a SENYÈ a: “Souple, SENYÈ, mwen pa t janm yon moun ki fò nan pale, ni nan tan sa a, ni nan tan pase, ni depi Ou te pale a Sèvitè ou a, paske mwen lan nan pale, e mwen lan nan langaj.”
11 Then our Father said to him, "Who gave man his mouth? Who makes him mute or deaf, seeing or blind? Isn't that I, your Father? SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?
12 Now go, and I will be with your mouth and will teach you what to say." Alò ale, e Mwen menm, Mwen va avèk bouch ou, pou enstwi ou nan kisa ou gen pou di.”
13 But he said, "Please, my Sovereign Father, send someone else." Men li te di: “Souple, Senyè, koulye a voye mesaj la pa nenpòt lòt moun ke ou pito.”
14 Then our Father's anger flared against Moses. He said, "Isn't Aaron your brother, the Levite? I know he speaks well. Even now he's coming out to meet you, and he'll rejoice in his heart when he sees you. Konsa, lakòlè SENYÈ a te brile kont Moïse, e Li te di: “Èske pa gen frè ou a, Aaron, Levit la? Mwen konnen ke li konn pale avèk fasilite. E anplis de sa, gade, l ap vin rankontre ou. Lè li wè ou, kè li va kontan.
15 Speak to him; put the words in his mouth. I will be with your mouth and his, and teach you both what to do. “Ou gen pou pale avèk li, e mete pawòl yo nan bouch li. Mwen va avèk bouch pa w ak bouch pa l, e Mwen va enstwi ou kisa ou gen pou fè.
16 He will speak for you to the people, be your mouth, and you will be like God to him. “Anplis de sa, li va pale a pèp la pou ou. Li va tankou bouch ou, e ou va tankou Bondye pou li.
17 And take this staff in your hand and use it to perform the signs." Ou va pran nan men ou baton sila a; avèk li ou va fè sign yo.”
18 Moses returned to his father-in-law Jethro and said, "Let me go back to my brothers in Egypt to see if they're still alive." Jethro said, "Go in peace." Konsa, Moïse te pati e te retounen vè Jéthro, bòpè li a. Li te di li: “Souple, kite mwen ale pou mwen kapab retounen bò kote frè m yo an Égypte, pou wè si yo toujou vivan.” Jéthro te di a Moïse: “Ale anpè.”
19 And our Father told Moses in Midian, "Go back to Egypt—all the men who wanted to kill you are dead." Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”
20 Moses took his wife and sons, put them on a donkey, and returned to the land of Egypt. Moses took the staff of our Father in his hand. Moïse te pran madanm li avèk fis li yo; yo te monte sou yon bourik e yo te retounen nan peyi Égypte la. Anplis, Moïse te pran baton Bondye a nan men l.
21 Then our Father told Moses, "When you return to Egypt, perform before Pharaoh all the wonders I gave you power to do. But I will harden his heart, so he will not let the people go. SENYÈ a te di a Moïse: “Lè ou retounen an Égypte, fè byen si ke ou fè tout mèvèy yo devan Farawon ke M te bay ou pouvwa fè yo. Men Mwen va fè kè l di pou li pa kite pèp la ale.
22 Then you are to say to Pharaoh, 'This is what our Father says: Israel is my firstborn son, Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.
23 and I say to you: let my son go to serve me. If you refuse to let him go, I will kill your firstborn son.'" Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”
24 At a lodging place on the way, our Father met him and tried to kill him. Alò li te vin rive ke nan plas lojman an sou wout la SENYÈ a te rankontre Moïse e Li te chache touye li.
25 Zipporah took a flint, cut off her son's foreskin, touched it to Moses' feet, and said, "Surely, you are a blood bridegroom to me." Konsa, Séphora te pran yon kouto wòch silèks, li te koupe prepis a fis li a; li te jete li devan pye a Moïse, e te di li: “Ou vrèman se yon mari pa san pou mwen menm.”
26 So our Father released Moses. Then she said, "A bridegroom of blood," because of the circumcision. Epi li te kite li anpè. Nan moman sa a, li te di: “Ou se yon mari pa san —akoz sikonsizyon an.”
27 Now our Father told Aaron, "Go meet Moses in the wilderness." So he went, met him at the mountain of our Father, and kissed him. Alò SENYÈ a te di a Aaron: “Ale rankontre Moïse nan dezè a.” Konsa li te ale rankontre li nan mòn Bondye a e te bo li.
28 Moses told Aaron all the words our Father had given him to deliver, and all the signs he commanded him to perform. Moïse te di Aaron tout pawòl ke SENYÈ a te voye avèk li a, ak tout sign ke Li te bay li lòd fè yo.
29 Then Moses and Aaron went and gathered all the elders of the people of Israel. Alò, Moïse avèk Aaron te ale e te reyini tout ansyen nan fis Israël yo.
30 Aaron spoke all the words our Father had spoken to Moses and did the signs before the people. Konsa, Aaron te pale tout mo ke SENYÈ a te pale bay Moïse yo. Epi li te fè tout sign yo devan zye a pèp la.
31 The people believed. Hearing that our Father had come to help Israel's people and seen their suffering, they bowed their heads and worshiped. Alò pèp la te vin kwè, lè yo te tande ke SENYÈ a te gen kè pou fis Israël yo, e ke Li te vin wè afliksyon yo. Yo te bese ba, pou te adore Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]